Vendredi 28 mas 2025, jimnazyòm Ayiti Cheri te tounen sant atansyon kote tout aktè espòtif ak edikatif nan depatman Lwès la te reyalize seremoni lansman ofisyèl Je Eskolè Espòtif 2025 la. Emmanuel Eliacin, direktè depatmantal Lwès Ministè Jenès, Espò ak Aksyon Sivik (MJSAC), mete aksan sou dimansyon istorik evènman sa a lè li deklare: " Yon van nouvo ap soufle nan MJSAC. "
Seremoni an te rasanble plizyè vizaj enpòtan tankou Minis Niola Lynn S. D. Octavius, pwofesè Ralph Kernizant (prezidan Federasyon ayisyèn tenis tab - FHTT), pè Jan Hoet (fondatè jimnazyòm Ayiti Cheri), plizyè kad MJSAC ak reprezantan lekòl ki te deplase pou patisipe nan lansman an.
Direktè Emmanuel Eliacin mete aksan sou efò minis Octavius ki, atravè vizyon ak lidèchip li, reyaktive Je Eskolè yo nan depatman an apre plizyè lane absans. Gras ak angajman san limit li pou jèn yo ak devlopman espò an Ayiti, minis lan mete tout mwayen nesesè pou reyalizasyon konpetisyon sa yo.
Li eksplike ke konpetisyon sa a ap reyini jèn eskolè ki gen mwens pase 17 lane nan sis (6) disiplin espòtif: atletis, baskètbòl, foutbòl, karate, tenis tab ak volebòl. Aktivite yo ap dewoule sou uit (8) sit estratejik:
* Jimnazyòm Ayiti Chéri
* Pak Anglade, Ti Gwav
* Pak Ferrus, Gran Gwav
* Pak Gérard Christophe, Leyogàn
* Pak Drapo, Akayè
* Pak Pierre-Louis, Kòniyon
* Pak Gérard Santo, Kwadèboukè
* Pak Tomasen
Pou asire siksè konpetisyon yo, responsab MJSAC yo ap distribye materyèl espòtif ak sipò ekonomik nan tout komin yo, yon angajman klè minis Octavius pran pou kore devlopman espò nan lekòl yo.
Yon volonte fèm pou devlopman espò
Pami temwayaj ki te make lansman an, nou ka site Délicieux Résiaque, direktè Institution Haïtienne de la Vie et de l’Espoir, ak Jameson Espérance, elèv filo Lise Horatius Laventure, ki mete aksan sou enpòtans Je Eskolè yo nan devlopman espò ak valorizasyon talan jèn yo.
Minis Octavius, pandan entèvansyon li, mete aksan sou wòl esansyèl espò jwe nan epanouyisman jèn yo, ranfòsman korezyon sosyal epi devlopman valè pozitif tankou disiplin ak pèseverans. "Je Eskolè yo se pa senpleman yon konpetisyon, men se yon zouti pou fòme jèn nou yo, devlope talan yo epi ba yo chans pou briye nan nivo nasyonal ak entènasyonal," se deklarasyon minis Octavius ki reyitere volonte l pou pòte plis opòtinite pou jèn ayisyen yo.
Li mete aksan sou prensip respè, tolerans ak solidarite, epi li pran angajman pou fè Je Eskolè yo tounen yon referans nasyonal nan domèn pwomosyon espò. Minis lan montre determinasyon li pou sipòte inisyativ ki ede jèn yo grandi ak valè solid.
Pou make moman istorik sa a, minis lan te remèt yon lo materyèl espòtif ak reprezantan pak Pierre-Louis Kòniyon an ki twouve l nan awondisman kwadèboukè, yon komin ki ap patisipe pou premye fwa nan Je Eskolè yo. Se yon jès ki montre volonte l pou mete espò nan lekòl yo sou yon baz solid epi pèmèt plis komin benefisye de inisyativ sa yo.
Anplis ekzibisyon ki te fèt nan sis (6) disiplin espòtif yo, minis Octavius te bay kout pye danvwa nan match futsal ki te mete fas a fas Lise Horatius Laventure ak Institution Haïtienne de la Vie et de l’Espoir match liseyen yo genyen (1-0). Aksyon sa a montre angajman li ki pa sèlman nan pawòl, men nan aksyon tou.
Aprè Nò, Nòdès, Nòdwès, ak ba epi wo Latibonit ki gentan fè lansman pa yo, depatman Lwès kontinye mete sou pye Je Eskolè 2025 la, ouvè yon nouvo paj pou espò eskolè nan peyi a.
Minis Octavius reyafime detèminasyon l pou fè espò tounen yon pilye nan edikasyon ak devlopman jèn yo.
Gérald Bordes