Ayiti ou l’hécatombe d’Ariel Henry-Joe Biden avant 7 février 2024?

Ou menm, li menm, mwen menm tankou  anpil lòt Ayisyen anndan kon deyò lakay kè n ap dechire lè n ap tande epi wè imaj sa k ap pase lakay peyi nou renmen anpil la, Ayiti.  Nou tout ap mande èske se moun k ap fè lòt moun parèy yo mòd zak sa yo?

 

Nou tout ap poze kesyon kisa ki motive yon moun, yon pouvwa pou l ap maltrete parèy li, pèp li konsa. Yon seri konpòtman nou pa fouti kalifye. Ou ta di “koulèv la k ap mòde ke l”. Tèlman moun k ap fè operasyon sal sa yo pou anpil fwa sanble tèt koupe ak moun y ap maltrete yo. Se nan sa nou ye nan peyi dAyiti. 

 

E pi gwo kesyon an, pi gwo pwoblèm nan se ki wòl, ki responsablite moun k ap dirije peyi y’a genyen nan tout zak san non sa yo? Èske otorite yo, se nan yon lòt planèt y ap viv? Ou byen èske pouvwa fè moun soud?

Èske pouvwa fè moun avèg? Èske pouvwa wete tout bon sans imanite lakay moun sa, yo?

 

Se vre politik pa moral. Men sa pa vle di depi w ap fè politik ou pa dwe gen yon tikras sansiblite, yon timoso moral. Konsa, syans politik ak soyal yo pa ta di lè yon politisyen pati dèyè  pouvwa se pou sèvi peyi l,  kominote l e non pou sèvi ti klan li, fanmi li ak tèt li. 

An n Ayiti nan tout listwa moun ki genyen pouvwa pi souvan tèt yo ke yo wè  men yo  pa nan zafè o sèvis lòt mounn, sitou sa ki pi pòv yo.

 

Ekip PHTK ki kale (Joseph Michel Martelly, Jovenel Moïse ak Ariel Henry) pote premye pri nan koze pouvwa osèvis ki ap sèvi tèt yo, zanmi, epi fanmi. Nou tout konnen ki pwofondè gagòt ekip Martelly an te fè nan lajan Leta. Ayiti tounen yon “source intarissable” kote pifò moun nan tout espas pouvwa (egzektif, lejislatif, jidisyè) fè fòtin yo. CIRH, Petwokaribe, kowoperasyon bilateral, bidjè Repiblik la.  Se te yon veritab “sangsue” tèlman ekip pouvwa Tèt Kale yo ak alye l yo siffone lajan nan peyi Dayiti

 

Twazyèm vèsyon Ariel Henry genyen gouvènay la fè Ayiti plis mal toujou. Li vòlò menm jan li touye, kite touye e fè touye pitit peyi y’a. Depi apre diktati Divalye yo se sou Gouvènans Ariel Henry krim tounen yon fason pou jere peyi. Konsa ak pouvwa Ariel Henry depi jiyè 2021 Ayiti pran yon lòt oryantasyon. Si w pa bandi ou pa fouti nan espas pouvwa. Li parèt aklè, li pa sifi pou w vòlò men tou fòk ou abitye ak sang. Paske se plis ou kapab fèmen je w ou kapab bouche zórèy pou w pa konnen konbe moun bandi tout kalte ap touye se plis ou gen posiblite okipe gwo pós nan pouvwa Ariel HENRY-Joe Biden nan. 

 

Konbyen  nan otorite yo ki demisyone pou montre yo pa dakò ak zak bandi yo? Konbyen nan otorite yo ki janm fè yon aksyon pou fè Ariel ak Biden konprann twòp sang koule? Konbyen nan otorite yo ki di pouki tout krim sa yo pandan pèp la ap plonje plis nan kras, nan mizè?

 

Plis n ap rapwoche n nan 7 fevriye, se plis machin lanmò a ap ogmante pwisans li. Jeremi, Wanament, Okay. Pòtoprens ak zòn ki viwonnen l yo menm se pa pale. Lapolis la tounen pi gwo bouwo pèp la nan benyen l ak gaz lacrymogène epi bal reyèl pou etenn souf li. Polisye yo se vreman koulèv k ap mòde kè l yo tounen. Paske pou jan pouvwa sa imilye yo, li ta enteresan pou sosyolojikman nou ta rive konprann poukisa PNH la fè chwa touye a pou pouvwa Ariel Henry-Joe Biden nan. 

 

Ak pouvwa Ariel Henry-Joe Biden nan pèp Ayisyen pèdi sans lavi. Nou tounen toutrèl e se chak jou moun ap mouri pa bann. Konbyen moun pouvwa Ariel Henry-Joe Biden nan dispoze touye pou montre pèp Ayisyen pwisans yo toujou. Ariel Henry dispoze fè Ayiti tounen pi gwo simityè “à ciel ouvert” pou 7 fevriye 2024 la. Men Agawou te di plis pase sa! Sèlman nou konnen jou kòlè pèp la monte l pap genyen cha blende ak avyon sipèsonik k ap kapab bloke l. 

 

Marcel Poinsard Mondésir

03/02/2024

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES