Vandredi 13 jen 2025, nan okazyon lansman premye edisyon Jounen Nasyonal Aktivite Fizik ak Espò kap gen pou selebre chak 15 jen, minis Niola Lynn S. D. Octavius te mete aksan sou kèk gwo aksyon li mennen pandan premye ane li nan tèt Ministè Jenès, Espò ak Aksyon Sivik (MJSAC).
Minis lan remèsye Leta santral ak divès patnè teknik ki te akonpaye l nan efò pou mete ministè a sou chimen devlopman. Li te pwofite remèsye tout kad ministè a, òganizasyon jenès yo, ak jounalis espòtif yo pou angajman yo bò kote li nan misyon pou mete MJSAC plis bò kote jenès la ak espò nan peyi a.
Pami inisyativ kle minis Octavius mete sou pye pandan premye ane sa a, nou jwenn :
- Ranfòsman kapasite kad ministè a, anplwaye yo, jèn yo ak brigadye yo.
• Lansman Pwogram Apezman Sosyal Jèn yo pou Lapè ak Sekirite (PASOJEPS), ki chita sou itilizasyon espò pou bati lapè.
• Piblikasyon yon arete ki fikse 15 jen kòm Jounen Nasyonal Aktivite Fisik ak Espò nan kalandriye ofisyèl.
* Kreyasyon Komisyon Nasyonal Lit Kont Vyolans nan Espò pou ankouraje pratik espòtif ki an sekirite.
• Sipò bay plizyè òganizasyon jenès atravè peyi a.
• Òganizasyon Jwèt eskolè yo sou tout teritwa nasyonal la.
• Òganizasyon Jwèt ete yo pou angaje jèn yo pandan vakans lan.
Jounen Nasyonal Aktivite Fizik ak Espò te selebre dimanch 15 jen 2025 anba tèm "Aktivite fizik ak espò, se zouti endispansab pou lasante ak byennèt tout moun". Minis Niola Lynn S. D. Octavius ak Direktè Jeneral MJSAC la, Nathan Laguerre, te patisipe nan yon sesyon aktivite fizik ki te fèt nan lakou ministè a kòm pati nan selebrasyon an.
Gérald Bordes