Foutbòl: kote Fafa Picault?

Fafa se ti non jwèt de Fabrice Jean Picault. Misye te fèt nan Eta New-York nan peyi Etazini nan dat ki te 23 fevriye 1991. Li gen 32 zan.  

 

Aktyèlman, Fafa se yon jwè foutbòl ak anpil talan ak eksperyans pwofesyonèl ki ap jwe nan Nashville SC nan peyi Etazini.

 

Selon konsta kèk moun te fè nan dènye match li te jwe pou Ayiti nan dènye Gold Cup ki te sot fèt nan mwa jen an la nan peyi Tonton Sam, misye se yon bon mitan teren.

 

Malgre laj avanse li ki se 32 zan, mwen panse Fafa te kab ede Ayiti anpil nan pwochen konpetisyon entènasyonal yo tankou eliminatwa koup dimond 2026 ki ap fèt nan 3 peyi Amerik Nò yo.

 

An pasan, pou yon koup dimond ki ap fèt nan peyi Etazini, Mexique ak Kanada, kòm peyi òganizatè yo ap tou kalifye, donk li ta sipoze pi fasil pou Ayiti jwenn kalifikasyon l. Sitou nan yon mondyal ki ap fèt ak 48 ekip. Kote aprè Etazini, Mexique ak Kanada, 6 ladan yo ap gen pou sòti nan zòn CONCACAF lan.

 

Men pou Ayiti jwenn kalifikasyon l, fòk non sèlman dirijan Federasyon (FHF) yo, entrenè yo konnen sa yo ap fè, men fòk gen bon jwè foutbòl tou.

 

Pou prepare 2 pwochen match Ayiti ap gen pou jwe nan septanb lan kont peyi Kiba ak Jamayik nan lig A ant peyi CONCACAF yo, yè vandredi 18 out lan, nan lis de 25 jwè entrenè Gabriel Calderon Pellegrino fèk konvoke yo, non Fafa pa ladan l.

 

Antrenè a rele sèlman 4 moun nan mitan teren an. E Fafa pa konvoke. Poukisa non Fafa pa nan mitan 4 moun ki ta sipoze jwe nan mitan teren ekip nasyonal la? Èske se ekip li ki pa vle kite li ale? Èske se li ki pa vle retounen vin jwe pou ekip nasyonal la ankò? Èske se antrenè an ki pa rele l pou l vini nan gwoup la?

 

Anpil kesyon pou anpil repons. Anatandan responsab yo tankou antrenè an bay yon repons sou zafè sa ki se zafè tout peyi a, sou tout twal la, se yon sèl kesyon: Poukisa Fafa pa konvoke nan lis 25 jwè antrenè a rele?

 

Zafè lis jwè ki pou vin jwe pou peyi a pa sèlman zafè Federasyon an ak antrenè a, se zafè tout peyi a. E se konsta sa m rive fè sou rezo sosyal yo.

 

Esau Jean-Baptiste 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES