Agoni pèp Ayisyen an

Plis n ap vanse sou 7 fevriye, plis krim san non ap ogmante.  Plis abolotyo pral dedouble, plis aganman pral parèt kò yo. Plis diskou yo pral pi pa gen sans e plis y ap vyolan tou.  Malerezman se plis ap gen move zèb nan jaden lanmou an.

Plis n ap vanse nan 7 fevriye 2024, se plis sitiyasyon jeneral peyi Dayiti ap pi mangonmen. Plis tou machin enfènal la pral deraye, l ap pèdi fren. Rezilta anbyans sa nou tout konnen l deja. Plis laperèz, plis konsè zam ak bal prèske tout kote. Plis moun ki p ap kapab deplase. Se plis zak malonèt ak sankoutya tankou: vòl, vyòl, kidnapin, rache moun.

Konsekans lan sou plan ekonomik: tout sa w bezwen pou sèvi pral kontinye monte pou kite tèt katedral la. Lajan p ap reprezante pip tabak. Epi lè nou louvri je nou 8 fevriye 2024 n ap wè mouche Ariel Henry Premye minis, prezidan e Wa tou.

Tout aksyon malodorant sa yo k ap vin pi fò, pi rèd, pi sinik chak jou pi plis, se pou fòs nou rete fèmen anndan lakay nou. Se politik anwo pa monte, anba pa desann, nan mitan rete rèd. Se pou nou pa kapab touse, alewè pou n ta pale e menm gen lentansyon pile beton an pou manifeste kòlè nou e mande Wa Ariel rache manyòk li.

Ariel vle fè nou konnen li la pi rèd nan dengonn nou. Ariel ak tout ekip li fè nou sonje yo sou teren an depi 7 fevriye 1986 la. Konsa yo konnen tout ti mannèv yo. Yo fè ale vini, yo konn tout mekanis pouvwa-opozisyon. Yo konn kouman pou yo jere chak kategori moun. Depi nan patatis yo pase pa demagòg/hableur yo  k ap fè gwo gòj nan radyo men k ap pase lannwit pran zo pa yo, jouk nan «irréductibles/ incorruptibles yo, machann mikwo yo defini juskoboutis» yo. 

Moun sa yo, yo gen plan pou ogmante presyon, entimidasyon ak yon kanpay denigreman sibtil sou yo pou wè si yo va rive fè yo kapote ou byen fòse yo ale nan kanpe lwen. Politik wete trip mete pay la y ap kontinye l nan moman sa. 

Ekip Wa Ariel la di: «Chat konnen, rat konnen, barik mayi a pap fè wonn pòt.» Kounye a, yo ajoute yon lòt pawòl sou sa:« tous les moyens sont bons pour atteindre Canaan.»

Men jis kote sinik ekip pouvwa rive. Yo jwenn yon boulva, yon savann devan yo akòz yon bann patatis, yon bann blofè, yon bann paseyis ki gen plizyè vizaj, konplis Ariel pou pèmèt ensekirite ak mizè a donnen.

Yo pare pou fofile kò yo. Konsa nouvo gouvènman, nouvo KEP pou eleksyon, nouvo gwoup Ekspè pou ekri Konstitisyon tout ap chofe sou ban e n ap wè yo soti nan latriye pati politik ak òganizasyon sosyete sivil nou konnen yo. 

Nou abitye ak agiman abolotyo yo deja: se pa pati a, se pa òganizasyon an li reprezante. Men se pati a, se òganizasyon  k ap tire fisèl yo. 

Ni revolisyonè palanpèd, ki vle wete tout nannan ak sans mo revolisyonè a, ni latriye pati ak òganizasyon san pozisyon sa yo, tout ap mennen nou menm kote nan la kou Wa Ariel.

Nou pa dakò. Nou  pa vle. Nou deside reprann operasyon Bwa kale a, pou netwaye kay la/Ayiti tout bon vre fwa sa. 

 

Sonje prensip la:

Bandi ayè= bandi toutan 

Trèt ayè = trèt toutan

Abolotyo ayè = Abolotyo toutan

Sèl pèp la ki mèt desten l.

 

Marcel Poinsard Mondésir

15/01/2024.-

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES