Tout elektoralis se fo nasyonalis

Paragraf sa yo m itilize nan tèks sa ta dwe kesyon pèp ayisyen kont tout elektoralis, politisyen abolocho ki toujou ap montre pèp la yo renmen l sèlman lè gen eleksyon. 

 

Si yon moun di l renmen Bon Dye alòske li rayi frè l, li se yon mantè, paske yon moun ki pa renmen frè l ke l wè, kòman l ap fè renmen Bon Dye ki nan syèl ke l pa jan m wè ditou. (1Jan 4 vèsè 20)

 

Men nan liv Matye 25 vèsè 42 ak 45, pitit lòm lan te pi dirèk toujou nan kesyon sa yo kont ipokrit, tonm blanchi, fo pwofèt, farizyen yo ki toujou ap di ke yo renmen l anpil.

 

Mwoin te grangou ou pat ban m manje. Mwen te swaf, ou p at ban m dlo. Mwen te etranje, ou p at akeyi m. Mwen te toutouni, ou pat banm rad pou m mete. Mwen te nan prizon, ou pat vin  vizite m.

 

Kòm foul li t ap anseye yo  pat kapab rive konprann pawabòl la, yo te reponn, mèt depi ki lè ou te gen tout pwoblèm sa yo e nou pat la pou ou?

 

E Jezi te reponn, an verite mwen di nou sa, a chak fwa nou pa fè sa ak moun ki pi piti pase nou yo ou ak moun ki nan bezwen sa yo, konsidere se ak mwen nou pa fè sa.

 

Jodi a se konpòtman reyaksyonè yon gwoup moun nan soyete a toujou genyen lè bandi ap touye pèp la, tèks sa vin n denonse.

 

Ou menm politisyen, entèlektyèl, jounalis, chef pati, polisye, Pastè, Prèt, pwofesè, responsab dwa moun, avoka pèp, papa pèp, manman pèp, manb HCT, elektoralis, fo nasyonalis, yo ap touye moun tout kote nan peyi a, tout kote nan katye popilè yo, ou fèmen bouch ou, ou pa di anyen. Ou pa wè, ou pa tande, se eleksyon ke w ap tann.

 

Lè se pa Bel-Air, se La Saline, se Pon wouj, se Site Solèy, se Solino, se Ri Sen Maten. etsetera, era. Jodi a se moun Kafou fèy ki nan kouri, ou pa di anyen. Ou ap tann gen eleksyon pou w vini rablabla nan zòn sa yo ak yon vye pwogram politik dwat e gòch tou mal fagote.

 

Politisyen elektoralis se fo nasyonalis. Yo pa gen kè. Yo pa janm la pou pèp lè yo gen pwoblèm. Kòm yo pa gen zye pou yo wè, ni zòrèy pou yo tande sa ki ap pase, donk se konsa ke yo pa gen bouch pou yo denonse enjistis vyolans, abi ki ap fèt sou pèp ki lague 2 bwa pandye nan katye popilè yo. 

 

Kòm elektoralis sa yo toujou ap chache bòn gras nan men pouvwa anti pèp ki an plas la, ansanm ak alye li yo nan klas ekonomik e Core Group nan kominote entènasyonal la, donk yo pa vle kanpe anfas yo pou denonse masak ki kontinye ap fèt nan katye popilè yo.

 

Donk mwen ap fini pou n di: tout entèlektyèl,  jounalis, Pastè, Prèt, aktivis, militan, chef pati politik, pwofesyonèl tout kategori, si w fèmen zye w pou w pa wè sa ki ap pase la, si w bouche zòrèy pou w pa tande, e finalman fèmen bouch pou w pa pale, konnen w se yon elektoralis ki ap tann eleksyon.

 

Men pa fatige w, lè oligachi lokal ansanm ak entènasyonal lan fin byen sèvi ak ou, li ap lage w nan kouri tankou yon vye rad sal. Li ap denonse w byen denonse. E aprè yo fin sal figi nou ak yon souflèt marasa, kòm se konsa nou toujou fè l, nou ap gen pou nou ap mache nan tout radyo pou nou ap di se pèsekisyon politik. Bann kandida 0, 1 ak 2 %. 

 

Esau Jean-Baptiste 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES