« Lang kreyòl ayisyen an yon zouti pou devlopmandirab »

Se anba gwo tèm sila a : « Lang yon zouti pou devlopman dirab Akademi Kreyòl Ayisyen an selebre ofisyèlman jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl nan otèl Marriott nan Tijo jou ki te 26 októb 2023 . Nan okazyon sa a responsab AKA di yo solidè ak tout pèp kreyolofòn ki gen sou latè.

Selebrasyon 42yèm jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl te rive fèt jou ki te 26 oktòb 2023. Manm nan AKA yo di se ak anpil lakontantman  y ap selebre jou sila a. Yo di tout y ap goumen pou lang kreyòl la kanpe pi djanm menm jan ak tout lòt lang  ki gen sou latè. Pou Akademisyen yo tout lang se lang. Yo pwofite remesye tout enstitisyon nan peyi a ki bay lang kreyòl la vrè plas li anndan sosyete nou an. « Lang kreyòl ayisyen, yon zouti pou devlopman dirab», se te pi bon fason li te ka sansibilize tout sektè nasyon an sou wòl chak enstitisyon  nan peyi a dwe jwe pou nasyon nou an rive jwenn chemen devlopman tout bon. Atravè tèm sila  a. AK A pwofite anonse tou Gran Pri woman Emile Celestin Mégie yon yo gwo ekriven ki travay anpil pou voye lang kreyòl la monte pi wo. Yo te tou pwofite prezante dezyèm rezolisyon nan lang kreyòl la. Le National  pibliye pou lektè li yo tout diskou prezidan AKA a te fè nan okazyon sila a .

« Akademi Kreyòl Ayisyen pa gen mo egzat pou li tradui lajwa kontantman ki ap bouyi nan venn chak manm li yo, ansanm ak chak antite nan enstitisyon an pou fason nou reponn envitasyon pou nou selebre 42yèm jounen entènasyonal lang ak Kilti kreyòl la. Se vre, selebrasyon jounen an se pou 28 oktòb, men AKA chwazi jounen 26 oktòb la pou selebrasyon ofisyèl la.

Mesyedam, nan vwa pa mwen, tout 42 manm Konsèy Akademisyen an, tout 7 manm Konsèy Administrasyon an, tout manm Konsèy Konsiltatif yo ansanm ak tout anplwaye Sekretarya Egzekitif Akademi an, di nou, nou kontan prezans nou.  Seremoni jodi a, se okazyon pou AKA pote kole avèk tout pèp kreyolofòn sou latè beni, espesyalman popilasyon ki pataje yon lang kreyòl baz leksikal fransè. Se okazyon tou pou AKA vini raple kominote kreyolofòn yo yon jou gen pou rive kote lang kreyòl nou yo va soti nan sitiyasyon minorite pou yo monte chita nan menm ran ak tout lòt mega lang ki egziste yo. Sa ap fèt toutbon, paske AKA genyen konviksyon sa a : Tout lang se lang. Pa gen lang pase lang.

Depi ane 1981, nan zile Sainte Lucie, yon bann espesyalis kreyolofòn te reyini anba drapo asosyasyon Bannzil kreyòl. Epi yo te deside chwazi 28 oktòb kòm jou selebrasyon jounen entènasyonal lang kreyòl. Anpil peyi kreyolofòn te antre nan won an. Gras ak aksyon Fakilte Lengwistik Aplike nan UEH la, Ayiti te antre nan batay tou. Plizyè lòt enstitisyon pral bay aktivite a jarèt. Epi sa pa te pran anpil tan pou yo te pase soti nan yon jounen pou yo te rive nan yon semèn selebrasyon. Kèk tan apre, yo soti nan yon semèn pou yo antre nan reyalizasyon yon mwa aktivite. Ochan pou tout enstitisyon ak òganizasyon sa yo ki te pote kole nan pote labanyè pou nou te ka rive nan etap sa a.

Nan ane 1987, isit lakay, lang kreyòl nou an pral monte grad sosyolengwistik. Atik 5 Konstitisyon 1987 la prale mete li nan pozisyon lang nasyonal epi lang ofisyèl. Menm konstitisyon sa a tou prale kreye Akademi Kreyòl ayisyen nan atik 213 la. Li bay Akademi an misyon pou li vini gadò lang kreyòl la, epi pou li pran chaj mennen tout kalite aktivite pwomosyon pou fè lang kreyòl la jwenn plas li merite nan sosyete a epi nan monn kreyolofòn nan. Se yon aktivite Akademi an pa te janm neglije depi lè li te tabli ofisyèlman nan ane 2014, apre li te pran larelèv Komite inisyativ pou tabli Akademi an, soti ane 2011 pou rive 2014.

Kidonk, rankont nou jodi a, se pou nou vini kore travay enstitisyon an nan misyon konstitisyon an ak lalwa lage sou do li.

Ane 2023 a, AKA te chwazi pou li selebre mwa lang kreyòl la sou tèm sa a : Lang kreyòl ayisyen, yon zouti pou devlopman dirab.  Akademi an te pwofite, nan kad diferan aktivite li te reyalize pandan mwa a, pou li atire atansyon tout popilasyon an, ansanm ak tout desidè sosyopolitik ak desidè ekonomik yo sou nesesite pou yo ranmase lang kreyòl la epi fè li tounen cheval batay tout kalite aksyon yo va genyen pou yo mennen nan peyi a si toutbon vre, yo swete pou Ayiti sispann chita nan ke kamyonèt la ap rele Yogann.

Nan sans sa a, AKA pwofite voye yon gwo kout chapo remèsiman pou tout enstitisyon nan peyi a, enstitisyon piblik kou enstitisyon prive, ki te bay aktivite sa yo yon plas enpòtan nan kalandriye yo.  Se okazyon tou pou AKA voye yon gwo kout chapo espesyal pou Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl pou jefò Ministè sa a ap fè pou li devlope zouti pou  nou meble lespri timoun yo nan lang yo konpran nan, nan lang yo pale a : lang kreyòl ayisyen an. Se menm mo  rekonesans sa a, se yon fòm envitasyon pou tout lòt sektè nan peyi a, lajistis, espesyalman, pou yo ranmase baton peleren yo pou yo kontinye batay sa a, nan byennèt tout popilasyon an.  AKA pa ka pase wòl yon Ministè tankou Kilti ak Kominikasyon, Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon, Rektora Inivèsite Leta, Fakilte Lengwistik Aplike, Jounal Bon Nouvèl… sou silans : se yon seri patnè tradisyonèl AKA ki gen yon wòl kle pou yo jwe nan devlopman ak pwomosyon lang kreyòl la, bò kote medya yo, inivèsite yo ansanm ak tout sektè kle nan bati bon fondasyon pou nasyon an.

Lè AKA te chwazi tèm sa a « Lang kreyòl ayisyen, yon zouti pou devlopman dirab», se te pi bon fason li te ka sansibilize tout sektè nasyon an sou wòl chak enstitisyon  nan peyi a dwe jwe pou nasyon nou an rive jwenn chemen devlopman tout bon. Atravè tèm sila  a, enstitisyon an te rive vwayaje pandan yon mwa, poze kesyon, brase lide, fè echanj ak popilasyon an pou li rive montre kijan zouti sa a enpòtan sou chemen pwogrè ak devlòpman Ayiti.

AKA kontinye ap kenbe flanbo ki ap pwojte limyè rasanbleman an. Li kontinye ap travay di, ak manm li yo mete ak anplwaye yo pou yo kontinye reyalize misyon an.

Se nan menm kad sa a, mesyedam, Akademi kreyòl Ayisyen an pwofite okazyon espesyal sa a tou, pou li lanse ofisyèlman piblikasyon Dezyèm rezolisyon òtograf lang kreyòl la.   Se yon travay ki te pran anpil tan. Men jan pawòl la di a: AKA mize nan wout, men li pote bon nouvèl.

Nan non Konsèy Administrasyon an, nan non tout Manm Akademi an, espesyalman manm Komisyon syantifik la, mwen pwofite di tout moun ak tout enstitisyon ki te bay yon kontribisyon nan demach piblikasyon Dezyèm Rezolisyon sa a, yon gwo tonton mèsi. Piblikasyon Dezyèm rezolisyon sou òtograf la, se rezilta travay nou tout ansanm ak  kontribisyon nou chak.  Piblikasyon sa a, se yon gwo pa anplis AKA fè nan travay li pou li mete bon jan zouti referans pou lang kreyòl la kontinye fè chemen li. Li posib pou travay la jwenn kritik. Men, enstitisyon an pare pou li ranmase remak tout itilizatè yo pou li pote tout koreksyon ak amenajman nesesè nan 5 pwochen ane yo. Pou kounye a, AKA rete pou li kontinye mande tout moun nan sosyete a pou yo kontinye kole zepòl pou yo fè lang nou an tounen yon bon zouti pou devlopman dirab toutbon.

Mesyedam,

Anvan lontan, Akademi Kreyòl, ayisyen pral reyini nou tout ankò nan okazyon lansman gran pri woman Emile Celestin Megie. Se yon pwojè ki nan kouti depi plizyè ane, epi ki rive nan faz lansman nan moman sa yo. Se va avèk anpil fyète AKA ap gen pou li akeyi tout kominote a nan lansman gran pri sa a. Se sèten se pral yon siksè lè nou sonje kontribisyon gwo plimeyank sa a, Emile Celestin Megie (TOGIRAM), te bay nan ekri yon woman, «Lanmou pa gen baryè », yon liv moun konsidere kòm premye woman serye nan lang kreyòl Ayisyen.

Akademi Kreyòl Ayisyen chwazi tèm : « Lang Kreyòl Ayisyen, yon zouti pou devlopman dirab » pou li fè tout kouch moun nan popilasyon ayisyen an sonje : nesesite ki genyen pou nou chita ansanm epi pou nou planifye avni peyi sa a apati sa nou ye kòm ayisyen, sa nou genyen kòm lang ak kilti epi apati sa nou genyen kòm resous tou. Nou gen nesesite pou nou reyisi fè gran chitapale sa a antre nou paske nou gen devwa kòm jenerasyon ayisyen ki la a pou nou fè tout jefò ak sakrifis nesesè pou nou kite yon peyi miyò pou jenerasyon ayisyen k ap vini apre nou yo. Nou pa ka bliye gwo sakrifis zansèt nou yo ak jenerasyon ki te pase anvan nou yo te aksepete fè pou yo kite bout tè sa a pou nou, yon bout tè ki toujou rele nou chèmèt, chèmètrès, malgre tout sa moun ka di e malgre tout repwòch yo ka fè kont nou.

Chak grenn ayisyen gen yon bèl rèv pou Ayiti, men nou poko konprann nesesite pou nou fè tout rèv sa yo fè yon sèl kokennchenn rèv ki dwe tounen reyalite, lè nou pa pran tout dispozisyon nesesè pou nou rive gen Ayiti nou tout ap reve a. Dènye evènman konstriksyon Kannal Rivyè Masak la pwouve : lè Ayisyen vle, Ayisyen Kapab e anyen ni pèsonn pa ka bare wout yo. Si nou vle, nou kapab, nou kapab kite yon pi bon Ayiti pou jenerasyon ayisyen k ap vin dèyè yo. Se sèl fason pou nou montre zansèt nou yo nou konprann sa yo te fè pou nou an e se sèl fason pou nou onore memwa yo vre. 

Mwen pa ka fini san mwen pa voye gwo chay konpliman pou tout Akademisyen, tout manm Konsèy Administrasyon  AKA, tout manm Konsèy Konsiltatif, tout manm ekip Sekretarya egzekitif la, tout zanmi panelis ki te pote kole, yo chak nan fason pa yo, pou nou te gen yon mwa kreyòl byen fèt, byen founi.  Gwo mèsi pou lekòl, inivèsite, medya  osinon tout gwoup òganize nan sosyete a ki te bay AKA bon akèy nan diferan aktivite yo. Sa ede nou wè angouman popilasyon an pou lang nasyonal la.  AKA pran nòt tout akonpayman li jwenn epi li deside kontinye mennen batay la pou desidè yo pran responsablite yo kòmsadwa nan akonpanye kreyatè, pwofesè kreyòl, atis, ekriven ak tout kalite moun k ap pwodui nan lang kreyòl ayisyen an. Tout sa, pou nou rive nan yon sosyete ki respekte dwa lengwistik popilasyon an.

Nou pa ka fini nèt san nou pa voye yon chay remèsiman pou Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl pou kout men pa li nan reyalizasyon gwo jou sa a : jounen lang ak kilti kreyòl.

 

Schultz Laurent Junior

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES