Ayiti: Chanjman konstitisyon dènye batay kolon yo kont Ayisyen

Ayisyen kale je nou!  Mwen pa ka konprann se toujou lè kabrit fin pase pou nap rele fèmen baryè. Mwen pi pa konprann toujou kòman pou yo ap kidnape nou, rache, boule nou,  fèmen pò ak ayewopò nou, yap kraze sistèm sante nou, sistèm  bankè nou, yap kraze lopital, lekòl, inivèsite nou, yo ap detui laboratwa medikal nou yo, devan je moun ki di yo se zanmi nou yo, ki vini ak gwo zam pou defann anbasad yo ak enterè resòtisan yo, epi yo pa fè anyen pou retire grif malfini anba kou nou. Sèl sa ki enterese yo se itilize 2,3 moun ki te dwe fè jibile yo deja nan politik akoz move rezilta ak laj, epi se yo ki ta gen konpetans pou  vin chanje konstitisyon an ak yn gouvènman pwovizwa. Kap gen pou fè yn eleksyon chanpwèl pou mete nèg ki gen grenn zanno kay òfèv lakay yo sou pouvwa pou vin vann yo peyi a an detay pou lasibab.

Epi sa pa di nou anyen? Sa pa fè nou sispèk se yn dènye palavire legal yo pwal ban nou pou yo fini nèt ak nou?

Antouka, si nou dakò chanje konstitisyon an san nou pa chita tèt frèt nan pi bon moman ki ka pèmèt nou chèche sa kap bon pou nou ak moun ke nou ka fè konfyans, ki pou amonize chanjman yo ak  kòd sivil ak lòt lwa ki garanti valè nou kwè ladanl yo ak souverènte nou, nap wè joudlan anvan nwèl.

Mezanmi, jan  Kòd Sivil nou an ye la a, si yo chanje Konstitisyon an nan enterè pa yo, yap fè dyapòt sou nou paske byen nou yo kòm sitwayen pa pwoteje, byen Leta deja nan piyay : yo pwal fofile al kase kase  men malere grangou nou yo pou yn kraze monnen fè similak òganizasyon epi pran tout tè yo.  Pèp nan grangou pap fè bak devan greenbak epi saw tande a vye avoka Ayisyen ak palto tout plim tout plimay pwal bay letranje ak greenback zouti pou yo aplike lalwa ki depase bay moun ki achte pwopriyete a tout pouvwa sou tout sa ki sou tè a ni sa ki anba tè a. Ki donk yn Valpa pran yn tè la pou yn ti monnen epi li jwenn yn min anbal epi li aplike lalwa sa a sou Leta ki pwal rete bèbè anba menas anbasad zotobre a.

Gen moun la a ki pwal di se pa posib paske gen yn lwa ki te bay kondisyon pou etranje yo gen tè a epi anba tè a, nan kèk kondisyon etranje a achete, se pou Leta. Ok e Ayisyen ki grangou yo ki pwal nan nesesite, jwe wòl prètnon an kachèt kay Notè  pou kolon yo , e dyaspora fwistre nou yo kap byen kontan vin pote boure menm jan kèk nan yo nan komès katouch ak zam nan la a ,  sou preteks se biznis yap fè an .

Granmoun di : je fon kriye bonè alò zafè nou si nou pa veye kò nou.

ak vye atik, ki pwal fè asasen mache vòlè, vyole ti pitit minè nou yo sou baz chanjman majorite legal .

Sòt ki bay enbesil ki pa pran.

 

Ann gade pou ki sa yo vle chanje konstitisyon an nan momenntòm sa a,  ki sa ki genyen anba anba :

1) Tranzisyon sa a kap vin apre PM Ariel la ap gen poul jere yon eritaj katastwofik ak destrisyon tout 3 pouvwa Leta yo epi yn administrasyon piblik totalman an debandad kote pèsonn pa gen kontwòl anyen. San konte peyi lòk ki lakòz tout wout ak batiman piblik yo, anpil ladan yo ki te gentan atè depi tranbleman tè a fin depatcha  nèt epi antere anba salte ak fatra.

Konsa, sa pwal nesesite pou moun sa yo kap vin jwe maryonèt nan ban devan teyat kominote entènasyonal  la, ke yo mande epi jwenn yn bon bourad lajan pou yo ka fè sanblan ke yap fè yn kichòy ki ka pèmèt moun rale souf. Se sèl konsa yo pwal ka apeze kòlè pèp ak nèg ak zam, kap gentan foure sou yo kazak lidè sosyal  ak ajan kominotè pou yo bwase lajan nan  debare wout ak ranmase fatra. Sinon bwa a ka mare pi rèd pou peyi a.

Kidonk blan an klè sou sa, fòl jwenn kote poul tòde men sa ki rele tèt yo dirijan Ayisyen yo poul pran tout sa li pat janm pran e li pa ta ka janm pran si tout bagay tap mache plizoumwen byen .

Men, blan an pa egare tankou nou, li vle rasirel ke sal pran, li pranl nèt nan bon ti mamit legal . Donk, men premye motivasyon l poul chanje konstitisyon an la tousuit ak moun tranzisyon yo, kèlkeswa se Konsèy Prezidansyèl oubyen Kou kasasyon. Paske nan moman sa a lap pi alèz pou pakèt ajan ak ekspè li yo vin koupe rache anndan konstitisyon nou an epi ranje tout bagay anfòm pou yo. Konsa nan aplikasyon konstitisyon pèpè a, ya fè rèv efase Ayiti an vin yn reyalite. Alò lè sa a : pap gen zafè se sèl Ayisyen ki mèt tè yo a ankò. Ya pwofite  retounen ak sistèm Prezidan gwo ponyèt tou pisan kap toupizi  Ayisyen, men ki ap ti jwèt yoyo nan men pa yo.  Epi dousman yap foure nan gòj Ayisyen tout koulèv depi lontan nou te kanpe dan sere ke nou pat vle vale yo.

(Pran poz, nan  yn dezyèm pati nap vini ak lòt rezon ki fè  yo vle ban nou yn lòt konstitisyon tousuit. Ti poz la se pou ankouraje lekti teks la)

 

Daniel JEAN, Av.

7 Mars 2024

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES