Ekritè : Kenny Thelusma; Relektè-Korektè : Endara Elmano Joseph
Mizankontèks
Pou premye fwa nan listwa, yon tèz doktora konplè ekri e soutni an kreyòl ayisyen, epi resevwa mansyon trè byen, nan domèn tradiktoloji. 30 novanm 2025, se yon jou istoririk nan listwa akademik pèp ayisyen an. Nan yon vizyo konferans sou Zoom ki te rasanble plis pase 50 moun (entèlektyèl, akademisyen ak ansyen ofisyèl leta), Doktè Job Silvert fè yon ekspoze doktoral byen solid ki dire 26 minit an kreyòl ayisyen pou defann tèz doktora li sou pratik tradiksyon, yon premye gran siksè nan domèn tradiktoloji kreyòl.
Entwodiksyon
Yon premye doktora ekri nèt an kreyòl ayisyen. Li make yon virepaj istorik nan vwayaj entèlektyèl ak lengwistik pèp ayisyen an. Depi plizyè deseni, anpil chèchè t ap mande pou lang matènèl pèp ayisyen an vin yon zouti pwodiksyon konesans wo nivo, men se jodi a, ak travay Doktè Job Silvert a, rèv sa a fin pran fòm syantifik li. Soutnans sa a pa sèlman yon jès kouraj, men se yon prèv solid ki montre lang kreyòl la gen kapasite pou konstwi teyori, òganize pratik pwofesyonèl epi pwodui lasyans ak fòs orijinalite. Evènman 30 novanm 2025 lan, ki rasanble fanmi ak zanmi Silvert, espesyalis, akademisyen ak ansyen reprezantan enstitisyon leta, montre yon konsyans nasyonal ki ap grandi : lè lang pèp la jwenn diyite, lasyans vin pi pwòch moun, konesans vin plis aksesib, epi kilti a respire ak fòs fyète. Nan travay doubout sa a, nou moutre nan yon premye tan, se yon refleksyon epistemik reyisi (I), avan pou n moutre l se yon tranzisyon istorik ‘’ san gade dèyè ’’ nan kesyon lang kreyòl la, pou fini jouka rive dekòtike Konsekrasyon ak enpak (III) li genyen nan mond konesans lasyans.
- Yon twokèt refleksyon epistemik reyisi
1.1. Nannan refleksyon an
Soutnans lan te fèt nan Cornerstone Christian University (CCU) (yon inivèsite ki Etazini, ki fonde an 1999, epi prezan nan apeprè 40 peyi) douvan yon Jiri ki te gen ladan li, Doktè Saint Yves Romélus, Pezidan, Doktè Wilguenson Madigand, Direktè tèz, Doktè Tardieu Ridoré, Kodirektè tèz, Doktè Marie Yanithe Germain Charles, Rapòtè, Doktè Moles Paul, Egzaminatè, Doktè Jean Claude Désir, Lektè kritik. Tit tèz la se : « Tradiktoloji kreyòl ayisyen kòm lang sib : Etid sou fondman teyorik travay tradiktè yo pou yon didaktik tradiksyon kreyòl ayisyen an, soti 2015 rive 2025 ».
Doktè Silvert te montre klèman yon reyalite ki pa te ko janm analize konsa : depi 1901 (avèk tradiksyon fab Jean de La Fontaine, an kreyòl ayisyen, Cric ? Crac ! anba men Georges Sylvain). Li moutre tou gen yon syèk epik tradisyon tradiksyon an kreyòl ayisyen, men pa te ko gen ankenn fondman teyorik sou pratik sa a ki adapte ak reyalite lang pèp ayisyen an. Tradiktè yo travay dapre eksperyans pèsonèl yo, san yon veritab rigè syantifik, metodolojik ak zouti didaktif apwopriye, san asistans Leta, san yon kad legal ak ankadreman enstitisyonalize.
« Nou rive idantifye plizyè pwen kle ki mete aksan sou reyalite tradiksyon nan lang kreyòl ayisyen an sou plan didaktik ak teyorik. Done yo montre gen yon pratik tradiksyon ki aktif nan lang lan, men pratik sa a pa chita sou baz syantifik oswa metodolojik ki klè », se sa doktè Silvert, ki te deja fè metriz li an kreyòl an 2021, eksplike.
1.2. Nan ankèt yo, antou, 32 tradiktè bay temwayaj yo
Travay la baze sou yon ankèt kalitatif avèk 39 patisipan, men se 32 ladan yo ki se pratikan tradiksyon kreyòl. Pratikan sa yo se pwofesè tradiksyon, tradiktè pwofesyonèl. Konsa analiz done yo montre :
- Prensip jeneral tradiktè yo itilize : " Tradui sans olye mo ", " Fè revizyon an gwoup " ;
- Defi prensipal : Mo syantifik ki pa gen ekivalan an kreyòl, reyalite kiltirèl ki diferan, tankou " snowman " ;
- Zouti ki pi itilize : Google Translate, Reverso, Gemini, diksyonè kreyòl, konsiltasyon kay ekspè.
Sou baz analiz ak entèpretasyon done rechèch la, Silvert pwopoze 5 rekòmandasyon praktik :
- Leta oblije mete Lwa pou reglemante pwofesyon tradiktè yo ;
- Kreye diksyonè tematik ak glosè ki disponib sou entènèt ;
- Devlope fòmasyon espesyalize pou tradiktè yo ;
- Estandadize òtograf la epi fè pwomosyon sistemik kreyòl ayisyen an ;
- Mete sou pye yon sistèm kontwòl kalite ki baze sou syans.
II. Lisans ak Tèz doktora an kreyòl ayisyen : Yon tranzisyon istorik ‘’ san gade dèyè ’’
2.1. Yon paj tou nèf nan listwa lang ak kilti keyòl la
Siksè soutnans sa a pa zèv “ kout loray kale ”. Depi 1998 rive 2025, rechèch nou fè sou entènèt fè konnen gen omwen 18 memwa lisans ki ekri an kreyòl ayisyen nan divès disiplin syantitik, nan 8 inivèsite (6 Ayiti, 2 Etazini).
Men, tèz doktora sa a reprezante yon revolisyon wòdpòt : se pa sèlman yon travay ki ekri an kreyòl, sou tradiksyon an kreyòl, men se yon travay djougan ki ap reflechi an kreyòl sou pratik tradiksyon nan lang kreyòl la menm epi ki ap konstwi teyori pou pwòp pratik ki fèt nan lang lan, nan menm lang sila a. Zòt ta va di, vrè syantifik popilè a se sila ki ride ‘’ grès kòchon an kuit kòchon an ’’. Sa ki montre enpòtans travay ki fèt pou rann lang lan syantifik nan pwodui refleksyon syantifik nan pwòp lang lan.
Alòs, kontrèman ak sa kèk moun ki pa twò byen enfòme te ka panse, pratik entèpretasyon (oral) ak tradiksyon (ekri) ekziste depi nan tan ti konkonm t ap goumen ak berejèn. Tras pratik sa yo remonte byennavan douvanjou sivilizasyon ekriti tankou Lejip antik, Soudan, Lanibi, Biblos elt. (Michel Ballard, 2019 :13-20) pou rive layite kò li nan lang kreyòl ayisyen an, kote gen anpil aspè ki anje.
« An gwo, tradiksyon an kreyòl ayisyen se pa sèlman yon kesyon pedagojik oswa pwofesyonèl; li reprezante yon zouti estratejik pou ranfòse identite kiltirèl, aksè ak konesans, ak patisipasyon sitwayen nan lavi nasyonal la », se sa Doktè Silvert eksplike, avèk yon abilite wòdpòt nan tout moman soutnans tèz doktora li a.
Li ajoute : « Se nan sans sa a nou dwe wè tradiksyon kreyòl ayisyen an kòm yon zouti pou libere pèp la, pou bay lang lan diyite li ».
2.2. Yon modèl teyorik novatè nan lakou lasyans an kreyòl ayisyen
Prensipal orijinalite tèz la se pwopozisyon yon modèl didaktik endijèn, se sa Doktè Silvert rele : Teyori Didaktik Tradiksyon Kreyòl Ayisyen (TDTKA) (referans pp. 129-142). Donk modèl sila a pran an kont plizyè reyalite.
2.2.1. Devlopman Teyori Didaktik Tradiksyon Kreyòl Ayisyen (TDTKA)
Tradiksyon an kreyòl ayisyen jwe yon wòl esansyèl nan edikasyon, kominikasyon piblik, ak pwodiksyon konesans nan tout sosyete. Men enpòtans li, selon doktè Silvert, se domèn ki evolye san yon kad teyorik estriktire pou lang kreyòl ayisyen an. Sitiyasyon sa a montre bezwen pou yon teyori ki baze sou pratik reyèl tradiktè yo ak reyalite lengwistik ayisyen an.
Se nan kontèks sila a “ Teyori Didaktik Tradiksyon Kreyòl Ayisyen (TDTKA) ” devlope. Teyori a konstui sou baz analiz ki fèt sou pwoblèm tradiktè yo rankontre, estrateji yo adopte daprè estrikti fonksyònman lang kreyòl ayisyen an. Li wè tradiksyon tankou yon pwosesis entèpretatif e fonksyonèl ki mande desizyon lengwistik, kiltirèl, sosyal ak teknik.
TDTKA tabli non sèlman prensip ki fasilite yo òganize pratik tradiksyon an, men defini tou konpetans tradiktè yo, mezire dimansyon natirèl tèks yo epi kreye nòm didaktik ki kapab soutni fòmasyon ak kesyon evalyasyon an. Se yon teyori endijèn ki bay tradiksyon an kreyòl yon fondasyon syantifik pou devlopman li nan administrasyon, edikasyon ak pwodiksyon konesans.
Nan kad analiz tèz doktora sila, remak ki fèt yo se : gwo vid tèminolojik; inegalite nan estrateji tradiktè yo; mank nòm evalyasyon; konba ant presizyon ak liziblite; balans ki difisil ant fidelite ak natiralite.
Se ansanm rezon sa yo ki fè Teyori Didaktik Tradiksyon Kreyòl Ayisyen an (TDTKA) vin pi nesesè. Teyori sila a sòti nan pratik reyèl tradiktè k ap travay ann Ayiti. Li baze sou fason yo wè pwoblèm tradiksyon an, fason yo rezoud yo epi li chita sou estrikti diskou ayisyen an.
2.2.2. Enonse teyori TDTKA a
Tradiksyon an kreyòl ayisyen se yon pwosesis entèpretatif ak kominikatif ki dwe adapte ak estrikti lengwistik, kiltirèl, fonksyonèl ak sosyal lang kreyòl ayisyen an. Yon tradiksyon byen fèt se lè tradiktè a rive kenbe sans orijinal la pandan li pwodui yon tèks ki natirèl, klè, koyeran, presi epi ki fasil pou lektè kreyòl yo konprann. Enonse sa a tabli yon prensip fondamantal : tradiksyon pa yon kopi mo pou mo, men yon travay rekonstriksyon sans ki dwe respekte jeni, lojik lang kreyòl ayisyen an ak bezwen piblik sib la.
2.3. Apèl pou angajman kolektif
Evénman an te rasanble prezans ansyen Minis Edikasyon ak aktyèl Prezidan Akademi Kreyòl Ayisyen, ansanm ak plis pase 50 lòt moun, ki senbolize yon rekonesans enstitisyonèl enpòtan.
Nan okazyon sa a, doktè Silvert lanse yon apèl klè : « Tèz sa a fè apèl pou yon angajman kolektif ki depase limit inivèsite oswa laboratwa rechèch, pou rive nan yon vizyon nasyonal sou tradiksyon kreyòl ayisyen an ».
Li pwopoze 5 direksyon pou rechèch ki ap vini yo :
- Devlopman materyèl didaktik pou tradiksyon an kreyòl ;
- Rechèch konparatif ak lòt lang kreyòl ki gen lang fransè kòm baz leksikal ;
- Etid sou wòl teknoloji nan tradiksyon kreyòl ;
- Travay sou tèminoloji teknik ak syantifik ;
- Kreyasyon yon baz done tradiksyon kreyòl.
III. Konsekrasyon ak enpak
3.1. Mansyon e pwopozisyon koreksyon minè
Apre yon seri kesyon nan men divès espesyalis ak nan menm Jiri a, Doktè Silvert te resevwa yon nòt 93/100 ak Mansyon Trè Byen. Li ofisyèlman vin premye Doktè nan Tradiktoloji kreyòl ayisyen.
Menm si gen koreksyon minè ki pral fèt (kèk mo tankou "kognitif" olye de "konitif" oubyen koyitif), travay la jwenn felisitasyon tout manm Jiri a, ansanm ak sila kòm espesyalis pami gran piblik la ki te eksprime kontankman yo.
« M ap felisite Job Silvert ki fè yon kokennchenn travay, yon ekspoze doktoral rigoure. Misye metrize sijè a; e, m kwè kontribisyon li pote jodi a pou tradiktoloji kreyòl se yon kontribisyon esansyèl e ekontounab », se sa Robert Berrouët-Oriol, tèminològ e lenguis, deklare pandan li felisite doktoran an ak anpil bravo lakontantman.
3.2. Yon nouvo papòt ouvri nan rechèch syantifik kreyòl
Siksè soutnans sa a pa sèlman yon reyisit pèsonèl pou Doktè Silvert, men se yon viktwa kolektif pou tout moun ki batay pou defann valè lang ak kilti kreyòl la.
Si an 1757 Duvivier de la Mahautière te ekri powèn Lisette quitté la plaine, premye tèks ki, selon done ki disponib yo, te ekri an kreyòl sendomengwen-ayisyen. Alòs an 2025, 268 lane aprè (oubyen avèk memwa lisans ki titre « Lang kreyòl ak mòd kominikasyon nan radyo Pòtoprens yo : Ka emisyon nouvèl moun Ti cherie koute », premye lisans an kreyòl anba men etidyant Edline Lorenceau nan Fakilte Syanzimèn-FASCH (ILA/UEH), an 1998). Job Silvert avèk doktora l la an kreyòl ayisyen ouvri yon nouvo papòt. Se yon lòt chapit nan rechèch akademik ayisyen an, kote lang natif natal pèp ayisyen an, menm jan ak lòt lang manman lòt pèp sou latè, kapab vin yon zouti pou pwodui konesans orijinal, pa sèlman pou entèprete oubyen tradui sa lòt moun ekri (nan nenpòt sistèm ekriti, sitou ekriti braille, pou moun avèg yo), sa lòt moun di oubyen nan pale oral, oubyen nan lang siy e menm nan entèpretasyon, doublaj fim, elatriye. Alòs, yon travay konsa oblije disponib pou gran piblik la ka konsilte l.
« Tèz la gen yon dènye travay k ap fèt ladan li pou li kapab pibliye sou fòm liv », se sa Silvert deklare, lè nou te mande l ki suivi li konte fè avèk kalite travay syantifik sa a.
3.3. Kiyès Doktè Job Silvert ?
Doktè a fèt 24 avril 1996 nan Plezansdisid, Ayiti, li se pwofesè kreyòl nan Fakilte Syans Moun (FASCH) nan Inivèsite Leta Ayiti (ILA/UEH), e li gen eksperyans fè rechèch syantifik depi plis pase 10 lane nan ansèyman ak lengwistik. Li diplome kòm pwofesè kreyòl ak fransè nan CFEF (2014-2018), li te editye lengwistik nan FLA (2015-2019), men li te ajoute sou kredi yo epi fè memwa ak CCU pou l te ka nan estanda entènasyonal la, yon ane sanse ajoute. Epi li soutni lisans li an kreyòl an 2021 anba tit : « Konpetans elèv lekòl nan òtograf kreyòl ayisyen an : egzanp elèv sizyèm ane fondamantal nan Pòtoprens, 2018-2019 ».
Li rapousib epi li fè metriz nan tradiksyon ak entèpretasyon toujou nan CCU (2020-2022), tit metriz la se : « Translation procedures of the bible at church : A case study from French to Haitian Creole translation in Port-au-Pince from 2026 to 2021 ». Alòs jodi a, Silvert fè doktora li nan tradiktoloji toujou nan menm Cornerston Christian Unviversity a, (2022-2025). An total jèn Doktè a gen 4 diplòm premye sik : youn bak+4, youn bak+3 ak de lisans (syans edikasyon, lengwistik), yon metriz ak yon doktora.
Konklizyon
Premye doktora ekri epi soutni an kreyòl ayisyen ouvri papòt yon nouvo epòk kote lang pèp ayisyen an pran plas pi plis nan lasyans, nan teyori ak nan pwodiksyon konesans syantifik. Travay Doktè Job Silvert a, ki reflechi epi òganize pratik tradiksyon an ak yon modèl teyorik endijèn, make yon chanjman estratejik : kreyòl la pa sèlman yon mwayen langagjye, lenguistik e kominikasyonèl, men tou se yon fondasyon pou lasyans, nan demach enklizyon ak aksesiblite. Se yon viktwa kolektif ki mande angajman Leta, inivèsite ak sosyete a pou fè avanse konesans ak lakilti nan pwòp lang pèp ayisyen an.
