Ayiti pale, ou rete bouch be !

Ou rive nan yon moman nan peyi a, w ap mande èske w dwe pale ou byen fèmen bouch ou, mete yon lèt P sou li. Tèlman sa w ap tande, sa w ap viv, sa w ap wè yo anpil fwa bay kè plen. Tèlman aktè yo, anpil fwa, sa yo di jodi, se pa li yo di demen, jouk pou yo ta rive poze aksyon ki mache ak pawòl yo. 

 

Aktè nou yo toujou ap sipoze, yo toujou nan gaye pay. Ou ta di konsa: «ils se perdent toujours en conjectures».

 

Yo pa janm gen yon pawòl, yon lide pou mennen l jouk nan bout. 

 

Se rezon sa ki fè yo toujou ap fofile. Yo tounen zangi. Ou jwenn yo nan tout alyans. An n voye je gade, konbyen nan Aktè yo ki pa nan 2, 3 regwoupman , 2, 3 platfòm diferan nan menm peryòd la. Pandan regwoupman ap pale yon koze, ap fè yon egzijans sou yon kriz la, Platfòm nan li menm ap di yon pawòl, ap mennen aksyon ki diferan nèt. Sa vle di yo tout kote. Yo pa vle deyò nèt.

 

Yo gen menm atitid ak boujwa flibistye yo ki nan moman eleksyon wouze tout moun/kandida. Dayè fanmi flibistye yo, anpil fwa, fè yon Repatisyon nan mitan yo. Ou tande Entèl/boujwa ap finanse kandida Joseph. Nan menm fanmi an lòt la ap finanse kandida Jean. Konsa kelkelanswa rezilta fanmi flibistye sa genyen kontwòl pouvwa paske li te envesti nan tout kandida yo. 

 

Nan tout galimatya sa yo, sèl pèp la, ak batay l ap mennen ki pa nan anyen. Li toujou pran nan mitan, li tankou yon bannann y ap peze. Paske li nan mitan yon pakèt mafya ki bay enpresyon y ap pale pawòl li, y ap aji ak li e pou li. E poutan, se manti nèt alkole pifò aktè yo ap foure nan kòtòf lestomak li. Se pwazonnen, y ap pwazonen l.

 

An n pase je nou la. An n gade ansanm. Konbyen nan aktè  yo ki pa «essouffler»?

Konbyen nan aktè yo ki dispoze fè tout marathon an? Konbyen nan aktè yo ki pa «zigzaguer»? Konbyen nan aktè yo ki pa avanse koze «real politik»?

 

Tout sa pou esplike «virage 360 degrés» y ap pran.  Leurs expressions les plus usuelles sont: «la politique est dynamique».

 

Rien n’est statique. «Seul Dieu et les imbéciles qui ne changent pas».

 

Depi mizik sa yo kòmanse parèt, konnen ou la pou tout kou epi nan tout pati kò w.

 

Celui ou celle qui tient la ligne sans bouger, mérite le médaillon. Il faut être Diogène avec une bougie en plein midi pour le/la chercher. 

 

Marcel Poinsard Mondésir

19/01/2024.

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES