Ayiti: Chanjman konstitisyon dènye batay kolon yo kont Ayisyen.

(Pati 2)

Ki sa ki fè kominote entènasyonal la ap fè tout janl konnen poul rive chanje konstitisyon Ayiti an ?

Enben bagay la pa senp : yon kote, konstitisyon sa a vini ak yon bagay ki nouvo nan Amerik la, kote li entwodui  yon pouvwa asanble  (pouvoir d’assemblée) ki retire pouvwa toupisan ki te nan men Prezidan avi a , li separe l ak asanble yo soti depi nan kolektivite teritoryal yo jouk rive nan asanble lejislatif la . Se yon sistèm si nou te rive mete l an plas tout bon vre epi kite l fonksyone, li t ap vrèman difisil pou moun ki eli yo bay pèp la gòl ak men.

Sistèm sa a se yon demokrasi reprezantativ men pèp la gen kontwòl reprezantan l yo.

Yn lòt bò, Konstitisyon an vini ak gouvènman 2 tèt nan ekzekitif lan, kontrèman Ak tout peyi nan Amerik lan ki gen tradisyon yon ekzekitif ak yn sèl tèt (swa yon Prezidan, swa yon Premye Minis men pa tou 2 alafwa) epil  toujou kenbe tradisyon 2 chanm nan pou pouvwa lejislatif la . Bagay sa a deranje anpil konplotè etranje ak lokal ki twouve gen twop moun ki pou pale nan koze peyi a  anvan yon desizyon pran.

Alò, tousuit yo vin prefere nan mitan kèk pati politik ak kèk politisyen ki gen podyòm fè pwomosyon pou nou retounen  nan sistèm prezidansyalis la.

Men se yon fason tou pou yo aplike metòd peyi Afrik frankofòn yo, kote  yo pote boure dèyè yon Prezidan fò, toupisan, men ki rann pi fasil  pou yo yon kout gidon politik, diplomatik menm si grese pat  ta koute yo yon  milya dola vèt  k ap toujou rete sere nan bank lakay yo ankò paske lè sa  pase mal se la ankò benefisyè a pral pran ekzil poul boule lajan an.

Kolon yo prefere yon dil konsa  paske li pi bon mache pou yo, yo rasire yo an retou y ap piye tèt kale san plenyen peyi a menm pou mil milya dola yo te bay la . Yn lòt kote, y ap kapab san kontwòl ni dedomajman ankouraje vòlò, vyole ak kokobe kantite timoun yo vle, nan eseye tout kalite pratik ak vye vaksen sou yo, esterilize yon pakèt fanm san volonte yo, pou yo pa fè pitit, simen tout kalte epidemi nan mete vye laboratwa k ap fè vye eksperyans sou moun, bèt ak anviwonnman nan fouye tout kote atè, nan lanmè ak nan lèzè pou chèche richès min ak jizman. Epi p ap gen pale anpil tout bagay ap sou kontwòl sekrè deta.

Se konsa kanpay kont Konstitisyon an koumanse kote yo pral pi akselere l apre deklarasyon Prezidan Preval ki fè kwè ke Konstitisyon an se pi gwo sous enstabilite a .

Men n ap remake depi 1987 jiska konnye a konstitisyon sa a poko janm an aplikasyon e pa janm gen jèfò ki fèt pou l ta aplike nòmalman sou tout gouvènman ki pase yo depi 1987 .

Alò pou yo kraze konstitisyon 1987 la, ki chita sou yon pouvwa mwatye-palmantè / mwatye-prezidansyèl ak desizyon yo  ki plis chita sou deliberasyon ak pouvwa majorite, Yo pral apiye sou yon pakèt fo agiman tankou :

a) sistèm sa a kreye twòp konfli

Men yo dakò pou sistèm k ap vin ranplasel la gen yon visPrezidan ki pral gen posibilite pou l pyeje travay k ap fèt nan Palè a, pete goumen ak Prezidan an ak ekip li paske y ap nan menm Palè a . Sa a p ap konfli pou yo paske se yo 2 sèlman yo pa anpil pou yo kòwonp yo, oubyen kloutoup kloutoup yo menm jan ak Jojo.

b) Ayiti twò pòv poul gen prezidan ak Premye Minis .

Manti, Premye Minis nan sistèm politik ayisyen sa a , si nou te byen jere l se t ap pi bon reyalizasyon pou yon peyi tankou Ayiti kote tout bagay se politik,  epi kote pi gwo anplwayè se Leta.

 

Pou kisa li t ap pi bon sistèm?

Paske li ta dwe fasilite yon woulman nan pèsonel politik la san gwo lese frape epi pèmèt chanjman ekip sou baz move rezilta sa ta ka fòse  jefò moun ki monte yo pou bay pi bon rannman nan aterisaj politik piblik yo.

Men pi gwo avantaj se fasilite li fasilite ke nou kase gwo fwistrasyon yon opozisyon souf kout ki fòme de pati politik an majorite chomè ak pòv kap jofre travay, kontra ak pòs nan Leta ki p ap janm ka rete tann 5 lane pou yon manda fini anvan yo ta ka souse yon mant. Donk yon woulman PM de tanzantan evite  Prezidan an pran nan mouvman dechoukaj,  rache manyòk.

Lòt bagay la ak prezans yn PM nou ka pèmèt pòs Prezidan gen plis onorabilite paske Prezidan an p ap jere dirèkteman administration an, epi sosyolojikman li ka pran woulib sou sou do pèp  ki toujou panse ke Prezidan yo se bon moun, se  moun ki sou kote l yo ki move je. Donk, Prezidan an vin   gen plis estabilite ak espas pou jesyon politik la ak mwens presyon sou dol paskel ka toujou sèvi ak PM nan kòm fizib ki pou sote a, lè yn bagay sanble p ap mache.

 

Pou Palman an tou  yo gen 3 fo agiman :

a) Yo di li koute twò chè nan yon peyi pòv konsa pou gen depite ak senatè. Yo dèyè mete pito yon chanm Sena ak 11 reprezantan depatman enkli dyaspora paske Leta pa gen mwayen peye pil ak pakèt  palmantè sa a yo.

Agiman sa a pa kanpe sou anyen paske Ayiti se peyi ki pi pa administre nan tout Amerik la e lè y ap pale de kòripsyon ann parye ke se rezilta absans pèsonel politik ak teknik nan jesyon Leta a. Pa gen okenn pouvwa ki òganize pou jere, kontwole, evalye ak sanksyone aktivite leta a. Lan banbilay administrasyon toutouni sa a kouman pou moun pa foure men pran, gaspiye san gade dèyè byen Leta. Pi fò ògàn konstitisyonèl yo pa ekziste, sa ki la yo pa fonksyonèl.

Pa gen dout sou sa,  pou sivi pwovens yo 2 pòs sa a yo trèzenpòtan paske yo se  sèl motivasyon  pou moun ki konn li rete andeyò paske se sèl  pòs onorab yo ka reve : depite ak senatè .  Retire 2 fonksyon sa a yo ap mete pwovens  yo toutouni nèt. Gade pou nou wè, malgre gwo dega kòripsyon mesye dam palmantè sa yo fè sou peyi a ,  pèsonn pa ka inyore ke kanmenm ak prezans yo kèk ti inisyativ pran pou retire peyi andeyò a nan anvlopman li ye a depi 2 syèk la.

b) lòt agiman,  yo kritike ke palmantè yo anpil ladan yo pa ta save pou djòb fè lalwa nan Palman, gen moun menm k ap joure ke Ayiti tonbe twò ba, yo gen nostalji gwo plimeyank tankou Louis Joseph Janvier, Doktè Rosalvo Bobo k ap simen gwo fransè nan Palman ke pèp ap aplodi san konprann.

Se yn lòt fo agiman ankò , demokrasi a bay pèp la dwa pou l chwazi moun ki nan mitan l pou reprezante l, lè l ap fè chwa se moun k ap viv nan kanton l ki konn batay pou li osnon k ap viv menm lavi ak li l ap chwazi. Lalwa mete yon minimòm kritè pou okipe fonksyon sa a yo, men chwa fondalnatal la pa ka chita sou konesans ak gwo diplòm nan yn peyi kote fè etid primè selman nan pwovens ke nou rele peyi andeyò yo se yn gwo eksplwa.

Donk chwa moun yo pou l demokratik li pa ka baze sou lòt bagay ke  konn li ak ekri, bon konprann ak yon ti eksperyans politik.

Epi, Fondamantalman, wòl depite ak senatè se vin gade ki desizyon k ap pran nan gran wonn pouvwa souveren yo nan Pòtopwens , pou yo kore, si sa ap bon  oubyen konbat si sa p ap bon pou depatman ak sikonskriosyon yo.  E grenn jan pou yo fè sa se sèlman vote.

Wòl  palmantè a se pa ekri tèks lwa, sa se  travay savan leta dwe rekrite nan yon estrikti konsèy ki chita anndan Palman an  ki gen plizyè gwo espesyalis plimeyank ki la pou sèvi konseye ak tout palmantè . E djòb espesyalis sa a yo se ede palmantè a wè klè sou gwo diskisyon ki konsènen enterè Larepiblik pou l ka chwazi nan yon vòt suivan konpreyansyon l, konsyans li ak enterè zòn li.

Sepandan  se pa konsa òganigram Palman an bati ,  yo enstitiye  yon kesti k ap rache koupe  lajan konsèy savan sa a  an miyèt moso  bay chak palmantè pou yo al chèche ekspè pa yo.  Bon nou serye?

Nan yn peyi pòv konsa saw t ap atann sinon ke  palmantè a chwazi ti fanmi l, ti zanmi l, konpayon lit li, mèt pati ki te sipòte l la li pataje kòb la epi Larepiblik nan manba.

Donk, nou dakò la a,  se pa palman 2 tèt ak eli enkonpetan ki pwoblèm nan, se pito jan Palman pa òganize poul ta efikas.

c) Yo repwoche Palman an kòwonpi paske l ap fè chantaj pou l vote bidjè, poul vote PM. Se vre ! Men se paske  ekzekitif la toujou ap chèche  lolol poul  lalal, nan jwèt marèl, kachkach liben pou ke se moun  ki pa klè yo vle poul vote kòm PM pou yo oubyen fè kout gidon nan bidjè a pou yo.  Konsa palmantè yo vin dekouvri Palman se yon towo bèf san kòd legal nan tèt li, an bon entèlijaaan doktè-militè-palmantè yo pwofite  fè bè yo epi trennen tout palman an nan labou.

Men eske nou  bezwen chanje konstitisyon an pou nou ranje sa ?

 Non! Depi inisyativ amandman prezidan Preval la te gen moun ki te fè  2 bon pwopozisyon pou kase chantaj nan Palman: youn ki baze sou nesesite asire kontinyite leta, lòt la se te nesesite pou nou retounen ak “dekrè-lwa” ki te toujou nan dispozisyon legal Ayiti avan Konstitisyon 1987 la.

Kòman sa tap fèt ? Nan amandman nou t ap fè ke delè deliberasyon asanble an  t ap kle nan rezoud lago kache  pou yo kraze kowòm . Si Palman an pa respekte delè poul fè remak li yo, oubyen delè vòt la epi retounen pwojè lwa  bay  ekzekitif la enben ekzekitif la pa ta dwe bloke pou sa nan enterè kontinyite Leta li t ap konstate ekspirasyon delè sa a  epi aplike tèks li te soumèt la sou fòm dekrè prezidansyèl. Si pi devan nan kelkeswa tan an, palman an rive pwodui remak li yo epi vote an final  l ap vin konsidere kòm amandman  dekrè a epi lap chanje non an, lap vin  dekrè-lwa. Men Palman an pa t ap gen pouvwa pou elimine tèks premye dekrè a totalman.

Pou chwa PM nan se t ap menm senaryo delè pou vòt la, si yo pa vote nan delè a PM nan Prezidan an chwazi a ak 2 Prezidan Chanm yo, li vin konsidere kòm aksepte epi nonmen ki ap antre an fonksyon imedyatman jiskaske si gen bagay pou yo ta repwoche l, Palman a ba l nan jan konstitisyon an di a yn vòt ki dezapwouve l. Konnye a si yo ta dekouvri li te bay manti poul pran pòst la : sou  nasyonalite l, kalite l, patrimwàn li, ak konpetans li, rapidman se arete l fè l remèt tout kòb li te touche nan fonksyon an, mete byen l sou sekès poul dedomaje Leta.

Mezanmi nou wè gen solisyon, men se pa sa kominote entènasyonal la ak politisyen nostaljik pouvwa gwo ponyèt yo  ap chèche . Yo pito 2, 3 grenn nèg ki kòwonpi oubyen ke y ap fini pa kòwonp ak lajan tout kalite pou yo ka chanje Konstitisyon pou yo rive kontinye fè sa y ap fè yo epi fè Ayisyen pase pou pèp ki pi bèt sou latè beni, ki pi pa ka dirije tèt yo.

Konsa yo fini pa mete vre nèg a kravat yo fas a fas ak nèg a sapat yo kote chak ap chèche kraze lòt la tankou ravèt. Men nan tire lobe sa a , se  sèl kominote entènasyonal la k ap jwe pi bon wòl la kòm poul ak bèk fè.

 

Daniel JEAN, Av.

7 Mars 2024

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES