Ayisyen, kote nou ye?

Sonje se nou k pou libere tèt nou. Lè marengwen ap vole, ou pa fouti fè diferans ant mal ak femèl la. 

Nou konnen 50kòb ak 2gouden se menm yo ye. Konsa, nou pa dwe, pou okenn rezon, pran Zanana pou Sizanne.

Toujou konnen nou grangou men nou pa saf. Bèl pawòl revolisyon se pou twonpe lespri moun sèvèl wòwòt yo.

Sa fè n sonje pwojè Kontra sosyal ki pa janm rive. Li te transfòme nan yon bann avantaj pou yon ti ponyen ki plen pòch yo, lè yo fè Leta tounen manmèl bèf kote yo bwè tout lèt la jouk anpil nan yo genyen dyare. 

Pa kite yo detounen nou ak yon tyaka ki genyen tout kalte melanj ladan l. Yon alyans machiavélique, inique, cynique y ap mete devan nou tankou k ap vin sove nou anba pat gang yo. 

Atansyon alyans sa se pou pèmèt yon renouvèlman ekip dyab la pandan l ap ba nou enpresyon nou sou wout delivrans lan. Tout bandi se bandi. Bandi ayè, bandi kounye a, tout nèt se bandi. Tout se machann lanmò. Tout genyen menm patwon. Se pou sa alyans, makònay la pap difisil ditou pou fèt. 

Sa pa vle di nou pa kwè nan repantans moun. Repantans lan an jeneral dwe chita sou kèk prensip fondalnatal tankou: rekonèt sa w te fè kòm move aksyon, admèt ou te nan move wout e nan moman se chwa pa w li te ye. 

Genyen kouraj pou di tout verite sou sa k te pase yo san w pa tòdye kou verite y’a. Epi tou pa pase chifon sou moso listwa.

Yon lòt bò, li enpòtan pou nou kale je nou, louvri zòrèy nou, devlope entèlijans nou pou konnen sa pou n triye, kouman pou n triye. Paske nou dwe byen triye. 

Nou frajil anpil. Paske n ap viv move moman. N ap trimen. Sa rann nou vilnerab anpil. Pou sa, nenpòt ti van kapab pote nou ale. Nenpòt demagòg ki metrize kòd kominikasyon yo, ki konnen kouman pou yo vire lang yo kapab pran nou nan pèlen ak bèl lapawoli, ki ta vle sanble ak sa n ap sibi, sa n ap andire. 

Ou ta di vre revolisyon an sou Pòtay Leyogann. Sa k rete pou l antre sou Channmas, tankou defile kanaval pa anpil. E rantre nan palè a. 

Sa k nan kay Miso a ak sa k anvi antre nan kay sou Channmas la youn abitye bay lòt le bra deja. Sa pa ta dwe etone nou si se nan menm demach sa yo ye ankò nan lane 2024 la. 

Sa nou pa dwe janm fè, sa nou pa dwe janm aksepte se pran pèp la pou timoun. Verite a fòk li di, menm lè l ap blese. 

 

Marcel Poinsard Mondésir

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES