Omnisports

MJSAC : Jwèt eskolè 2025 yo lanse nan depatman Nòdwès !

Nan yon atmosfè chaje ak kè kontan, kote antouzyas ak enèji te ranpli lè a, Direksyon depatmantal Nòdwès la te lanse ofisyèlman Jwèt eskolè 2025 yo jedi 27 fevrye ki sot pase a. Evènman sa a, ki te òganize sou lidèship Niola Lynn S. D. Octavius ki nan tèt ninistè Jenès, Espò ak Aksyon Sivik (MJSAC) depi mwa jen 2024, te reyini plis pase yon santèn elèv ki reprezante yon trantènn lekòl nan depatman Nòdwès la. Seremoni inogirasyon an te kòmanse ak yon defile enpòtan ki te pase nan plizyè ri nan vil la, ak fanfa kote elèv yo ki tap montre koulè lekòl yo.

Defile a te dirije nan Pak Capois-la-Mort, kote de (2) lise renome, Tertulien Guilbaud ak Sténio Vincent, te afwonte nan yon match amikal pou bay ton pou evènman espòtif ki ap dire jiska 18 me 2025.

Jwèt eskolè 2025 yo pral konsantre sou foutbòl ak baskètbòl pou kategori U-15 ak U-20. Aktivite yo pral dewoule sou teren Pak Capois-la-Mort ak Pak Harold Daniel, kote jèn espòtif yo pral gen opòtinite pou montre talan yo ak espri espòtif.

Minis Niola Lynn S. D. Octavius te eksprime satisfaksyon li pou angajman direktè depatmantal yo ak tout patisipan yo. Li te mete aksan sou enpòtans pratik espò nan edikasyon jèn yo, ki pa sèlman amelyore sante fizik ak mantal, men tou ankouraje koyezyon sosyal ak disiplin.

An paralèl ak Jwèt eskolè yo, MJSAC nan yon patenarya ak Fondasyon Matana te òganize yon seri fòmasyon pwofesyonèl pou plis pase 400 jèn fi ak gason nan depatman Nòdwès. Fòmasyon sa yo, ki te dire ant 6 ak 9 mwa, te konsantre sou domèn tankou karelaj, plonbri, elektrisite, kosmetoloji, ak teknik agrikòl. Aktivite sa yo te fèt nan Sant Fòmasyon Gran Pre, epi yo te vize bay jèn yo konpetans nesesè pou yo ka antre nan mache travay ak kontribiye nan devlopman sosyal ak ekonomik peyi a.

Premye gwoup gradye yo, ki te resevwa diplòm yo 23 fevrye, te batize "Pwomosyon Jenèz 2024-2025". Minis Octavius te felisite gradye yo epi li te reyafime volonte li pou kontinye sipòte inisyativ ki ankouraje ensèsyon sosyo-pwofesyonèl jèn yo. Li te espesyalman remake enpòtans pwogram mikrofinans Fondasyon Matana, ki pral pèmèt gradye yo lanse pwòp biznis yo.

Minis Octavius te tou eksprime detèminasyon li pou travay avèk patnè nasyonal ak entènasyonal pou ankouraje patisipasyon jèn yo nan konsolidasyon lapè, retablisman sekirite, ak devlopman dirab kominote yo. Li te mete aksan sou nesesite pou miltiplye efò pou bay jèn yo ka jwenn opòtinite pou yo ka jwe yon wòl enpòtan nan sosyete a.

Evènman sa a montre klèman angajman MJSAC ak Fondasyon Matana nan devlopman jèn yo, tou de (2) nan domèn espò ak fòmasyon pwofesyonèl, pou ede yo fè fas ak defi tankou delenkans jivenil ak banditis.

 

Gérald Bordes

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES