Nan mwa jen 2024, pandan li nan tèt Ministè Jenès, Espò ak Aksyon Sivik (MJSAC), minis Niola Lynn S. D. Octavius te reyini federasyon ak asosyasyon espòtif yo, jan li te pwomèt, pou adrese demann yo pou retabli sibvansyon leta ke yo pa resevwa depi 2018.
Lendi 17 janvye ki sot pase a, Minis Devalis-Octavius te enfòme antite espòtif yo sou montan sibvansyon administrativman valide ansanm ak ministè Finans lan. An menm tan, li te anonse pwojè estratejik li pou ane 2025, ki gen ladan dekrè lwa sou espò ak angajman pou entegre inisyativ espòtif yo nan bidjè rektifikatif la.
Minis la te mete aksan sou enpòtans òganize yon chanpyona entèskolè, ki pral fèt an patenarya ak Ministè Edikasyon Nasyonal, epi li te asire ke konpetisyon sa a pap limite sèlman nan foutbòl.
Nan yon entèvyou, li fè konnen pou ane 2025, sektè espòtif la ap jwi yon priyorite espesyal, san neglije domèn jenès ak aksyon sivik. Anplis, nan rapò sis mwa li nan tèt ministè a, li raple reyalizasyon enpòtan tankou rekiperasyon 71 milyon goud pou ranfòse jesyon bwat ministè a, ansanm ak renovasyon pak “Saint Victor” nan lakou Okap, ki mande yon envestisman 90 milyon goud.
Finalman, Minis la angaje tèt li nan batay pou yon ogmantasyon bidjetè, paske MJSAC, k ap opere ak sèlman 0,5% nan resous fiskal nasyonal yo, merite yon sipò finansye ki pi solid.
Gérald Bodes