Vyolans p ap rezoud kriz la

Depi yo di konferans nasyonal, anpil mounn wè ansyen senatè Tineb Dèlpe. E chak fwa yon mounn vle fè referans ak defen senatè an ki te eli nan eleksyon 16 desanb 1990 lan, yo di w konferans nasyonal. 

Se kòm si medsen, militan, chèf pati, senatè an pat vrèman fè lòt bagay pandan tout batay politik ke l te mennen nan peyi an.

Se pa vre. Senatè an fè ak kite anpil bagay pozitif nan tout konba politik ke l te mennen nan peyi an. Men pawòl kesyon konferans nasyonal lan vinn tankou idantite defen senatè an.

Mwen k ab konprann ke avan 1804, pou n te fè endepandans, nou te oblije fè vyolans kont kolon rasis Napoleon ak Lelerc. Aprè endepandans pou n te prezève 1804, nou te oblije fè "massacre des français" tou. Men definitivman, nou pat oblije fè 17 oktob 1806. Se te yon krim initil pou jenn nasyon an.

Depi aprè sa, nou vinn pran plezi nan kraze, brize ak touye. Nou vinn devlope yon kilti nan fè vyolans. Nou priyorize vyolans nan tout batay politik ke n ap fè. Se kòm si se sèl mwayen ki genyen pou rezoud kriz politik.

An 1915, nou pat dwe bay blan meriken plis pretèks pou yo te rantre nan peyi an. Si nou p at fè koudeta 30 septanb lan, pa t ap gen solda etranje nan peyi Papa Dessalines lan an oktòb 1994. 

Epi kòm nou toujou refize chita ant frè ak sè pou n jere eritaj ke zansèt yo te kite pou nou, nan moman ke n t ap selebre 200 lanne endepandans, nou ofri yon lòt okazyon ak pil blan rasis yo pou yo rantre sou vye bout tè ke gran paran nou yo te goumen pou kite pou nou.

Konsa, yon bagay ke pitit pitit kolon rasis yo t ap chache anlè, kòm nou prefere boule pou n detwui, tan ke n chita pou n konstwui, donk nou te pèmèt yo rantre vinn gate bèl fèt 200 zan endepandans sa.

Epi 20 tan aprè, kòm nou pa grandi ou refize aprann de erè ke nou te fè yo, nou vle ankò itilize vyolans. Se kòm si tout vyolans ki ap pase nan peyi an depi plizyè ane pa di nou anyen. Twop san koule nan peyi an. Donk, an nou fèmen robinè san an. 

An nou respekte byen prive anpil mounn ki travay di pou fè yon non nan zafè biznis. An n chita ansanb. Pandan ke n ap chita sou yon tab pou pou n regle tout ak pakèt diferans ki egziste antre nou, an nou evite yon ben de san nan peyi an. An nou fè yon konferans nasyonal kounye an, nan moman an.  

Paske lè nou finn boule, kraze brize, vyole, vòlè ak touye, nou ap gen pou n chita pou n pale peyi kanmèm. Donk, depi jodi an, an nou bay priyorite ak dyalòg sou vyolans.

PM Ariel, opozisyon, sosyete sivil, legliz pwotestan ak katolik, vodouyizan, dyaspowa, mounn pòv, tankou mounn rich, mounn ki konn li, tankou sa ki pa konn li, an nou chita pou n evite sa ki ap rive sou nou la.

 

Esau Jean-Baptiste 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES