Konkakaf U 17: kalifikasyon an toujou posib pou ti Grenadye yo

Apre viktwa ti Grenadye yo madi aprè midi 3 a 0 kont ekip Sirinam lan, epi defèt Salvadò 4 a 1 fas a advèsè yo Ondiras nan menm jou an nan aswè, ekip antrenè Angelo Jean- Baptiste lan vinn an dezyèm pozisyon nan gwoup lan

Pwochen e dènye 2 match ki ap gen pou jwe nan gwoup lan se jedi aprè midi. Kote a 5 kè, ekip Salvadò lan ak 3 pwoin menm jan ak Ayiti ap gen pou l rankontre Sirinam ki gen 0 pwen pou 2 defèt. 

Definitivman, Sirinam pa gen anyen ke li ap defan n nan konpetisyon an ankò. Se ki vle di, matematikman se fini pou yo. Tankou mounn yo ta di: yo ap gen pou yo vin n jwe pou sove lonè.

Sepandan nan match jedi aprè midi an, bò kote pa l, ekip Salvadò an ap gen desten li nan pla men l. Donk, nan sans sa, se ki sa ki k ab fèt pou yo?

Avèk 1 viktwa (devan Ayiti), 1 defèt (anfas Ondiras), yo bay 4 gòl, e yo pran 5, se ki fè. yo gen yon diferans de mwens 1. 

Premye konsiderasyon, si yo pèdi de 1 a 0 devan yon ekip Sirinam ki pa gen anyen ke yo ap defan n, donk yo ap oblije rete tan n yon defèt de 2 ou 3 a 0 de ti grenadye nou yo, pou yo kab, avèk plis gòl de diferans, avanse nan sèzyèm de final.

Dezyèm konsiderasyon, si yo fè match nil ak Sirinam, yo ap gen pou rete tan n yon defèt Dayiti, kèlkeswa eskò, anfas Ondiras pou yo k ab avanse nan dezyèm tou konpetisyon an. Men si Ayiti rive fè match nil tou kont Ondiras, se Ayiti ki ap avanse pou sèzyèm de final.

Si Salvadò genyen 1 a 0 kont Sirinam, epi Ayiti genyen tou 1 a 0 kont Ondiras, se Grenadye yo ki ap toujou dezyèm nan gwoup sa. Donk, avanse pou 1/4 de final.

Senaryo ki pi konplike an, se si ekip Salvadò an rive fè yon viktwa ak yon pakèt gòl kont Sirinam. Lè sa, Ayiti li menm ap bezwen fè yon viktwa ak plis gòl ke sa kont Ondiras. E se la ke sitiyasyon an vrèman konplike. Se vre nan espò tout ekip kapab bat yon lòt. Men, rive bat seleksyon Ondiras lan sou gwo eskò, li pa enposib, men posibilite an trè, très limite.

Donk avèk 6 pwoin, kote yo bay 10 gòl, epi pran sèlman 2 non sèlman, ekip Ondiras lan deja jwenn kalifikasyon l pou sèzyèm de final konpetisyon an, men li gen anpil chans pou li premye nan gwoup lan tou.

Kounye an, lòt plas ki rete nan gwoup lan, se ant Ayiti ak Salvadò li pwal deside jedi. Si nan premye match lan, Salvadò fè yon match nil ou rive pèdi kont Sirinam, pou Ayiti avanse, li ap tou senpleman bezwen fè yon nil tou. 

Se ki vle di: ti mesye Angelo Jean-Baptiste yo pa gen dwa fè erè jedi swa. Desten yo nan men yo. Pa jan m gen 2 san 3. Si nan kategori sa, Ayiti deja patisipe nan 2 koup di mond, pou ki sa yo pa k ab patisipe pou yon twazyèm fwa nan pwochen koup di mond ki ap fèt nan peyi Pewou nan dat 10 novanm pou rive 2 desann nan ane sa.

An ale ti mesye. Nou te fè l deja. Nou k ab fè l. E definitivman nou ap refè l ankò. Li pa lòt bagay ke: Grenadye a laso.

 

Esau Jean-Baptiste 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES