Nan peyi Dayiti, kote tout popilasyon an pale epi konprann lang kreyòl, aparèy jidisyè a ak administrasyon piblik la ap fonksyone depi plis pase de syèk an fransè sèlman. Pratik fonksyònman sila yo pa manke kontrè avèk sa Konsitisisyon 1987 la ak Konvansyon entènasyonal sou respè Dwa lenguistik pèp Ayisyen an sitou Jistisyab yo. Se nan kontèks kote leta bòykote lang mas pèp la, nan mwa me 2026, Joseph Wilvy Louis make yon lòt fwa ankò istwa, nan Inivèsite Piblik Sid nan Okay (IPSOK), lè li soutni (omwen) dezyèm memwa lisans nan Syans jiridik nètalkole an kreyòl ayisyen. Travay sa a analize Dwa lengwistik jistisyab yo devan Tribinal Okay la soti 2022 rive 2024. Rechèch la montre ijans ki genyen pou ann Ayiti gen yon sistèm ki akouche jistis ekitab nan respè Dwa lang mas popilè a. Lang kreyòl Ayisyen an.
Rezime
Anpil chèchè lan syans moun fè yon konsta ki pote yon gwo pwoblèm nan djakout li, ki fè wè aklè, se vre Manman lwa peyi a rekonèt estati ofisyèl ak priyorite lang kreyòl la, men, aparèy jidisyè a ap fonksyone an fransè sèlman, sa ki majinalize epi ekskli sistematikman majorite jistisyab (moun oubyen enstitisyon ki annafè ak lajistis) ki konnen epi konprann kreyòl (kreyolofòn) yo.
Devan konsta malouk sa a, kesyon nou merite poze: Kijan mank entèprèt ak dokiman legal an kreyòl afekte dwa pou moun jwenn yon pwosè ekitab ki respekte dwa lang ak diyite jistisyab yo ?
Enpòtans travay la charye yon ipotèz ki moutre vrèman vre, baryè leta mete nan sèvi inikman ak lang fransè (mwens pase 10 % popilasyon ayisyèn lan konnen lang franse a tout bon vre) a pwodui epi repwodui diskriminasyon ki lyannen nan prejije ak inegalite eritaj kolonyal oksidantal la, kote leta ak lajistis sèvi bouwo k ap bafwe dwa lengwistik ak diyite sitwayen yo.
Nan Kalfou danje sila a, koze ekri rechèch an kreyòl sou pwoblèm k ap ravaje sosyete a atire atansyon, paske, travay sa a ankouraje leta kreye yon politik lengwistik dekolonyal solid epi ankouraje jenès la kontinye pwodui lasyans an kreyòl. Sa ki fè zouti panse syantifik vin disponib nan lang mas popilè a.
Bonèt travay rechèch pou memwa lisans nan Syans jiridik Joseph Wilvy Louis a
Devan yon jiri ki te gen kòm prezidan, Mèt Anthony Gédeon, Pwofesè Pierre-Michel Laguerre kòm lektè kritik ak Pwofesè Jean Ronald Rigeaud kòm direktè memwa, Joseph Wilvy Louis tounen dezyèm lisansye (selon enfo nou genyen) nan syans jiridik ki soutni yon memwa nètalkole an kreyòl ayisyen nan peyi a. Atravè platfòm dijital li yo, Inivèsite Piblik Sid nan Okay (IPSOK) te rann piblik enfòsmasyon sou reyalizasyon soutnans sa a jou vandredi 22 me 2026 la. Tèm rechèch la pote sou : « Dwa lengwistik Jistisyab yo devan lajistis nan peyi a: ka Jistisyab yo nan jiridiksyon Tribinal premye enstans Okay la, 2022-2024 ». Apre deliberasyon, jiri a akòde travay rechèch la yon nòt 85 sou 100, yon distenksyon ki salye efò akademik nouvo lisansye a, ak enpòtans chwa lengwistik sa a.
Pou pote plis limyè sou gwo evènman sa a, ki pouse estatistik disponib yo rive omwen nan 20 memwa lisans ak yon tèz doktora ki ekri an kreyòl depi lane 1998 pou rive me 2026, nou te rankontre jèn jiris la, Joseph Wilvy Louis, pou ou.
Alòs, ki pi gwo baryè enstitisyonèl, epistemik ak teknik ki anpeche lòt etidyan swiv tras Wilvy pou yo pwodui lasyans an kreyòl ? Oubyen tou, ki enpak pèsepsyon mank zouti ak referans doktrinal an kreyòl genyen sou fòmasyon jiris yo nan peyi a ? Oubyen ankò, ki wòl ijan inivèsite kapab jwe pou kontrekare pratik kolonyal diskriminan ki bòykote Dwa lengwistik mas popilè a nan espas pwodiksyon syans ak nan pwosesis jidisyè a ?
Gen chèchè ki rete kwè, youn nan gwo obstak sistèm jidisyè ayisyen an se disponiblite leksik estanda an kreyòl (Robert Berrouët-Oriol, 2026). Gen lòt ki panse, li nesesè pou kou fèt sistemikman an kreyòl soti nan ti klas rive nan wo nivo inivèsite (Yves Dejean, 2004). Refleksyon sila yo montre gen yon vid ki ranfòse pratik kolonyal ki chita sou rapò miwo-miba kay jiris yo, kote malgre ofisyalizasyon lang kreyòl la avèk primote teyorik li genyen selon Konstitisyon 1987 la, nan pratik sèvis leta, enbyen jiris yo kontinye panse epi pratike yon Dwa pozitif ki defakto an fransè inikman. Lang fransè a, kontrèman ak sa anpil moun te kapab panse, li toujou rete yon lang kolonyal, etranje, pou majorite popilasyon ayisyèn lan ki li menm pa konnen l ni an pent ni anpenti.
Fas ak pwoblèm mekonesans lang ansyen kolon yo kay majorite popilasyon an, inegalite, diskriminasyon ak irespe Dwa lang mas popilè a, gen moun ki ret kwè, inivèsite nan peyi a gen obligasyon fè rechèch, louvri laboratwa epi kolabore ak Akademi Kreyòl Ayisyen an pou pwodui bon jan rechèch ak bonjan dokiman an kreyòl ayisyen epi rann dokiman legal yo disponib nan lang mas pèp la metrize a (Marie Lily Cerat, 2015).
Alòs, se nan kalfou deba sa yo travay rechèch Joseph Wilvy Louis a panche sou youn nan pi gwo defi sistèm jidisyè ayisyen an ap konfwonte: dwa jistisyab ki pale kreyòl yo pou yo jwenn jistis ekitab nan yon aparèy jidisyè ki fonksyone fòmèlman inikman an fransè, nan lang ansyen kolon yo. Poutan, pratik monolengwis sistèm jidisyè ki ann Ayiti a, dapre sa Konstitisyon 1987 la ak Konvansyon entènasyonal sou Dwa moun yo garanti, pratik sa mete an kesyon Dwa lengwistik ak Respè diyite moun (mounite) jistisyab yo.
I. DOMINASYON LANG FRANSÈ NAN ADMINISTRASYON PIBLIK LA AK EKSKLIZYON SOSYAL
1.1. Sipremasi fransè a nan dokiman ak enstitisyon leta yo ann Ayiti
Manman lwa peyi a (Konstitisyon 1987 la, ki te ekri epi vote an kreyòl ak an fransè, byenke amandman 2011 lan te fèt prese-prese an fransè sèlman) ansanm ak Konvansyon sou Dwa moun, garanti Dwa lengwistik pèp ayisyen an. Yo egzije pou lajistis fèt nan lang jistisyab la pale epi konprann. Men poutan, malgre dispozisyon legal yo mande pou gen entèprèt, tradiktè ak dokiman legal yo disponib an kreyòl ayisyen, aplikasyon mezi sa yo nan tribinal toujou rete yon gwo defi pou rann jistis kòmsadwa sou tout teritwa nasyonal la. Patikilyèman nan Okay.
Se la a done ankèt Wilvy te mennen an montre yon reyalite ki rèd : « Pi fò tèks lwa yo pa egziste nan lang kreyòl, epi pratik aktè jidisyè yo pa kadre ditou ak garanti Konstitisyon an bay sou Dwa lengwistik yo. » Anplis mank resous materyèl ak pwofesyonèl nan tribinal yo (tankou tradiktè ak entèprèt kalifye), gen yon gwo pwoblèm adaptasyon ak konpreyansyon tèminoloji jidisyè a nan lang kreyòl la.
Chita-tande jèn chèchè a te fè ak jistisyab yo nan jiridiksyon Okay la, sitou sa ki nan prizon sivil yo, mete limyè sou yon doub kriz. Anplis move kondisyon imanitè yo (malnitrisyon, mank lijyèn), prizonye yo ap fè fas ak yon blokaj kote lang ak langaj yo tounen yon baryè devan yon sistèm jidisyè k ap repwodui diskriminasyon, prejije ak inegalite ki lyannen nan eritaj kolonyal oksidantal la. Kote depi 1492 lè Panyòl yo te ateri sou Zile a, pase pran Code Noir 1885 ki te entèdi lang esklavajije yo rive jounen jodi a kote leta pa sèvi ak lang mas popilè a nan lajistis sitou sou fòm ekri, alòs, nan sans sa a, Dwa lengwistik la ki poutan se poto mitan pou garanti konpreyansyon ak libète ekspresyon an rete yon dwa ki pa garanti an pratik nan lakou enstitisyon piblik debaz la, lajistis.
Se nan objektif pou kontribye nan respè Dwa lengwistik jistisyab yo (Dwa lengwistik pèp ayisyen an garanti li Dwa pou leta sèvi l nan peyi l nan lang li, lang kominote ayisyen an, lang kreyòl la) jèn chèchè a fòmile plizyè pwopozisyon ki transmèt dirèkteman bay leta ki sou teritwa Ayiti a, aktè jidisyè yo, ak jistisyab yo menm.
Alòs, sou 4 chapit ki layite sou 70 paj, Wilvy etidye rapò Dwa lenguistik ak pratik jidisyè nan peyi a. Chapit II nan memwa a, ki chita sou kad legal entènasyonal ak nasyonal, fè yon analiz detaye sou ansanm enstriman ki garanti Dwa lengwistik moun ki annafè ak lajistis yo, jistisyab yo. Konsa, chèchè a pati depi nan kòtòf lestomak Lwa òganik septanm 1979 (Refòm Bèna) a, li pase nan Konstitisyon 1987 la kote atik 5 lan deklare kreyòl la se « lang ki simante tout Ayisyen ansanm », li rive nan Kòd enstriksyon kriminèl, Kòd sivil, san bliye ansanm enstriman entènasyonal ki gen rapò ak dwa lengwistik yo tankou : Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun yo, Deklarasyon Inivèsèl sou Dwa Lengwistik yo ak kèk lòt ankò… Nan chapit sa a, Wilvy demontre « lejislasyon peyi a gen tout baz legal pou lang kreyòl la sèvi nan tribinal yo kòmsadwa », men selon obsèvasyon konkrè ki fèt, sistèm jidisyè (enstisyon tankou tribinal, koujistis ; pwofesyonè tankou majistra, avoka …) ak sistèm jiridik (ansanm règ, lwa, an enstisisyon dwa peyi a) la « gen yon gwo twou vid ant lwa ak pratik yo ».
1.2. Majinalizasyon kreyolofòn yo : Etranje nan pwòp peyi w
Avan nou al pi lwen, an nou wè ansanm kijan travay rechèch Wilvy a rantre nan yon dinamik pwodiksyon syans an kreyòl nan inivèsite ki deja kòmanse depi plis pase yon jenerasyon.
Depi lane 1998, lè Edline Lorenceau te soutni premye memwa lisans an kreyòl nan Fakilte Syanzimèn (FASCH) Pòtoprens, rive nan novanm 2025 kote Pwofesè Job Silvert soutni premye tèz doktora an kreyòl anba tèm : « Tradiktoloji kreyòl ayisyen kòm lang sib : Etid sou fondman teyorik travay tradiktè yo pou yon didaktik tradiksyon kreyòl ayisyen an, soti 2015 rive 2025. », eksperyans ekri epi soutni travay rechèch an kreyòl ayisyen reprezante yon etap enpòtan nan dinamik dekonstwi rapò dominasyon lang ak kilti ansyen kolon yo nan sosyete a nan espas lasyans.
Men, selon enfòmasyon ki disponib, eksperyans ekri memwa lisans nan syans jiridik an kreyòl ta sanble sou dezyèm reyalizasyon li. Premye a se ta zèv Mèt Guerry Duversaint ki te ekri memwa lisans li nan Syans jiridik anba tèm : « Konsiderasyon sosyal ak jiridik sou sitiyasyon fanm ki ap fè pwostitisyon : ka bouzen fanm sou Channmas. » Memwa sa te fèt nan L’École de Droit et des Sciences économiques des Cayes, an 2017.
Yon etid ki fèt anba men Kenny Thelusma ak Elmano Endara Joseph epi ki pibliye nan Le Nouvelliste, an fevriye 2026 te resanse Omwen 19 memwa lisans ak yon tèz doktora ki te redije an kreyòl ant 1998 ak 2025 (18 nan Ayiti, 2 Etazini). Memwa lisans Mèt Guerry Duversaint an te rive resanse an 12èm pozisyon nan lis 19 memwa lisans sa a yo.
Se nan chimen difisil ekri kote lang ak kilti kreyòl la ap sibi prejije nan leta ak nan inivèsite, travay rechèch Wilvy a enskri tèt li, omwen, kòm ventyèm memwa lisans ki konfime kapasite ak puisans lang ak kilti kreyòl la pou l pwodui konesans syantifik. Nan nivo IPSOK, lisans sa a reprezante dezyèm eksperyans pwodisyon syans an kreyòl. Li vini apre yon premye travay de (2) etidyan, Angeline Veillard ak Diachoix Belfond, te reyalize nan domèn Syans ledikasyon nan lane 2023. Tèm memwa sa se : « Trètman lang kreyòl la andedan lekòl yo nan Depatman Sid Ka : 6 lekòl (2020-2022). »
Sizanka soti 1998 rive me 2026, nou idantidye 20 memwa lisans an kreyòl ayisyen. Poutan, nan Fakilte Syans Moun (FASCH) (ki kreye an 1974, kote premye memwa lisans an kreyòl la te fèt nan Kominikasyon sosyal anba men Edline Lorenceau) gen 169 memwa lisans ki fèt soti 1982 rive fevriye 2024 (Lefranc Joseph, 2024). Nan 169 memwa lisans nan Kominikasyon sosyal sa a, gen sèlman 3 tigrenn memwa ki fèt an kreyòl (1998, 2002, 2017). Apre sa, 166 nan lang fransè. 3 tigrenn memwa an kreyòl ayisyen an reprezante 1,77 %. Pilwen, sou menm peryòd la, nan menm FASCH la, gen 796 memwa lisans antou fi fèt nan 4 depatman : Kominikasyon sosyal, Sosyoloji, Sèvis sosyal ak Sikoloji. Se inikman nan deptaman Kominikasyon sosyal la ki gen 3 tigrenn memwa ki rive fèt nan lang mas popilè a. Sa ki montre aklè, menmsi fakilte nan peyi a di yo ap etidye sosyete a, men fakilte yo se espas pwodisyon ak repwodiksyon inegalite lang ak rapò miwo-miba pami kilti nan espas pwodiksyon syans nan sosyete a. Nan yon sosyete kote syans pa fèt nan lang mas popilè a, se yon sosyete ki fè mas pèp la rete etranje nan pwòp peyi l.
II. DINAMIK CHANJMAN ENSTITISYONÈL AK REYALITE-DEFI AKADEMIK YO
2.1. Kreyòl fas ak monopòl fransè a nan Syans jiridik nan IPSOK
Nan sa ki konsène Syans jiridik nan IPSOK, tandans dominasyon lang fransè nan pwodiksyon rechèch inivèsitè yo pa twò diferan. Sizanka te deja gen yon lisans nan Syans ledikasyon an kreyòl an 2023, men premye fwa yon etidyan ekri epi soutni memwa li an kreyòl nan yon domèn kote lang fransè a te toujou sèl chwal k ap galope, se Wilvy ki fè travay sa a. Sa montre poto mitan kilti ak lang kreyòl la ap pran plas li, tou dousman, men, asireman, nan lakou enstitisyon inivèsitè nan peyi a. Jèn jiris la ki konnen kijan rapò miwo-mib pami lang ak kilti nan sosyete a ye nan espas inivèsite yo, li deklare : « Chanjman an ap vini kanmenm, menmsi l pran tan ». Pawòl sa a mete limyè sou nesesite pou lòt chèchè ki konsyan sou pwoblèm dominasyon ak inegalite yo pwodui syans an kreyòl nan yon sosyete tankou Ayiti, kote lang ak kilti sèvi souvan kòm mwayen pou klase moun, bati yerachi ki tabli sou baz prejije, epi repwodui sistèm dominasyon ak inegalite estriktirèl ki soti nan kòtòf lestomak pratik kolonyal ki te kode nan Code Noir a depi tan Bimbo (Michel-Rolph Trouillot, 1977), nan epòk kolonyal oksidantalosantre a (Salomé Molina Torres ak Iris Padiou, 2022).
