Yon ti konsèy ki enpòtan anpil pou chalè Ayiti a pa fè dekabès sou ou
Woy, epòk chalè nan peyi Dayiti…
Epòk sa a wa ta di solèy la gen kont ak nou tèlman li mal mennenn. Lajounen w ap toufe, lanwit ou mouye tranp, koze klimatizè a se kèk grenn privilye ki genyen sa. Nan peryòd sa a se toujou menm penpenp la nan konsiltasyon mwen yo nan Aken : fatig, tèt vire, tèt fè mal, pipi a menm wa ta di te kanèl, 9 moun sou 10 se menm dyagnostik la yo genyen.
Pwoblèm nan senp kou bonjou : dezidratsyon. Solisyon an pi senp toujou : bwè dlo. Li pa genyen gou, ni koulè, ni kalori, ni Wi-Fi… men poutan se youn nan pi bon kado ou kapab bay kò w. Men sa ki pwoblèm nan, se paske anpil moun pa konnen si fatig oswa ti malèz yo konn genyen yo se paske yo pa bwè ase dlo. Nan epòk sa a wa pa kouzen, prezidan pa bòpè solèy la. Li gran tan pou nou redekouvri ansanm mèvèy sa a ki gratis ti cheri. San li nou paka viv; mèvèy sila a yo rele li H₂O a.
Dlo se ou – Mete dlo nan kò w!
Si w toujou ap viv ak lide ke w dwe bwè 8 vè dlo pa jou, li lè pou w kite pawòl tafya sa a bò televizyon bouda matla ou genyen an epi vole nan lane 2025 al pran yon ekran ki plat ! Idratasyon jounen jodi a se pa yon mistè; Se yon pwoblèm pèsonèl, klimatik... ak twopikal, sitou anba solèy ayiti a.
Men kantite dlo lasyans di nou dwe bwè pou pi piti
- Gason: prèske 3.7 lit chak jou.
- Fanm: prèske 2.7 lit.
Men atansyon! Dlo ki nan sa nou manje yo tou ladan l. Bon nouvèl tou: ou kapab manje dlo! Konkonm, melon, zoranj, seleri... sa yo se ti gòje dlo ki degize an ti bat bouch.
Men on konsèy m ba ou : Bwè mwatye pwa kò ou an ons (1 ons = ~30 ml). Tankou si ou peze 140 liv (~63 kilo), eseye bwè 70 ons (oswa 2.1 lit). Bwè plis toujou si w ap swe menm jan ak moun ki al kouri nan mòn Aken yo chak maten.
Men poukisa tout dlo sa a? Paske ou fèt ak... dlo!
Ou ka pa reyalize sa, men ou se yon gwo bout tonton boutèy ki gen de pat. Men kijan kò w fèt :
- Sèvo ak kè: 73% dlo.
- Poumon: 83%.
- Po: 64% .
- Musk ak ren: 79% .
- Menm zo w.gen 31% dlo!
Chak selil nan kò w swaf dlo. Dlo a pa sèlman yon rafrechi:
- Li kontwole tanperati kò w (menm lè li fè 35 ° C nan lonbraj).
- Li fè eleman nitritif ki nan kò w yo sikile.
- Li elimine fatra ki nan anndan w yo (mèsi ren!).
- Li grese atikilsayon yo.
- Li kontwole ekilib balans elektwolit yo.
Chak souf ou rale, chak gout swe, chak fwa w al nan twalèt = ou pèdi dlo. Kote w ka fè plizyè jou san manje 72 è tan san bwè dlo ka touye w frèt.
Ki Pi bon moman pou a bwè? Kon w desann kabann ou!
Nan nwit lè w ap dòmi kò w ap travay san fè bri. Li respire, swe, dijere, fè rèv (lap manje bon mango byen mi)... epi li pèdi dlo. Bwè yon vè dlo granm maten se di kò w "bonjou" bonè bonè:
- Sèvo ou rekonekte san pwoblèm.
- Ou rekòmanse dijere tou dousman.
- Kò w kòmanse travay anvan w bwè kafe.
- Po w pran on beny pa anndan.
- E grangou gran m maten an? Anpil fwa se swaf ou swaf se pa grangou w grangou vre.
Yon ti konsèy : Bwè dlo anvan ou bwè kafe. Se tankou ou detire avan w al kouri : ren ou yo ap renmen sa.
Dezidratasyon: ki siy kò a voye ba ou.
Kò a babye anpil lè li swaf dlo. Men kisa l di w lè konsa:
- Pipi w fonse tankou te kanèl ? = Se pa yon bon siy.
- Tèt ou lou? = Gen dwa se pa pwoblèm ki chaje tèt, ou se dlo ou manke bwè.
- Fatig, tèt vire, ou konstipe, ou pa konn si w anlè si w atè? = Sèvo ou an grèv.
- Po bouch ou sèch? = Se yon bon idratasyon l ap tann.
Pipi klè oswa jòn pal = OK .
Jòn fonse, preske maron = Ren w ap mande dlo.
Èske ou ka bwè twòp dlo?
Wi, men fò w ta bon jan fòse bwè anpil anpil dlo. Yo rele sa iponatremi: twòp dlo deleye sodyòm ki nan san an. Sof si tout lasent jounen ou ap kouri maraton oswa ou gen pwoblèm nan ren, kò w konnen lè pou l di w fè on ti kanpe sou bwè dlo a.
Moral istwa a: ni twòp, ni twò piti. Bon kantite a sèlman.
Ti konsèy senp pou w kapab bwè san reflechi
Ou pa vle ap pwomennen ak yon gwo boutèy dlo nan men w? Pa gen pwoblèm! Men kèk konsèy pou w aplike:
- Yon vè dlo chak de zè de tan.
- Yon boutèy dlo anvan midi, yon lòt anvan solèy kouche.
- Mete sitwon, mant, konkonm ladan: dlo yo dwe gou tou.
- Fè sa tounen yon abitid : apre ou fin bwose dan w, anvan ou manje.
- Pran ti boutèy pito li pi fasil pou plen (li pran mwens espas).
Pito ou bwè ti gout tanzantan olye ou bwè tout on sèl kou.
E si nou manje dlo?
Ou pa renmen bwè? Manje ak entelijans:
- Yon salad konkonm ak melon dlo = 90% dlo.
- Yon zoranj byen mi = yon ti gòje dlo sikre.
- Yon ti soup = yon bon idratasyon cho.
An gwo ou bwè pou viv, ou pa sèlman pou rafrechi w. Ou pa bwè dlo pou w a la mòd sou TikTok, ni tou dlo pa yon liks ki disponib sèman pou gwo chabrak yo. Dlo se gaz nan motè lavi w.
- Bwè l glase tankou lè yon fanm fin ba w yon zoklo oswa cho tankou lè l ap karese w.
- Bwè l maten, midi, aswè.
- Bwè anvan ou swaf, paske si ou tann ou swaf pou w bwè ou an reta.
Chak vè se yon ti kado ou bay sante w:
- Li bay sèvo a jarèt.
- Li kwape fatig.
- Fè w dijere pi byen.
- Ede w gen kè kontan.
- Li fè po ou bèl (selfi w ou yo va di w mèsi!).
Pou m fini m ap di w: bwè dlo pou kò w, pou po w... e menm lespri w
Dlo se sous lavi. Li pa bezwen reklam : se kò w ki pral pale de li. Pou sante fizik, mantal ak emosyonèl ou, ou dwe toujou sonje:
- Pipi klè, lespri klè.
- Yon vè dlo a la fwa : Chak vè dlo ou bwè ap fè w santi w pi byen.
- Tanpri souple : bwè san kantwòl ( se de dlo m ap pale wi) !
Pou sante w ou mem k ap li atik sa a bwè ak entelijans.
Doktèr. Aldy Castor, MD
28 mai 2025