Avanyè maten, gen yon lwa revolisyon ki danse, bay payèt, chika kalinda nan tout kafou ki andedan kòkòlòs tèt mwen. Sa fè m santi m dimilòm, brav kou lanpèrè ; min nan fontenn mwen ka leve zonbi nan simityè. M pa fè ni de ni twa, m pran lari a ak yon pankat ki make:"Nouvleviv" M apante bouk la san kite rès. Soti nan katye Tamaren, plonje sou ri Kapwa, ateri sou Plas Solidarite, pase devan komisarya, vire devan palè 365 pòt, pike monte nan Fò Lakrètapyewo. Fò m di nou sa : tout nan wout la m ap chante, m ap simaye revandikasyon nan kòlèt leta.
«Boukmann ooo
Nan bwa Kayiman
Nou lonmen non w
Nou pa detounen w
Nan bwa Kayiman
Papa Boukmann ooo
Nou wè ase
Papa boukmann ooo
Nou rive nan tobout ooo
Peyi nou divize
Lafanmi dozado
Nou pa te fè bwa Kayiman
Pou n te sèvi letranjeeee »
— Nou bezwen lekòl
— Nou bezwen lopital
— Nou bezwen Elektrisite
— Nou Bezwen Sekirite
— Nou bouke benyen
nan san endepandans nou
— Nou vle viv !
— Kot kòb petwo karibe a ?
— Nou pa kapab ankò !
— Libète !
— Libète !
— Aba koripsyon !
— Aba lavi chè !
— Aba lamizè !
— Nou fout bouke !
— Libète !
Nou pa konnen gen yon sansal, yon fèzèkont, yon tripòt, yon lestomak glise k al di matant mwen konsa, O li wè m ap preche yon levanjil piman bouk, yon levanjil danfè, yon levanjil kanzo, yon levanjil gwobibit nan zòrèy leta.
Matant mwen tann solèy la pran wonfle nan zòrèy lannuit, li mare 2 ti menm ak 2 ti baton pye m byen sere epi l tanmen vide danno nan do m san pran souf ! Li ban m baton, li ban m baton, li banm baton. M vire tou won k on balon Manno Sanon bwose pou chire filè gadyennbi. Lè m wè pay do m fin chire, m rele : « Anmweyyyy ! anmweyyy ! anmweyyy ! M ap mouri, m ap mouri.
M pa ka di nou kiyès dirèk nan kout anmweyyy yo ki pete pòt la al tonbe nan zòrèy yon vwazinaj ki te nan setyèm syèl, ki t ap fè womans ak mari l. Li kouri vini san soutyen, pwent tete l kanpe kouwè tèt mòn Sen Nikola. Li karese matant mwen byen karese. Matant mwen fè m gras pou aswè a. Malgre m ap kriye a, pwent tete vwazin nan fè lang mwen kouri dlo. Paske tete se youn nan fwi m pi renmen souse lè m rantre nan jaden lanmou. Men domaj, vwazinaj nan pa nan laj mwen.
Demen, bonè bone. Anvan bajou kase. Anvan lawouze fin taye banda, matant mwen mete tout vye batanklan m yo deyò ban mwen. Li di O m ap fè yo voye touye l nan lakou a pou granmesi. Depi lè a, m ap dòmi nan lari pou m ka twouve byennèt pou tout moun.
Liv : Byennèt pou tout moun (Lodyans)
MALABA Pitit Plim
Ekriven-Powèt, Kontè, Lodyansè, Komedyen, Womansye. Prezidan Salon international du livre et des arts contemporains. PDG Éditions Papye9.
