Foutbòl: Ayiti 3, Bermudes 1

Se te nan yon anbyans fèt ki potko fin  selebre ke grenadye yo te afwonte ekip Bermudes la  madi 28 mas la. 

Kontrèman ak dènye match samdi a kont Montserrat kote grenadye yo te jwe an blan, pou match madi a, se te ak koulè chòt ble, mayo ble, ba ble ak tras wouj ladan yo Ayiti te abiye pou rankont lan. Tandiske Bermudes te jwe an wouj e blan.

 Match sa ki te jwe aswè  nan estad Panamericano de San Cristobal te rantre nan kad dènye konfwontasyon grenadye yo nan Lig B Nasyon yo ki nan zòn CONCACAF la. 

 Pou l te kòmanse dènye match sa, nan yon estil de 4-3-3, Direktè teknik lan Jean Jacques Pierre te fè kèk chanjman taktik nan ekip lan. Li pat gade menm fòmasyon ki te jwe e genyen samdi pase a kont seleksyon Montserrat a. Kronikè espòtif yo renmen di: "on ne change pas une équipe qui gagne."  Men, nan match denye match sa, antrenè Jean Jacques pat respekte prensip sa.

 Alexandre Pierre, Carlens Arcus, Leverton Pierre, Derrick Étienne ak Duckens Nazon te respektivman remplase pa Josué Duverger, Jeppe Simonsen, Danley Jean Jacques, Carl Fred Sainthé ak Mondy Prunier.

 Sepandan, Kapitèn Ricardo Adé, Djimy Bend Alexis, Alex Christian, Bryan Alcéus, Carnejy Antoine et Frantzy Pierrot te rete nan plas yo.

 Aprè Im nasyonal tou 2 peyi yo,  li te egzateman 6 zè lè abit santral la Melvin Orlando Matamoros, assiste de Armando Salinas ak José Miguel Bare e Adonis Carrasco Garcia te bay kout siflè pou match la kòmanse.

 Se te yon seleksyon ayisyèn ki nan premye 20 minit nan premye mitan an ki t ap eseye rantre nan match la. Antretan, ekip advès la t ap eseye defann li nan kèk kontratak.  Koyekipye Ricardo Ade yo te kontinye ap mete anpil presyon nan kan advès la. Men tout atak ofansiv sa yo pat vrèman enkyete gadyen Bermudes la. 

 Sepandan, nan yon atak ki te mennen sou bò dwat seleksyon ayisyèn lan, nan 25e minit Frandzy Pierrot ta pral enskri premye gòl pou grenady yo. Epi, 1 minit aprè, menm Frandzy Pierrot sa ta pral fè yon 2e gòl e agrave eskò match la a 2 a 0.

 Aprè sa, seleksyon Bermudes lan te ap wè kòman yo te k ab redui eskò a anvan premye mitan an te fini. Men grenadye yo te kontinye mete plis presyon toujou sou ekip  Bernudes lan. Se konsa kèlke segond anvan fen premye mitan an Carnegy Antoine ta pral ogmante eskò a 3 gòl a 0 

 Nan dezyèm mitan an, aprè kèk lòt chanjman antrenè Jean Jacques te fè depi nan vestyè a, grenadye yo ta pral pi relaks pou enpoze jwèt yo sou advèsè lan ki, de tan zan tan, bò kote pa yo te rive kreye kèlke okazyon nan match la. 

Se konsa, pandan grenadye yo t ap rate yon pakèt okazyon pou yo make plis gòl, Jai Bean nan ekip Bemudes la te pwofite  neglijans defansè ayisyen yo pou nan 74e minit te redui eskò a 3 a 1. E eskò sa te rete jiskaske match la fini.

Men li enpòtan pou n fè remake  apre 2 dènye match sa de nivo mwayen de grenadye yo kont Montserrat ak Bermudes, 2 ekip de ba nivo nan Lig B an, antrenè Jean Jacques ap gen anpil travay pou l fè ankò anvan yo ale nan Gold Cup lan ki ap jwe an jiyè pwochen nan peyi Etazini.  

E pou ki pa, monte nivo an pou yo k ab non sèlman rete nan Lig A, men prepare ak mete sou pye yon ekip nan nivo lòt advèsè ki ap nan eliminatwa pwochen koup di mond 2026 lan.  

Sitou avèk yon koup di mond ki non sèlman ap fèt ak plis ekip, men nan 3 peyi ki toujou ap anpeche Ayiti jwenn kalifikasyon nan yon dènye mondyal yo. Donk, ak plis plas pou peyi nan rejyon CONCACAF yo, ajoute ak absans de Etazini, Canada ak Mexique nan eliminatwa koup di mond la, si Ayiti pa kalifye fwa sa, se ap vrèman yon okazyon rate pou grenadye yo.  

 

Esau Jean-Baptiste

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES