Omnisports

Minis Octavius pote sipò l bay seleksyon medam U20 yo, e pwomèt poul akonpaye foutbòl ayisyen an !

Avan Grenadyè yo te kite peyi a pou Antigwa e Babuda, minis Jenès, Espò ak Asyon Sivik la (MJSAC) Niola Lynn S. D. Octavius te rann vizit ak seleksyon medanm yo nan otèl yo te ye nan lakou Pòtoprens lan.

Minis lan te manje avèk Grenadyè yo, li motive yo e mande yo pou fè briye drapo a menm jan ti mesye U 17 yo sòt fèl nan peyi Gwatemala pandan 2 semènn pase la, kote yo jwenn biyè yo pou Mondyal Kata 2025.

Minis Octavius fè medanm yo konnen moman difisil peyi a ap travèse la dwe yon sous motivasyon pou pèmèt yo rete debou. Pandan li fè yo konnen menm janm ti mesye U17 yo fèl, yo ka fèl egalman. Domaj, madi sa, Grenadyè yo elimine, yo pèdi denye match yo kont Giyana (0-1) pandan yo te bezwen match nil.

Yon lòt kote, minis Octavius te rankontre nan biwo li jedi pase a ak Gally Amazan, manb Komite nòmalizasyon foutbòl la (CN-FHF)  e Patrick Massénat, sekretè jeneral Federasyon an. Pandan rankont lan minis Octavius anonse yo ministè a pral pote soutyen li ak seleksyon yo pandan li gen pou fè yo jwen yon anvlop 75 milyon goud pou akonpanye seleksyon yo.

Yon lòt kote, li pwomèt yo yon akonpayman nan bidjè rektifikatif la pou champyona nasyonal la ansanm ak klèb yo.

Nap raple nan rankont sa, Minis Niola Lynn S. D. Octavius deside mete kanpe yon komisyon kap gen ladan manb ministè a ak Federasyon pou sipèvize travay reparasyon kap fèt nan pak Sen Viktò lan lakou Okap.

 

Gérald Bordes

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES