Nan kad angajman li anfavè ensèsyon pwofesyonèl jèn yo, minis Niola Lynn S. D. Octavius, marèn 18yèm pwomosyon Inivèsite Parodes ki gen pou non « Rezilyans », pèmèt ak 12 loreya pwomosyon an entegre Pwogram inisyasyon jènn yo nan zafè travay (Programme d’Initiation des Jeunes à l’Emploi) ki gen ti sinon PIJE.
Loreya sa yo, pral benefisye estaj nan 6 enstitisyon piblik : ministè Jenès, Espò ak Aksyon Sivik, (MJSAC), ministè Kòmès ak Endistri (MIC), ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP), ministè Fanm ak Dwa Fanm (MCFDC), ministè Tourism (MDT) ansanm ak Meri Petyonvil (MPV).
Minis Octavius, nan diskou li fè pandan seremoni gradyason an, felisite fiyèl li yo pou kouraj yo ak detèminasyon yo genyen nan fè chwa etid malgre anpil obstak ki genyen nan peyi an.
Pandan li fè yo konnen reyisit yo se yon prèv ki montre ekselans rete toujou posib an Ayiti lè jèn yo ankadre, valorize e akonpanye ak disiplin.
Yon lòt kote, minis lan egzòte fiyèl li yo pou yo rete fidèl ak prensip rigè, etik, disiplin e responsabilite paske prensip sa yo, selon li, se fondman tout karyè diy e onorab. Pandan li pwofite fè yo konnen peyi a ap tann anpil de yo pou ka leve defi devlopman nasyonal la nan lespri solidarite ak konpetans.
Nap raple seremoni gradyasyon an te fèt 3 me ki sòt pase la e loreya yo sòti nan plizyè fakilte nan inivèsite a tankou syans enfimyè, administrasyon piblik syans jiridik, jessyon, kontabilite e relasyon entènasyonal.
Gérald Bordes