Aprè kanaval, sèl moman nasyon an rive ini vre, se lè seleksyon nasyonal la ap jwe nan estad Sylvio Cator. Nan moman sa, ni malere, ni boujwa, ni nwa, ni milat, tout fè yon sèl dèyè Grenadye yo. Yon sèl vwa kouri nan estad la: " ba yo gòl, yon sèl pa sifi ! "
Nan tout kwen, rara ap chante, 11 000 Ayisyen bliye klas sosyal yo pou vin tounen yon sèl fòs dèyè ekip la. Inite sa vin tounen yon gwo sous motivasyon pou jwè yo sou teren an. Chak kout tanbou, chak vaksen, fè yo santi yo tounen mil sòlda k ap defann drapo a.
Malerezman, depi plis pase twa (3) lane, inite sa kase. Seleksyon an oblije al defann koulè nasyonal la nan peyi lòt moun, paske anpil pitit tè a, ki se gwo fanatik foutbòl menm jan ak yo, chwazi detwi peyi a atravè vyolans sou pwòp frè ak sè yo.
Mwen ta renmen poze pitit sa yo, ki se fanatik foutbòl e pafwa foutbolè tou, kèk kesyon senp:
* Èske nou pa ta renmen wè Adé, Bellegrade, Nazon, Pierrot, Danley, Deedson ak tout lòt Grenadye yo kalifye Ayiti pou Koup Dimond 2026 lan ?
* Èske nou pa ta pito an 2026, mete mayo Ayiti a pito pase mayo Brezil, Ajantin ak lòt gran ekip yo ?
* Èske nou pa ta pito wè katye yo dekore ak ble ak wouj pito ke ak san ak bal ?
* Èske nou pa ta pito ti jèn ki kenbe zam yo jodi a jwenn espwa pou yon lavi miyò, paske foutbòl ka louvri pòt pou yo ? Anpil ladan yo se bon jwè ki jis bezwen yon chans.
Dènye faz eliminatwa a fèk kòmanse. Si nou renmen Ayiti vre, ann sispann di sa sèlman nan bouch: ann pwouve l nan aksyon nou. Pèp la foot bouke. Li bezwen retounen nan estad la, li bezwen tounen ap chante pou seleksyon li.
Pèp la deja fè pas la, li remèt nou balon an. Rès la depann de nou. Si nou se vre fanatik foutbòl, si nou vle lapè ak inite, ann jwe balon tèt ansanm. Se sèl fason pou n genyen.
Gérald Bordes