« Al Rihla »: Balon Koupdimond 2022

Yonn nan gwo desizyon ki te lakoz anpil chirepit ak pale anpil toupatou nan mond lan pandan premye faz Mondyal 2022 an, se lè Japon te make 2 gòl li fas a Lespay aprè balon an ta sanble sòti deyò. Men lè abit la ale verifye nan VAR la, li te di balon an pa t sòti deyò epi li tou bay gòl la. Anpil fanatik Almay ta fache kont VAR la paske se akoz VAR la otantifye gòl Japon an ki ta pral lakoz Almay pa kalifye pou faz final yo. Genyen tou plizyè gòl ki fèt nan Koup di Mond sa e aprè abit fin tcheke VAR la, li anile yo pou òjè.

Anplis kamera ki enstale sou diferan ang sou teren yo pou pèmèt VAR la bay abit ak jij de liy yo èd pou erè pa pase, balon ekip yo itilize sou teren yo nan Mondyal 2022 an jwe yon gwo wòl nan ede kò abitraj la fè yon travay san fòt ak san fòs kote. Balon yo ekipe de teknoloji modèn dènye touch. Pou w ka aprann plis de balon sa yo e wòl yo jwe nan ede mete presizyon, nou envite li rès atik la paske anpil enfòmasyon pataje ladann.

Balon ofisyèl « Al Rihla » yo itilize pou Koupdimond foutbòl lan nan Katar tèlman sofistike ke yo pa reyèlman bezwen ranpli ak lè, men se chaje yo chaje yo pito tankou yon telefòn.

Balon sa yo manifaktire pa konpani Adidas e yo ba yo non « Al Rihla » ki se yon mo arab ki vle di “vwayaje”. Balon yo gen yon detektè elektronik ki mezire done tankou vitès ak direksyon epi ki pèmèt VAR swiv boul la ak òjè yo.

Yon foto enkwayab afiche sou Reddit montre boul yo nan yon koulè flou ke yo te rechaje, tankou yon smartphone, soti nan yon tablo pou rechaje anvan yon match.

Nou evolye kite epòk lè moun t ap chèche yon ponp bisiklèt epi yo te mete yon ti lwil oswa bè sou yon ti zegwi pou gonfle yon balon foutbòl.

Selon Adidas, se yon detektè ki mache ak yon ti batri ki ka dire 6è (360 mimit) pou itilizasyon aktif, oswa jiska 18 jou san yo pa itilize.

Detektè a, ki peze sèlman 14 gram, fè li posib pou yo swiv boul la an tan reyèl. Kamera yo mete alantou teren an ede abit yo detèmine òje ak lòt dout sou kèk aksyon

Chak fwa boul la choute a pye, jwe ak tèt, lanse a men oswa menm tape, sistèm nan ranmase l nan 500 foto sou plizyè ang diferan pou chak segonn, selon deklarasyon Maximillian Schmidt, ko-fondatè ak mèt konpani KINEXON, ki te fè detektè a.

Done yo voye an tan reyèl soti nan detèktè yo nan yon Sistèm Pozisyon Lokal (LPS), ki enplike yon seri antèn etalaj ki enstale alantou teren an ki anrejistre epi estoke done yo pou itilizasyon imedya

Lè yon boul soti nan limit teren an pandan yon match epi yo voye yon nouvo boul oswa choute pou ranplase li, sistèm KINEXON la otomatikman chanje pou l kapte done nouvo boul la san okenn entèvansyon nesesè bò kote moun ki ap gade sistèm lan, selon Schmidt, ki bay yon ti apèsi enteresan nan teknoloji enkwayab sa a.

Direktè maketin FIFA, Jean-François Pathy, ta rive menm deklare ke balon « Al Rihla » a sansasyonèl, dirab e bon kalite.

Laboratwa Adidas yo itilize done ak tès solid pou fabrike sòti anndan rive deyò chak balon Al Rihla. Adidas answit teste balon sa yo kote ki gen gwo van epi sou teren ak jwè foutbòl. Balon Al Rihla bay pi wo nivo presizyon ak fyabilite sou teren jwèt la, akòz nouvo fòm pano li yo ak teksti sifas yo. Chak balon fabrike ak 20 pano. Kontrèman ak lòt balon foutbòl kote se koud yo konn koud chak moso oswa pano yo, balon sa pa gen zafè koud ak fil ditou. Se lank a baz dlo epi lakòl ki kole 20 panno yo sou vesi kawoutchou a. Gen 8 nan pano yo ki se ti triyang ki gen kote apeprè egal, epi 12 pano ki pi gwo yo gen fòm tankou yon kòn krèm glase.

Fòm chak 20 moso pano ki konstitye po balon an (speedshell) fèt pou ogmante vitès vòl ak rotasyon boul la pou pa gen pyès erè nan fason balon an lanse anlè ak lè jwè yo choute li atè.

Balon « Al Rihla » a sètifye nan nivo pro an tèm de kalite pa FIFA. Se pi gwo evalyasyon pèfòmans ki ka atribiye a yon boul. Li satisfè yon seri tès solid nan yon etablisman ki mezire diferan varyab tankou pwa, sikonferans, wonn, detant, absòpsyon dlo, ak plis ankò.
Se poutèt sa, menm lè balon Al Rihla a ta mouye ban dlo, sa pap afekte anyen.

Konsepsyon grafik balon « Al Rihla » a trè enteresan epi vibran. Li enspire pa drapo Katar ak rad blan tradisyonèl peyi arab yo.

Balon « Al Rihla »  sa disponib pou nenpòt moun ki vle ta achte l. Li koute $165 sou sit Adidas la men gen lòt kote nou ka jwenn li jouska $135 ameriken.

Adidas ak fè kado 1% nan lajan sou lavant chak balon « Al Rihla » yo a mouvman Objektif Komen an. Se yon mouvman pou mennen chanjman sosyal ak sipòte kominote foutbòl de baz atravè mond lan.


Miguel Mingolove Romain

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES