De ti granmoun a lajenès: apèl pou chanjman

0
229

Enfòmasyon! Nan dat 9 janvye 2024, prezidan peyi Lafrans la Emmanuel Macron te fè yon gwo bout tonton anons. Li nonmen Gabriel Attal, minis edikasyon an ki genyen sèlman 34 lane, nouvo premye minis. Macron li menm jounen jodiya ki genyen 46 lane, te vin prezidan Repiblik Franse a lè li te genyen sèlman 39 lane. Pandan tan sa nan peyi Etazini de ti granmoun, youn ki genyen swasann dizwit lane ak lòt la ki genyen katreven en lane, nan kous pou wè pou wè kiyès ki va prezidan. Yon espektak ki plis fè ou panse ak de ti granmoun k ap bave ki sou baton ki mare batay pase yon angajman pou chanjman. Ayiti li menm peyi kote m soti a yon premye minis swasann trèz lane t ap resite douvan televizyon nan koumansman ane 2024 la menm vye swè ki pa reyalize li te fè popilasyon an pou kòmansman lane 2023 ki sot pase a. Nosyon sila  yo," bios ak thanatos" ki vle di lavi ak lanmò te travèse lespri mwen menm moman. Se konsa mwen tou rele yon zanmi mwen fransè ki rele Phillipe e ki ap viv nan peyi li,  pou nou kapab fè yon ti bat bouch sou nominasyon jèn premye minis peyi li a, e pou nou kapab analize tou reyaksyon sa provoke lakay nou kòm ti granmoun, jan nou toujou fè sou tout evennman ki konsène jesyon afè piblik.

 

Nou tou de dakò sou kokenn chenn enpòtans jèn trant lane yo genyen pou sa ki gen a wè ak pwomosyon pou lavi, lajenès ak chanjman. Pandan ti granmoun yo yo menm, plis sanble lè ou gade yo, ak rale dèyè, vyeyès, bagay ki pase mòd epi yon sosyete k ap depafini. Imaj sila a, kidonk chwa ant lajenès ak ti granmoun yo, nan gouvènans yon peyi jounnen jodiya a genyen yon gwo bout enpòtans. Poukisa?

 

Jèn trant lane jounen jodiya pi byen fòme, pi byen edike e plis an amoni ak modènite epi tranzisyon ki nesesè modènite a mande. Se imaj evolisyon sila politik la dwe bay, e imaj sila dwe pèmèt nou genyen yon sosyete ki pi modèn e ki pi dinamik. Nou rive nan yon bout kote, fòk nou chwazi, mouvman, transfòmasyon,  lodas sou vyeyès, li menm ki fè nou paka vanse, epi ba nou laperèz pou chanjman.

 

Genyen moun ki pral di: men ti granmoun sa yo genyen esperyans alòske ke jèn yo yo menm pa genyen. Sa pa yon pwoblèm ankò! Paske gras ak kontribisyon nimerik la, jounen jodiya jèn yo genyen aksè ak esperyans sa yo, e plis toujou kounya jènn yo genyen aksè tou ak lòt baz konesans ansyan yo pa te geyen. Nan tan lontan sa te pran anpil lane pou yon moun aprann de seri de bagay poutan jounen jodiya gras ak teknoloji a lòm genyen yon konesans san mezi nan tout domèn. An plis de egzanp nou genyen devan je nou yo la, jèn lidè sa yo jwenn yon bon sistèm gouvènans pandan yo menm yo responsab pou bay enèji, pou montre nou chimen an oswa chanje wout si sa nesesè nan monn sovaj n ap viv la. Li enpòtan anpil pou nou djanm se pa moman pou n ap kabicha sou dodin nou.

 

Nou dwe chwazi lodas jèn lidè sa yo ki pa ezite ki koupe fache ak sa nou te konn fè lontan yo, menm jan ak lè nou chwazi kraze sa ki te la yo nan lide pou nou vini ak yon lòt bagay ki pi bon, dapre sosyolog Schumpeter sa rele "innovation dans la destruction créative". Paske chanjman nan sosyete konplèks sa yo mande pou w rapid epi dinamik. Tankou esperyans gwo tonton antrepriz yo fè pou yo kapab reviv yo, yo achte starp-ups ke ti jèn antreprenè yo kreye e sa bay yon bon rezilta. Sa montre a klè se sa ki fè yo pa pase mòd.

 

Ti granmoun yo ap pwoteje " teritwa yo" kont kokenn chenn mouvamn sila. Yo itilize enfliyans yo pou yo anpeche jèn yo avanse, kidonk an menm tan yo kontribiye nan rete an plas sosyete a. Yo neglije nesesite ki genyen pou yo planifye kiyès ki va ranplase yo lè yo pa la. Ti granmoun yo ki telman okipe nan chèche plis mwayen pou yo rete sou pouvwa sanble bliye ke yo rive nan bout yo. Krèm yo pase sou figi yo pou fè yo sanble ti jèn ti gengenn pap janm ka ranplase yon po ki jèn tout bon ki swa e dous.

 

Dinamik chanjman an fè chimen li tou nan aktivite kiltirèl ak teknolojik tankou, rezo sosyo ak entelijan atifisyèl ki pa te la sa genyen kèk dizèn lane. Transfòmasyon sosyal sila yo montre kouman konpòtman popilasyon an, apiye chanjman ak enèji lajenès la pote a, pandan nan menm tan sa y ap remete an kesyon lide ansyen yo genyen pou avni peyi a.

 

Kidonk tout moun reponn ak apèl lajenès la, paske imaj jèn sa yo  fè nou kwè nou kapab viv pi lontan, menm si nou konnen tout moun genyen pou yo mouri. Kidonk nou nan yon dinamik sikososyal kolektif ant "bios" ak "thanatos", ant lavi ak lanmò, kote chwazi lajenès, se bay pèp la espwa ke li la pou yon bon bout tan. Kesyon sa, kouman lòm nan wè tèt li, ke chak moun ap poze tèt yo, tounen yon pwoblèm kolektif.

 

Pou nou mete yon bout nan refleksyon nou yo, pou gouvènman ak sosyete yo kontinye egziste yo dwe apiye sou lajènès,  se sa k ap bay egzistans yo yon sans. Nou genyen responsablite pou nou kite yon demen miyò pou pitit nou. E tou Se jèn trant lane sa yo jounen jodiya k ap ranplase ti granmoun. Li lojik e bon tou pou nou bay jèn ki genyen plis kapsite yo, jesyon zafè peyi yo lè sa nan lanbisyon yo.

 

Ciceron te di, yon politisyen dwe genyen konfyans nan pèp li, demonstrasyon an anba je nou la. Li lè li tan pou nou bay lajenès pouvwa a, pou peyi nou yo kapab byen makonnen ak avni k ap tann yo a e an menm tan pèmèt ti granmoun  yo al pran repo lakay yo oswa yon kote ki fèt pou ti granmoun e menm pou sa ki pi wondon an.

 

Aldy CASTOR, M.D., aldyc@att.net

Prezidan: Haitian Resource Development Foundation (HRDF)

Direktè: Sèvis Medikal Ijans pou Misyon Sekou Medikal Ayiti, Asosyasyon Doktè Ayisyen Aletranje.

Manm, Tèt ansanm Dyaspora Ayisyen

 

Philippe FRANÇOIS, philippefrancois.fr@gmail.com

Ansyen administratè teritoryal nan peyi Frans

Konsiltan nan Biwo Prezidan HRDF.

Diplome nan sosyoloji nan University of Paris IX Dauphine, nan òganizasyon dinamik ak transfòmasyon sosyal

Diplome nan jesyon ak administrasyon otorite lokal yo nan Inivèsite Paris XII Val-de-Marne

 

Janvye 2024.

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES