Peyi a gen moun !

Vèditè, l’intelligence est l'œil de l’âme qui nous fait voir la nécessité de la Connaissance. L’Intelligence est la soif de Connaissance, le but de l'existence et du Monde à venir, où elle fera resplendir la Lumière de la paix et de l'amour.

 

«Danmballah, nous désirons la Connaissance pour avoir des solutions à nos problèmes et relever le niveau de vie sur l’Empire de Jean-Jacques Dessalines. Accorde-nous ta divine Lumière pour que nous puissions tout voir de plus haut, depuis un angle nouveau, plus élevé. Nous pourrions, avec ton aide, orienter clairement notre comportement et réussir notre vie quotidienne moralement, spirituellement et matériellement».

 

Penser est une totalité; l’on ne peut pas penser ce qui n'est pas, et tout a une place dans la pensée, tout peut y germer croître et fructifier. La Pensée fructifiante est un solide pilier de l'architecture de la vie dans notre pays, source de bonheur, de santé et d'expansion.

 

Ayiti, Kiskéia, Boyo, Hispaniola propulse-nous vers un monde meilleur, ton paysage sain, revigoré, accueillant, en nous accordant ta grâce. Archanges, Chérubins, Divinités Célestes, Lwa, Esprits des Ancêtres, Messagers et Ouvriers de la Lumière, donnez-nous le goût, l'avantage de penser au-delà de notre nombril et le plaisir de répandre la Connaissance de l'Œuvre Divine de la Création, car nous sommes porteur de valeurs éternelles : notre Ego qui souhaite agir pour le bénéfice de Haïti, illuminé par votre Lumière.

 

Devant !

 

Savannah Savary

 

Vèditè, entèlijans se zye pou nanm nou ki pèmèt nou wè l nesesè pou n gen konesans. Lè w swaf konesans, sa vle di w entèlijan, entèlijans la se lavni mond la, se li kap mennen nou nan limyè lapè ak lanmou an.

 

“Papa Danmbala, nou swaf konesans pou n kapab jwenn solisyon n bezwen pou n amelyore kalite lavi nan Lanpi Jean-Jacques Dessalines. Ba nou nan limyè Bondye Kreyatè a ki nan ou pou nou ka wè pi gran nan yon dimansyon siperyè. Ak sipò w, nap kapab amelyore konpòtman nou, nap reyisi lavi nou chak jou a nan nivo moral, espirityèl ak materyèl “

 

Panse se yon pakèt afè ; ou pa ka panse anyen ki vid, epi nan panse w gen plas pou tout bagay. Tout sa nou mete nan panse nou ka jèmen, li ka grandi pou l donnen. Panse pou donnen an se on poto djanm nan plan lavi peyi nou an pou kè kontan, lasante ak pwogrè.

 

Ayiti, Kiskeya, Boyo, Ispayola voye nou monte al nan yon mond ki miyò, ki gen plas pou nou chak pandan wap fè nou gras ou. Akanj yo, Cheriben yo, Divinite Selès yo, Lwa nou yo, Espri Zansèt nou yo, Sòlda limyè yo ansanm ak tout lòt fòs pozitif yo, aprann nou pa wè pou tèt pa nou sèlman, aprann nou pran plezi nan pataje konesans zèv Bondye Kreyatè a paske nou gen nan lespri nou tout sa ki bon pou tout tan yo : sa k andedan nou an mande nou fè tout sa ki bon pou peyi a anba limyè nou.

 

Devan !

 

Savannah Savary

Tradiksyon : Nody Guerrier

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES