Anba kòd

Jeneralman, lè la polis Dayiti nan kad yon entèvansyon miskle nan yon zòn, rive fè yon gwo kout filè kote li arete plizyè bandi, pou prezante yo nan televizyon bay popilasyon an, pandan ke li ap site non yo yonn aprè lòt, gen vwa yon fanm ki aprè chak non ki site, toujou di: anba kòd.

Sepandan, tit atik sa, se pa yon kout filè la polis te fè. Se pito yon rezime, men yon fason trè komik, ironik menm de reyaksyon anpil mounn sou rezo sosyal yo te genyen pa rapò ak prezans bato Kanadyen ki te nan peyi a pandan plizyè jou e ki finalman te repati nan week end lan.

Anba kòd se yon tèks ki ekri ak anpil imou nan yon estil de ":raisonnement par l'absurde", konsa pou nou rive fè w ri menm jan ak Henri et sa Henriette,  an menm tan tou, nou tou ap pwofite chache konprann sa bato an te vin regle definitivman nan dlo lanmè peyi Dayiti.

Aprè plizyè jou pase nan dlo peyi Dayiti, finalman bato peyi Kanada mete vwal nan van yo retounen lakay yo.

Aprè depa sa, anpil kesyon t ap poze. Se ki sa vrèman ke yo te vin fè? Se ki sa yo te vin regle nan peyi a. Paske pandan ke yo te la, bandi yo p at chome ditou. Yo p at sispann teworize popilasyon an nan katye popilè yo.

Wi, definitivman se pandan ke yo te la bandi yo te deplwaye nan tout kapital lan pou te montre fòs yo genyen. Malerezman pou popilasyon an, nan tout move moman sa yo te ye a, sanble se pat ditou zafè bandi ke bato an te vin regle.

Se sa ki fè, ke se moun ki toujou pou ou kont entèvansyon etranje nan peyi a, yo te oblije ap poze tèt yo kesyon de ki sa bato an te vin regle.

Sou rezo sosyal yo, gen anpil kòmantè ki fèt. Anpil ladan yo fè sans. Pa egzanp gen anpil moun ki di se bagay anba lanmè peyi Dayiti bato an te vin pran. 

Èske se vre? Èske se pa vre? Nou pat rive wè anyen nan boul krystal nou. Men,tankou ansyen gran moun yo te kab di: Tout bagay posib anba syèl ble sa. Anyen pa enposib.

Gen kòmantè ki pi komik ke yon lòt. Se sa ki fè menm nan peryòd difisil ke peyi a ap travèse jodi a, pèp ayisyen, pou yo retire estrès move moman an, yo toujou ap jwenn yon fason pou yo fè blag.  

Chak fwa w li yon kòmantè, ou jwenn youn ki plis komik ke yon lòt. Enspirasyon pèp sa ale pi lwen ke sa Kapitèn bato Kanadyen yo te kapab imajine.

E youn nan komantè ou de preferans, youn nan blag yo, se kote ke gen yon moun ki ekri: aprè pasaj plizyè jou  bato peyi Kanada te pase sou peyi Dayiti, gen anpil pwason tankou kèk gwo reken ki anba kòd. 

Wi, requin tigre anba kòd. Requin blanc anba kòd. Requin martineau anba kòd. Grand requin anba kòd. Pwason malswen anba kòd. Malerezman tout gwo reken ak ti pwason ki nan lanmè nan Bisantenè nan zòn Vilaj de Dye yo toujou deyò ap pawoze. Bato Kanadyen an pat wè yo nan gwo liv li a. Petèt se sanksyon ki ap gen pou pran kont gwo reken ak ti pwason sa yo. De tout fason, qui vivra verra. Qui saura, écrira.

 

Esau Jean-Baptiste 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES