Madi 3 jen 2025, Minis Jenès, Espò ak Aksyon Sivik la, Niola Lynn S. D. Octavius, ansanm ak Direktè Jeneral ministè a, Nathan Laguerre, te rankontre reprezantan asosyasyon ak federasyon espòtif yo pou mete an plas mobilizasyon nasyonal pou premye edisyon Jounen Nasyonal Aktivite Fizik ak Espò, ki fikse pou dat 15 jen 2025.
Desizyon sa a soti nan yon arete Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ak Gouvènman an te adopte nan kòmansman mwa me 2025, kote yo mete 15 jen kòm jou espesyal pou selebre aktivite fizik ak espò, nan onè eksplwa eksepsyonèl Grenadye 1974 yo nan Mondyal foutbòl Almay la. Se te nan okazyon sa a Manno Sanon te mete fen ak 1143 minit kote gadyen Italyen an, Dino Zoff, pa t resevwa okenn gòl, sou yon pas Philippe Vorbe.
Pandan rankont lan, Minis Octavius lanse yon apèl bay tout lidè espòtif pou yo mete men ansanm pou asire jounen sa a fèt nan tout kwen nan peyi a. Li envite yo fè pwomosyon ak mete an aplikasyon arete 30 avril la ki mete 15 jen kòm dat ofisyèl selebrasyon an.
Pou direktè jeneral ministè a, Nathan Laguerre, sa se yon okazyon pou mete espò ak aktivite fizik nan sant enterè popilasyon an. Li anonse gen plizyè aktivite ki pral fèt sou tout teritwa nasyonal la jou 15 jen an. Li prezante tou tèm ofisyèl jounen an:
“Aktivite fizik ak espò, yon zouti enpòtan pou lasante ak byennèt tout moun.”
Rprezantan federasyon ak asosyasyon espòtif yo te eksprime satisfaksyon yo fas ak inisyativ sa a. Yo felisite Konsèy Prezidansyèl la ak Gouvènman pou desizyon an, epi yo pwopoze eslogan pou jounen an, tankou:
“ Fè espò se pi bon mwayen pou n rete an sante”
“Sante m se priyorite m, ann bouje”
“Ann fè espò pou n viv lontan”
“Pa pran dwòg, fè espò”
Rankont lan te tou yon okazyon pou diskite sou lòt sijè enpòtan ki gen rapò ak devlopman espò nan peyi a, tankou:
* Ranfòsman kowòdinasyon sou konpetisyon espòtif eskolè yo
* Devlopman pwogram anyèl federasyon ak asosyasyon yo
* Akonpayman teknik ak lojistik pou jèn atlèt yo
Reprezantan espòtif yo te pwofite felisite Minis Octavius pou ouvèti li montre, epi yo eksprime volonte pou kontinye travay nan tèt kole ak Ministè a pou mete Ayiti sou chimen devlopman espòtif tout sitwayen ap reve a. Objektif la se pou peyi a gen plis atlèt ki kapab reprezante li ak fyète sou sèn entènasyonal la, pandan y ap mete espò kòm yon zouti pou transfòmasyon sosyal.
Gérald Bordes