Kriz Ayiti a : yon opòtinite chanjman

Manfouben ak politik chak koukouy klere pou je yo ki mete nou la a, men bizaman nap sibi sitiyasyon an san nou pa rive founi je gade ak konprann pwoblèm yo epi sakrifye sa pou nou sakrifye pou nou pote solisyon.

 

Jiska prezan kriz Ayiti a chaje ak opòtinite paske pou moun ki tèt frèt kap obsève se pi bon lokazyon pou nou ta rezoud yn pakèt pwoblèm ki te pi konplike anvan kriz peyi lòk la ki ta pwal debouche sou lanmò Prezidan Ayiti a. 

 

Ann gade kèk pwoblèm ki gen solisyon san kase tèt la a jodi a :

 

1) Peyi lòk la fè ti moun Carrefour pa ka travèse Martissant kidonk yo rete lekòl kote yo bloke a, Delmas rete Delmas, Petionville rete Petionville. Sa ki ta rete pou fèt la a sèlman se rann lekòl sa yo pi efikas ak disponibilité yn kourikoulòm pou tout teritwa ki tap marye ak materyèl didaktik apwopriye e disponib,  epi pwofesè bloke yo tou rete fè kou kote yo abite a. Si nou ba yo yn salè ki respektab lap pi nan avantaj yo pou yo pa vin nan kè Pòtopwens la;

 

Konsa nou tap tou rezoud pwoblèm timoun kap pase 4èd tan nan wout, ki rive lekòl fatige ap dòmi nan klas e ki ap bay zewo rezilta. Nou tap tou rezoud pwoblèm pwostitisyon timoun yo tou ki ap trennen nan lari sou preteks blokis granmoun pa gen kontwòl yo. Epi anpil fwa se paske zòn lekòl yo ye yo telman lwen yo se de anonim  ki ka pèmèt tèt yo nenpòt ki zak, alòske si yo te bò lakay yo, kote anpil moun konnen yo, yo tap reflechi 2 fwa.

 

Nou tap tou rezoud tou vagabondaj politik ak sendikal kote politisyen ak pwofesè ap sèvi ak timoun yo pou regle biznis yo, paske ak pwoksimite lakay ak lekòl, tout timoun pa tap nan monte machin al twò lwen sinon bò lakay yo epi pitit pwofesè yo, direktè yo ak politisyen yo tap nan menm kondisyon, kidonk nou tap tou rezoud pwoblèm grèv sovaj sa a yo paske se tap pwoblèm tout kominote a. 

 

2) Volim gaz kap boule pa jou nan blokis kap ogmante fakti enpòtasyon gaz la, tap diminye, paske se kesyon kantite moun kap deplase nan maten ak apremidi nan menm direksyon vini ou ale nan mitan Pòtopwens lan ki bay grav pwoblèm sa a, donk tap gen mwens deplasman, mwens blokis, mwens dola kap soti al achte gaz; 

 

3) vyolans lan fè ke Sant vil Pòtopwens lan preske vid si non ak yn ti kras moun ki pran nan pyèj nèg ki gen zam yo, se pi bon okazyon ak yn ti pri redui nou ka tou deplase rès moun yo epi regle definitivman pwoblèm ibanizasyon an.  Depi Grand-Rue (boulva Jn Jacques Dessalines) pati de liy dwat la nò-sid kraze jouk rive nan lanmè epi enpoze plan yn vil modèn ak yn bon zoning kote zòn komèsyal apa epi zòn rezidansyèl apa. Konsa nou tap tou rezoud pwoblèm kase, piye magazen ti krik ti krak paske patap gen bidonvil ni tant ni tonèl nan zòn sa a. 

 

4) Separasyon zòn komèsyal ak rezidansyèl pèmèt yn sekirite global kote chak antreprenè pa bezwen gen ajans sekirite pou defann biznis li. Konsa nou tap rezoud pwoblèm konplisite ak gang pou pwoteksyon espas yo, gang yo tou tap vin inoperan paske pa gen kachèt ni teritwa pèdi ni zòn nondwa. 

 

Sa tap rapidman gen yn enpak positif biznis an jeneral epi tou debouche sou yn bès  pri machandiz, paske pap gen kou sekirite ki antre nan pri de revyen an. Aktyèlman se sa ki ap toupizi konsomatè yo e konstitiye pi gwo  menas pou moun kap fè biznis, ki anpil fwa oblije antre nan konbin kriminel ak moun lantouraj yo pou siviv epi kontinye fè biznis.

 

5) Ak 3 pouvwa Leta yo ki kraze la a se yn chans pou nou jwennn yn konsansis 5 lane pou nou dekrete ijans nasyonal rekonstriksyon Leta pandan nap sispann pou tan sa a dwa grèv ak rekou administratif tradisyonel yo, konsa nou ta gentan  pou nou konsevwa ak bati yn achitekti jiridiko-administratif ki rezoud kawo sa ki gen nan administrasyon piblik la kote fonksyonè ak pèsonel iresponsab pa gen obligasyon resiklaj ni rezilta . Anpil nan yo patisipe nan kraze ak piye leta. 

 

Nan tan sa a nou ta òganize respè dwa endividyèl yo san nou pa ba yo priyorite sou dwa kolektif yo . Se ta bon lokazyon pou nou ta konsolide ak sekirize byen Leta yo, repran espas piblik yo, epi mete bon jan lwa ki prevwa travo fòse pou tout moun ki sabote oubyen fè dap piyanp sou byen Leta . Travo fòse nan ka sa a yo se ta pi bon mwayen pou dedomaje efektivman Leta .

 

Mwen kanpe sou ti kras solisyon sa a yo an atandan. Men mte ka bay lòt solisyon sou bidonvil, fatra, gang …

 

Alò dim kisa ki enposib la a, kisa nou pa ka fè la a, fòk se etranje ki vin ban nou leson an ? Ayayayyyyy tonnè !

 

 

Daniel JEAN

daniel_jean50@yahoo.fr

5/02/ 2024

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES