Se ak anpil regrè Minis Niola Lynn S. D. Octavius konstate plizyè medya an liy ap pataje yon akizasyon kont li sou fason li jere Ministè Jenès, Espò ak Aksyon Sivik (MJSAC), san yo pa tande vèsyon pa li.
Depi semèn pase a, òganizasyon ECC ki regwoupe plizyè lòt òganizasyon kap defann dwa moun mete deyò yon rapò kote yo ta fè kwè gen koripsyon nan jesyon Minis Octavius.
De (2) jou apre piblikasyon rapò sa a, Minis lan sòti nan silans li pou denonse fason medya yo reprann enfòmasyon yo san okenn efò pou verifye kredibilite yo. Li soulve tou ke ECC pa janm kontakte li menm yon fwa pou l bay vèsyon pa li, ni pou l reponn akizasyon yo, ni pou yo mande l obsèvasyon li sou sa yo mete nan rapò a.
Minis Octavius konsidere sa kòm yon vyolasyon prensip kontradiksyon an, ki se youn nan pi gwo prensip etik nan nenpòt demach ankèt oswa rapò ki gen pou wè ak dwa moun ak bon jan jistis.
Li mete aksan sou sa pou l pa bay enpresyon li ap mete an kesyon misyon sivik yon òganizasyon tankou ECC, men li raple ke kontwòl sou fon piblik yo dwe fèt pa enstitisyon leta ki gen misyon legal sa, jan Konstitisyon an prevwa li.
Li ajoute, depi jou li pran tèt ministè a, li toujou gide aksyon li yo sou prensip etik, responsablite, transparans ak respè nòm kontabilite piblik. Pou Minis lan, travay li vize ranfòse kapasite administratif ak teknik ministè a, akonpaye òganizasyon jenès, bay bous etid, mete aksan sou sivis ak kilti, epi valorize talan jèn yo nan domèn espò.
Finalman, Madan Octavius pa mete sou kote posiblite pou l tradui tout moun kap sal repitasyon li devan lajistis, pandan li mande pou enstitisyon konpetan yo fè travay yo ak endepandans ak enpasyalite, jan lalwa ak Konstitisyon peyi a mande sa.
Gérald Bordes