Ou pa pale lè bouch ou plen

Gen yon zanmi, yon ansyen kondisip nan Etnoloji ki te relem pou envite m nan yon yon ti rankont ki t ap fèt nan lakou lakay yon ti sè li nan Brooklyn. E misye te ensiste pou m te la. Pou konvenk mwen, anvan l te rakroche telefòn lan, li di m fòk mwen vini paske ap gen anpil moun m pa wè lontan ki ap reponn prezan jou sa.

Efektivman, mwen pa t fè tèt di. Nan jou ak lè zanmi an te di m lan, mwen te prezan nan adrès lan. An verite, mwen pa t regrèt m te ale.

Lakou an te vrèman byen dekore. Didye an te ap jwe anpil bèl mizik. Yon pakèt bèl medam byen abiye. Nan zafè manje ak bwason, se sa ki pa t manke. 

Tankou kamarad lan te anonse an, te vrèman gen anpil sipriz. Mwen wè moun m pa t wè depi plis ke 30 tan. Pa egzanp mwen wè ansyen zanmi ki te grandi ansanb ak mwen nan Bel-Air. Te gen la tou kondisip Lise Petyon m pa t wè depi lè n te kite lekòl lan nan ane 80 yo. San konte kèk ansyen etidyan Fakilte Etnoloji ki te la tou.

Kòm paran m te toujou di m ou pa ale nan fèt kay moun 2 men vid, donk, mwen te pote yon ti kado pou ti sè zanmi m lan e yon bèl mayo foutbòl tou pou mari an ki se yon ansyen bon jwè foutbòl nan katye bò lakay mwen. Yo menm tou te byen kontan wè m.  Paske dènye fwa m te wè ak yo, se te nan peryòd  yo te ap prepare egzamen bakaloreya nan yon peyi kote ki te gen yon minimòm sekirite pou timoun te ale lekòl.

Aprè  m te fin fè yon ti pale ak fanmi an, zanmi an te di m suiv li. Konsa, misye pran direksyon pou l te mennen m sou yon tab kote moun yo te byen janti. Fi tankou gason, te ap bay blag. Yo te ap pale de prèske tout bagay. Men ou konnen depi gen gason yon kote, koze yo te plis chita sou espò ak politik.

Nan diskisyon yo, te gen tout tandans politik. Ak respè youn pou lòt, fi, gason, jenn, vye, kwayan, menm jan ak sa yo ki pa kwè nan zafè relijyon, te rive eksprime yo san rezèv sou sa ki ap pase lakay. Mwen te sezi pou m te wè kòman yon seri de moun te konprann kriz politik peyi Dayiti a. Si gen espwa toujou pou peyi sa, edikasyon sivik ak politik anpil sitwayen ap gen pou fèt. Si se pa sa, se lave men siye atè.

Men pandan tout pale anpil ki te ap fè t antre nou, nan pwent tab la, gen 2 moun ki pa janm di anyen. Menm lè m te rive a, mwen te di bonswa, yo pa t reponn. Mwen te panse  yo pa pale kreyòl. Ou byen yo te soud ou byen bèbè.

Paske de lè m te rive a, se yon sèl bagay yo te ap regle. Se ale vini yo t ap fè ant tab yo an ak kote manje ak bwason yo te ye a. Ou santi mesye sa yo te gen anpil apeti. Yo pa jwe ak manje sitou nan tafya ke yo pa achete. Erezman te gen ase pou chak moun te jwenn.

Lè se pa chiktay ak yon seri de bon ti pen rale, se akra, marinad, bannan n peze, diri dyondyon, griyo, taso kabrit ak pikliz  mesye sa yo te genyen nan asyèt yo. San konte gwo vè Rhum, Whisky ak divin. Pandan tout lòt moun sou tab la t ap pale, bay blag, ri, epi danse, 2 mesye sa yo se dosye manje ak bwè yo t ap regle.

Pandan tan sa, se yon sèl bagay ki t ap pase nan tèt mwen, èske mesye sa yo pa fè tansyon ak kolestewòl. Tèlman yo t ap manje ak bwè tafya. Se vre manje yo te bon, men se pat yon rezon. Se kòm 2 nèg ki te gen lontan yo pat jwenn manje. Se kòm si yo di yo: aprè sa manje ap fini. 

Brèf, aprè kèlke zè, kèk moun te kòmanse ap pran manje pou ale lakay yo. Erezman te gen ase manje ki te ankò rete. Moun ap bay lanmen, bo, epi di orevwa. Se konsa, 2 mesye sa yo avanse sou mwen pou fè yon ti pale ak mwen. Mwen te vrèman sezi paske m te panse yo pat Ayisyen e yo pat konprann anyen nan sa nou ta di yo.

Yo te prezante tèt yo kòm ansyen lidè politik nan opozisyon ki kounyea ap konseye Premye minis peyi Dayiti. Yo di m tou yo fèk sòti Ayiti. Yo te sèlman rantre pou yo te kapab  nan gradyasyon pitit yo. Yo pa p tèlman rete. Yo ap retounen Ayiti lòt wikenn.

Mwen mande yo, men pou ki sa nou pat bay opinyon nou sou kriz politik peyi Dayiti ap travèse kounye a? Mwen ajoute se malerezman nou pa t fè sa. San pèdi tan, 2 gran manjè yo reponn: Mwen ap ba w yon konsèy, ou pa pale lè bouch ou plen.

Aprè 2 mesye yo fin n ale, mwen te rive ak konklizyon se pratik prèske majorite politisyen ayisyen. Yo pa remmen pale, kritike ak kòmante politik lè yo nan pouvwa. Kòm se yon seri de moun ki nan opozisyon pou pozisyon, donk yo nan pouvwa jodi a, yo pa gen anyen yo ap di. Bouch yo plen. Yo pa k ab pale.

Paske gen moun ki te gen manda, yo pase sèlman 4 mwa nan pouvwa. Gen Lòt se 7 mwa ak 2 kou Deta. Jodi a, aprè prèske 3 zan nan yon pouvwa ilegal nan tèt peyi a, PM la chwazi ki lè pou l fè eleksyon, epi sa pa di yo anyen.  

Sa fè 20 tan, nan yon pwojè ki pa t gen anyen pou wè ak pèp, elit politik, ekonomik ak entèlektyèl yo te fè tout gagòt pou peyi an pa t fete 200 zan endepandans. 20 tan aprè, anpil nan moun sa yo bouch yo plen ak tyaka. Yo sou kou pipirit. Kòm yo ap koupe rache nan yon pouvwa ilegal, yo twouve li nòmal pou yo pa pale. 

Mesye dam, nou mèt kontinye fèmen bouch nou.  Paske li plen nan moman an. Men si nou pa pwoteje ajan polis yo, yo pa p k ab rive sèvi popilasyon an.

 

Esau Jean-Baptiste 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

1 COMMENTAIRES