2.2. Syans an kreyòl : Yon pakou difisil nan mòn Pilbowo lasyans ann Ayiti
Eksperyans Wilvy a, menm jan ak pa lòt etidyan ki te deja fè sa avan l yo, montre aklè gwo mòn Pilbowo planke nan mitan Kalfou lasyans nan espas inivèsite yo. Sa ki mande yon etidyan genyen anpil kouraj pou franchi mòn sila depi yo deside ekri an kreyòl. Nan sans sa a, Wilvy fè konnen : « Gen anpil moun nan domèn dwa ki te di nou se fransè ki lang pwosedi a. Yo te fè nou konprann tou, dwa se yon domèn fòmalis; sa vle di, fòk nou respekte de je fèmen tout tèminoloji tradisyonèl yo. »
Reyalite malouk la se, depi 222 lane (soti 1804 pou rive me 2026), leta ki Ayiti a pwodui sèlman de (2) dokiman legal dirèkteman an kreyòl ayisyen: Konstitisyon 1987 la (ki te vin amande an fransè sèlman nan lane 2011 nan yon pwosesis prese-prese) ak Lwa ki kreye Akademi Kreyòl Ayisyen an, an 2014. Vid sa a nan nivo legal fè anpil moun kwè, se nan lang ansyen kolon an sèlman pwosedi jidisyè yo dwe fèt.
Men, sizanka aktè jidisyè yo rete kwè dwa makònen ak yon fòmalis avèg de je fèmen, kisa ki pouse jèn chèchè a kase baryè prejije lengwistik sa yo ? Wilvy eksplike, « se vizit mwen te fè nan prizon sivil Okay la ki te konvenk mwen ekri memwa a an kreyòl pou ride syans nan lang mas popilè a. Lè mwen t ap koute prizonye yo, mwen te wè ijans pou mwen fè travay la nan lang tout moun konprann nan peyi a ». Anplis chèchè a te konsyan sou enpòtans pwodwi rezilta rechèch li nan lang jistisyab yo, yon Majistra nan Pakè Okay te ankouraje l tou. Joseph Wilvy Louis, ki deja nan nivo Metriz nan Syans ledikasyon epi ki vin lisansye nan dwa jodi a, rakonte li te jwenn gwo bourad nan men Pwofesè Jean Ronald Rigeaud. Direktè memwa sa a te sezi rapidman vizyon didaktik ak enpòtans syantifik ki genyen nan pwodui syans jiridik nan lang tout Ayisyen konprann lan. Lang kreyòl Ayisyen an se lang Konstitisyon 1987 la bay premye plas nan lavi sèvis piblik yo (Alain Guillaume, 2011).
Byenke te gen volonte ak otorizasyon direksyon inivèsite a, men, jwenn pwofesè ki maton, ki metrize Syans jiridik la ansanm avèk lekti ak lengwistik kreyòl la pou evalye yon travay memwa, koze sa a pa t yon jwèt fasil. « Mwen te depoze memwa a depi mwa oktòb 2025. Men, responsab fakilte a te fè m konnen pa t gen pwofesè ki te gen ase konpetans nan lengwistik kreyòl pou konplete jiri a », se sa Wilvy denonse. Sa te fòse l tann plis pase 5 mwa, soti oktòb 2025 pou rive 22 me 2026, pou l te ka finalman defann travay li a.
Avan menm blokaj ki lye avèk absans moun konpetan nan lengwistik kreyòl nan enstitisyon an, travay rechèch sou teren an te deja pote lòt kalite tribilasyon pa li. « Gen jij ki pa t byen akeyi nou ditou... yon Responsab nan Tribinal Premye Enstans lan te meprize nou nèt. Li te menm di nou, travay sa a pa nan priyorite l epi li pa la pou l resevwa etidyan. », se sa Lisansye a fè nou konnen.
Malgrè tout gwo obstak sa yo, eksperyans fè rechèch an kreyòl la montre aklè, lang pèp ayisyen an, lang kreyòl la gen tout kalite zouti konseptyèl pou l sèvi kòm lang syantifik (Renauld Govain, 2021). Si anvan soutnans lan te gen anpil retisans ak dout sou kapasite kreyòl la pou l pote refleksyon lasyans, reyalite prejije sou lang lan, èske l ap chanje apre sa ? Jodi a, anpil moun, sitou Pwofesè ki responsab epi k ap fè syans pou chanjman sosyal epi ki vle kontinye bouske sou chimen aksè ak syans epi kilti nan lang pèp la, etidyan ki konsyan sou rapò miwo-miba pami lang ak kilti nan sosyete ki te kolonize yo, yo rekonèt richès lang kreyòl genyen pou l di pawòl lasyans epi kontinye sèvi kòm yon zouti liberasyon tout bon vre. Gen plizyè etidyan ki deklare travay Wilvy a louvri yon gwo pòt pou yo, epi genyen ladan yo ki di yo pare pou ekri pwòp memwa pa yo nan lang manman yo. Lang kreyòl la.
Ansanm kòmantè sa yo montre, sizanka lang kreyòl la menm jan ak lòt lang sibi diskriminasyon, prejije (Renauld Govain, 2021, 2022) men, lè gen jefò ki fèt pou pwodui an kreyòl, didaktiman, se modèl ki trase pou lang lan benefisye valè nan je moun ki an kontak ak lang lan nan sosyete a.
Alòs, se sa ki kapab fè, selon Wilvy « lè Inivèsite a te pibliye enfòmasyon an sou rezo sosyal yo, reyaksyon yo te pozitif anpil », epi li pousuiv pou di « mwen jwenn tèks ak apèl ki montre "mantalite yo kòmanse chanje.’’»
Anplis de sa, pwodiksyon nan lang pèmèt dekonstui diskou diskriminan sou lang ak sou moun ki sèvi ak lang, alòs, èske enterè pwodiksyon syans nan lang pèp pa soulve kesyon pi gwo ki gen awè ak transfòmasyon sosyal reyèl la ? Oubyen, èske pwoblèmatik syans lan pa lye avèk chwa lang ekriti a ann Ayiti ? Oubyen, kouman syans ka fèt nan benefis tout sosyete a, nan lang ak kilti mas sitwayen yo, pou reflechi epi poze solisyon fas avèk pwoblèm sosyal yo ? Solisyon ki plis adapte ak pratik lavi kotidyen mas yo. Anvan nou ale pi lwen, n ap fè yon tablo sou eksperyans memwa lisans Wilvy a ak lòt travay syantifik nou resanse yo.
2.3. Tablo sou ansanm defi ak enpak sosyal travay pwodui sans an kreyòl ayisyen an
Nan lide rive sezi enpòtans travay rechèch Wilvy a, nou reyalize yon rezime byen detaye nan tablo pi ba a. Konsa, nou tante fè wè kèk pami ansanm obstak jèn chèchè a te rankontre pou rive mennen etid li a jous nan faz rezilta yo.
Tablo sou ansanm defi legal, enstitisyonèl, teren enkèt enpak rechèch sou Dwa lenguistik jistisyab yo nan Okay
|
Defi legal |
|
|
Obstak |
Se sèlman 2 lwa ki pwodui an kreyòl nan 222 lane ekzistans Ayiti (Konstitisyon 1987 la ak Lwa ki kreye Akademi Kreyòl Ayisyen an, an 2014). Konvansyon sou Dwa lengwistik yo pa rive tradui sou fòm lwa epi aplike sistematikman ann Ayiti |
|
Enpak rezilta |
Pwouve fòmèlman konsèp syans jiridik ak pwosedi jidisyè kapab fèt, ekri, epi eksplike an kreyòl ayisyen pou moun ki konnen kreyòl yo konprann |
|
Defi enstitisyonèl |
|
|
Obstak |
Mank Pwofesè ki gen konpetans nan lengwistik kreyòl nan fakilte a (sa ki lakòz enpetran an te oblije tann 5 mwa avan li resi soutni). |
|
Enpak rezilta |
Ouvè yon dezyèm pòt pou chanjman nan IPSOK ak lòt inivèsite pou yo fòme etidyan an kreyòl, entegre lang ak kilti pèp la nan pakou kisis fòmasyon, epi rekonèt pratik akademik ansanm avèk lang pwodisyon lasyans bobo nan demach transfòmasyon sosyal |
|
Defi sou teren |
|
|
Obstak |
Move akèy, mepri ak rejè nan men kèk Jij ak Responsab administratif nan Tribinal Premye Enstans Okay la |
|
Enpak rezilta |
Ranmase verite ki kache sou gwo baryè lengwistik, ki enstitisyonalize… Montre enpòtans vyolasyon dwa moun, fè wè diskriminasyon prizonye yo ap sibi anba sistèm fòmalize ki bòykote dwa lang sitwayen yo devan aparèy jidisyè a |
|
Defi sosyal |
|
|
Obstak |
Prejije ak kwayans lengwistik kolonyal ki fè konprann lasyans, dwa, ak refleksyon akademik pa ka fèt nan lang manman an poutan gen omwen 20 memwa lisans an kreyòl ak yon tèz doktora soti 1998 rive me 2026, men ki pa reprezante menm 1% pwodiksyon syans nan peyi a. Alòs, 99% rechèch ann Ayiti ekri inikman nan lang ansyen kolon fransè yo |
|
Enpak rezilta |
Pwodiksyon syans nan lang mas pòpilè a sèvi kòm modèl ak enspirasyon pou kraze baryè prejije mantal ak enstitisyonalize yo, epi pouse yon nouvo jenerasyon etidyan ekri memwa ak tèk yo an kreyòl, lang mas popilè a konprann lan |
III. ISTWA OPRESYON LENGWISTIK AK DEFI TRANSFÒMASYON SOSYAL LA
3.1. Refòm lengwistik la kòm poto mitan pou garanti diyite moun epi aksè ak sèvis debaz yo
Apre anpil refleksyon, li vin klè nan lide nou tout, se yon nesesite fondal-natal fòk pwodiktè konesans ak rechèch yo sèvi ak lang ak kilti pèp la pou yo akouche transfòmasyon total nan sosyete a. Paske rann syans nan lang mas popilè yo se yon objektif ki makònen dirèkteman ak respè dwa lavi ak diyite moun ak transfòmasyon kondisyon materèy ak espirityèl lavi. Dinamik sa a gen yon gwo enpak sou fason popilasyon an ka benefisye dwa ak aksè avvèk edikasyon, enstriksyon, lajistis, enfrastrikti ak lòt sèvis sosyal debaz yo. Nan kè analiz sa a, nou rive konprann nesesite pou yon refòm pwofon layite andedan estrikti Leta ki Ayiti a. Refòm pwofon sa ap fèt nan lide garanti respè dwa fondamantal chak sitwayen san diskriminasyon. Pami dwa sila yo se dwa lang mas pèp la sèvi chak jou a. Lang ki simante l ak tout li menm lan. Dwa lang sila a li lyannen ak dwa sila ki sèvi ak lang siy oubyen ekriti bray yo tou.
Sizanka kesyon sila yo pa sèvi baz fòmasyon ak deba nan sosyete a, youn lan sezon yo se paske, depi lontan, sistèm inivèsitè ann Ayiti fonksyone anba enfliyans lang ansyen kolon fransè yo. Se lang kolonyal dominan an yon tiklik Leta peyi a te misyone depi lane 1860 yo pou fin fè lekòl relijye epi ranfòse prejije ak diskriminasyon lengajye ki benyen lan matris kolonizasyon an (Jacques-Michel Gourgues, 2022). Depi an lagan, Leta ki nan peyi a te chwazi modèl kolonyal la kòm inik epi mani pou pwodui ak repwodui estrikti sosyal yo. Konsa, se inikman lang ansyen kolon an ki sèvi kòm inik lang ansèyman avèk yon kourikouloum ki pa adapte ak kontèks sosyal la. Epi, se menm lang istorikman kolonyal la ki inik lang pwosedi jidisyè a, malgre lòsyè refòm Bèna a, malgre Konstitisyon 1987 ak konvansyon sou respè Dwa Moun yo.
Alòs, pouki ki enpòtans kadraj legal sila yo lè pratik syans ak lajistis nan peyi a domine ak pratik diskriminasyon sou fòm lang ak kilti ? Anpil refleksyon deja pou montre, sèvi ak lang epi kilti pèp pou rive akouche transfòmasyon sosyete, se yon objektif ki lyannen ak respè dwa lavi ak diyite moun, ki gen enpak sou aksè ak ledikasyon, lenstriksyon, lajistis sèvis sosyal debaz elatriye (Michel Degraff, 2017).
3.2. Limit Refòm Bèna (1979) ak Repwodiksyon dominasyon oksidantalosantre a
Se apre anpil refleksyon ki te fèt sitou nan Syans moun yo ki te vin fè anpil chèchè ak enstitisyon entènasyonal tankou UNESCO dakò lang manman, lang mas popilè, gen yon rapò dirèk ak transfòmasyon sosyal. An 1979 lide sila yo ansanm avèk mouvman pou revolisyone ekriti an kreyòl la te pral akouche refòm Bèna ki te entwodui yon lòsyè kreyòl nan lekòl primè, premye sik fondamantal. Lòsyè mezi sa a pa t janm anpeche dominasyon estriktirèl ki chita sou bòykotaj sistemik lang ak kilti pèp la nan lekòl ak nan lajistis. Pratik degrenn gòch sila a jwenn eksplikasyon l nan yon sistèm edikatif, jiridik ak syantifik ki domine anba rapò pouvwa kolonyal epi ki anti popilè. Li bobo ak sistèm enperyal ki lyannen nan modènite okisidantalosantre a. Pratik dominasyon sila a remonte jouk an 1492 sou zile Ayiti a kote lang ak kilti pèp natif natal yo sibi opresyon anba bòt machin kolonyal ak rasyal la. Pratik dominasyon sa yo lese kwè, se lang ak kilti kolon ewopeyen yo sèlman ki diy nan espas pouvwa (lekòl, inivèsite, lajistis…). Konsa, pratik gouvènman chak klas dominan, malgre endepandans, yo kontinye sèvi ak lang epi kilti ansyen bouwo a pou ranfòse estrikti inegalite yo.
Konsa, klas dominan yo fè tout jefò pou benefisye pouvwa epi chache kontinye kenbe kontwòl sou tout pratik lavi ak resous nan sosyete yo. Konsa, yo sèvi avèk yon latriye enstitisyon epi sistèm ekriti pou repwodui sistèm kolonizasyon ak kolonyalizasyon an sitou nan lekòl, inivèsite, lajistis, labank, lopital, palman elatriye…
Se sa ki fè, anpil chèche ki konsyan sou rapò pouvwa miwo-miba nan peyi ki te sibi kolonizasyon yo, chèchè sa yo ekri pou dekòtike sistèm opresyon yo. Sistèm opresyon yo ase sosfistike pou chanje koulè tankou angranman nan moman endepandans yo. Ann Ayiti, lenguis tankou Yves Dejean pale de : Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba. Sosyològ tankou Jean Casimir li menm pale de Culture opprimée, Sikwat tankou Frantz Fanon te pale de, Peau noires, masques blancs, Filozòf Gabriela Veronelli pale de Colonialidad del lenguaje pou n site zèv sa yo ki gen tik ase klè, sou kijan Leta bòykote dwa fondalnatal popilasyon yo nan etabli yon separasyon ant kilti, lang, pèp ak sèvis sosyal enstitisyonalize.
Se nan menm demach etidye pwoblematik separasyon sosyete yo sou baz pratik langaj ak kilti atik Thelusma ak Joseph (fevriye 2026) ki fèt sou eksperyans pwodwi syans an kreyòl ayisyen an parèt enpòtan. Atik sa montre, youn pami pwoblèm santral peyi a se « dominasyon lang ak kilti ansyen kolon yo nan sistèm inivèsitè a ak nan lòt enstitisyon nan leta yo ». Inegalite sila parèt inakseptab nan yon sosyete kote, lang ak kilti kreyòl se siman ki simante majorite pèp la.
Alòs, lè inivèsite, lajistis nan yon peyi tankou Ayiti, inikman sèvi epi pwodui nan lang ak kilti ansyen kolon an, kisa sa kreye kòm pwoblèm pou mas pèp la devan sistèm jidisyè a ? Se nan chimen paradòks sa a jèn jiris yo reflechi epi yo pote solisyon pratik. Kote kesyon fondamantal la se : ki jan travay syantifik yo kapab aksesib nan lang ak kilti ki simante popilasyon ki ap viv nan sosyete kote yo ap etidye a. Objektif dirèk la se, pou travay yo pa rete zonbifye sèlman nan espas syantifik, men pito, pou rive itil epi aksesik pou moun ki nan sosyete a. Se nan sans sa a travay Wilvy (2026) a ak pa Guerry Duversaint (2017) parèt enpòtan menm jan ak lòt memwa lisans ak tèz doktora ki deja ekri nan lang ki simante tout mas popilè a.
Syans pa fèt san lang ak kilti. Lang, kilti, syans se espas rapò pouvwa (Laurent Dubreuil, 2013, Hugues SAINT-FORT, 2026 : 165-176). Nan sosyete kote lang ak kilti ansyen kolon an se sèl chwal k ap galonnen nan lajistis ak inivèsite, pwodiksyon syans (nan lang ak kilti pèp k ap sibi dominasyon, envizibilizasyon, diskriminasyon, opresyon ak inegalite ak irespè dwa lengwistik) se yon zak politik, kominikasyonèl epi didaktik. Zak sila a pa sèlman chita nan fè syans pou fè syans. « Nou te fè travay sa pou konbat tout diskriminasyon, tout estigmatizasyon, esklizyon ak vyolasyon dwa lengwistik pèp ayisyen an. Sa vle di, nou defann dwa pou l panse, tande, konprann, pale epi byen defann tèt li nan lang natif natal li ki se kreyòl ayisyen an. », se sa Wilvy deklare.
3.3. Eritaj lane 1492 ak kontwòl enstitisyonèl la : Lang ansyen bouwo a kòm zouti inegalite sosyal
Pratik dominasyon lang ak kilti kolon yo gen rasin li fon, depi nan debakman kolon yo nan lane 1492 sou zile Ayiti a, kote lang ak kilti pèp natif natal (Tayino, Arawak, Sibone…) yo te sibi premye gwo opresyon anba machin kraze-zo kolonyal ak rasis yo. Depi lè sa a, estrikti sa a simen kwayans ki fè kwè se sèlman lang ak kilti kolon ewopeyen yo ki diy pou yo itilize nan espas pouvwa yo. Konsa, kay chak fwa, menm si pèp la te batay pou akouche endepandan, mensi li te vote Konstitisyon 1987 la, menmsi te gen Refòm Bèna… ak Konvansyon entènasyonal ansanm ak yon ponyen memwa ki ekri an kreyòl… aparèy jidisyè a kontinye sèvi ak lang ak kilti ansyen bouwo a pou ranfòse estrikti inegalite yo, nan irespè pou diyite mas popilè a.
Se nan demach repwodiksyon inegalite estriktirèl yo menm klas dominan an jwenn mwayen ak estrateji pou yo benefisye epi ranfòse pouvwa ki pèmèt li kontinye kenbe kontwòl sou tout pratik lavi nan sosyete a, se gras ak yon pakèt enstitisyon kle tankou lekòl, inivèsite, lajistis, labank, lopital, ak palman… aktè ki nan klas dominan an toupizi sosyete a, lè se pa nan malsite, nan nan kenbe dèyè bawo san jamè jwenn jistis kòm sa dwa.
Alòs, nan yon demach dekolonyal ann Ayiti, pwodiksyon syantifik an kreyòl se yon batay pou kraze yerachi lang ak kilti leta kolonyal yo layite pou bòykote mas dwa lengwistik ak respè dwa kominikasyon, dwa enfòmasyon ak dwa fòmasyon nan lang maman mas pèp yo. Chwa lang ak kilti nan pwodiksyon ak repwodiksyon lasyans pa sèlman yon demach lengwistik, kominikasyonèl, didaktik ki lyannen nan respè dwa konpreyansyon ak eksplikasyon fenomèn ki baze sou metòd syantifik. Non, fè chwa lang ak kilti mas popilè nan pwodiksyon lasyans se rive patisipe nan yon seri estrikti ak aktivite ki sèvi kòm mwayen pou konstwi, transmèt ak demokratize konesans epi transfòme sosyete, rann respè diyite moun (Ngugi wa Thiong'o, 2011 ; Rozenn Milin, 2022 ; Philippe Blanche, 2016).
Lè Wilvy di « nou te fè travay sa pou konbat tout diskriminasyon, tout estigmatizasyon, esklizyon ak vyolasyon dwa lengwistik pèp ayisyen an », li ap pale de yon veritab dekolonizasyon konesans nan espas lasyans epi yon revolisyon ki nesesè nan pwosedi jidisyè ki alabaz enjistis epistemik ak kognitif. Sistèm a patisipe nan vyole dwa lengwistik ak dwa langajye jistisyab yo sou baz repwodiksyon ak konsèvasyon estrikti ak rapò pouvwa kolonyal oksidantalosantre yo. Ki yo menm soti nan lòt sosyete dominan ki transplante nan sosyete ki te sibi kolonizasyon istorik yo. Sa vle di, pwodui syans epi rann jistis aksesib nan lang ak kilti pèp la, se rive travay pou reprann pouvwa epi fè pouvwa a retounen demokratikman nan men mas popilè yo ki pandan anpil tan te sibi epi kontinye sibi dominasyon ak enjistis estriktirèl sistèm ki rann, avèk fòs enstitisyon kolonyal yo, lang ak kilti fransè vin siperyè epi rete kòm sèl kòk chante. Sa ki akouche diskriminasyon sistemik kont dwa fondamantal pèp ki te kolonize yo epi plis pase 200 lane.
Ekri syans nan lang popilè pou rann jistis ekitab montre aklè li posib pou etidyan ak chèchè patisipe nan pwosesis dekolonizasyon epistemik ak jiridik la. Kote chak rechèch va sèvi kòm prèv konkrè. Konsa, li va parèt klè, tout lang vivan kapab eksprime tout sa ki posib epi pansab, sitou nan domèn syans (Michel Serres, 2012 ; Jean-Noël Robert, 2020). Sa ki merite, se travay konsekan moun ak enstitisyon ki vle fè jayi egalite ak respè dwa pèp. Sa ki mande pou gen mezi ki pran pou dekonstui ansanm ideyoloji diglosik (Guylène Romain (2020, pp. 435-461)) ki rann posib diskriminasyon lenguistik ki parèt sou fòm :
1)- Eksklizyon ki baze sou aksè inegal osnon rapò miwo-miba pami diferan lang ki an kontak yo ;
2)- Eksklizyon ki baze sou enkapasite sèvi ak lang ofisyèl yo ;
3)- Eksklizyon ki baze sou inaksesiblite (enposiblite pou jwenn) dokiman tout kalite nan lang yo (literasi + literati).
Se nan dinamik lite kont divès fòm diskriminasyon ak esklizyon lang ak kilti epi mas pèp la lo fè apre soutnan memwa li a : « Tout Ayisyen dwe egzije e menm rive lite pou Leta ayisyen bati epi aplike yon politik lengwistik ki klè epi solid. Kidonk, fòk yo priyorize lang kreyòl la. » Pou sa ka fèt, li nesesè pou gen yon angajman kolektif. Sa dwe kòmanse nan nivo enseyan yo, ki gen pou fòme tèt yo nan gramè lang ak kilti kreyòl la, pou yo ka byen aplike kourikoulòm sistèm edikatif la; yon zouti ki rekonèt kreyòl la kòm yon lang ki gen kapasite epi dwe sèvi pou anseye lasyans ak kilti kay pitit popilasyon an.
Epitou, chak aktè nan sistèm jidisyè a gen devwa pou yo jwe wòl yo kòm sa dwa nan defann ak respè dwa lengwistik popilasyon an ak chaj sitwayen. Dwa sa yo enskri nan Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun ansanm ak nan Konstitisyon 1987 la, dwa sa yo rekonèt lang pèp la kòm premye kondisyon pou entegrasyon ak aksyon sitwayen yo nan sosyete a, paske se li menm ki simante tout Ayisyen ansanm.
Lè nou mande Wilvy èske elèv yo, etidyan yo, ak jenès la an jeneral gen yon wòl pou yo jwe nan dekonstwi rapò inegal ak yerachi miwo-miba n ap obsève ant lang ak kilti yo nan sosyete a, Wilvy reponn ak fòs : « N ap di jenès peyi nou an, lang ak kilti se de eleman ki makònen ansanm; lang lan se tankou yon sous dlo k ap alimante basen sosyete a. Valorize lang kreyòl ayisyen an se valorize kilti nou, se valorize pwòp tèt nou, epi se fè pwomosyon pou valè sosyal ak istorik nou yo. Jèn yo dwe toujou fyè pou yo pale lang manman yo nan nenpòt sikonstans lavi. Yo dwe aprann medite, reflechi, epi pwodui konesans nan lang kreyòl la. Anfen, n ap di jèn yo, yo se majorite a, yo gen fòs, epi yo se motè devlopman sosyete a. Valorize lang ak kilti yo se pi bon garanti pou chanjman ak devlopman peyi d Ayiti. »
3.4. Orijin fanmi, tribilasyon lavi, ak trajèktwa Joseph Wilvy Louis nan lekòl
Joseph Wilvy Louis se yon natif natal lavil Okay, ki grandi nan lokalite Kafou Toma. Li leve nan mitan de paran vanyan ki te konn goumen ak lavi: papa l, Luvard Louis, ki te konn li ti lèt fen epi ki te gen yon gwo enfliyans sou li, ak manman l, Monique Jacques Boni, yon madan marye ki soti Senjandisid, ki pa t gen chans ale lekòl pou l te konn li ak ekri. Malerezman, li pèdi papa l lè l te nan klas sizyèm ane fondamantal, epi manman l kite l tou pandan l te nan klas twazyèm segondè. Malgre gwo goudougoudou ak move van lavi soufle sou li, li reyalize tout pakou eskolè l nan lekòl leta (Ekòl Nasyonal Dumarsais Estimé soti nan preskolè jiska sizyèm ane, epi Lise Filip Gèrye soti nan twazyèm jiska klas Filozofi).
« Depi mwen te toupiti, mwen te konn ap poze tèt mwen kesyon sou rezon ki fè anpil nan zanmi m yo pa t ka fini lekòl. Men te konn mande poukisa ansèyman an pa fèt nan lang natif natal elèv yo. Se refleksyon sa yo ki te pouse m al etidye syans edikasyon nan Inivèsite Piblik Sid nan Okay (IPSOK). Nan enstitisyon sa a, mwen reyalize premye memwa lisans [an fransè] mwen sou gwo difikilte timoun Okay yo rankontre nan aprann lang anglè, malgre yo pase plis pase sèt lane ap kontak ak lang sa a sou ban lekòl. », se sa Lisansye nan Syans jiridik a fè nou konnen.
Apre sa, Wilvy di li entegre pwogram Metriz (Master II) toujou nan IPSOK. Men, anvan li te menm fini ak memwa Metriz li a, li te gentan jwenn admisyon nan katriyèm ane nan Fakilte Dwa, paske li te gen yon sèl gwo objektif nan tèt li: « analize epi dekonstwi rapò miwo-miba ki genyen ant dwa lengwistik ak reyalizasyon ki rann enposib yon jistis ekitab nan pwòp lang manman jistisyab yo. »
Anvan nou leve tonèl sou yon dosye « fèy pa dwe kase pou kouvri sa »
Boutofen, soutnans istorik sa a Joseph Wilvy Louis reyalize nan Syans jiridik sou Dwa jistisyab yo nan vil Okay la se yon gwo pa ann anvan pou dwa lengwistik ak pwodiksyon syantifik an kreyòl ayisyen ann Ayiti. Menmsi obstak enstitisyonèl yo toujou la, jèn jiris la te rankontre yo epi depase yo. Konsa, travay li a pwouve yon lòt fwa ankò, lang manman nou se yon puisans konseptyèl (Michel Serres, 2012 ; Renauld Govain, 2021). Li gen tout kalite pou l kase chenn diskriminasyon sosyal, kominikasyonèl, langajye ak epistemik epi kognifif yo. Se yon siyal fò pou Leta bati yon sosyete ki pi jis ak ekitab. Ki fè lang ak kilti pèp la baz ki simanate tout nasyon an.
Soutnans istorik memwa Joseph Wilvy Louis nan IPSOK se yon lòt paj pou entegrasyon lang kreyòl la nan lakou lasyans ak jaden respè dwa lengwistik ann Ayiti. Travay sila menm jan ak 20 lòt travay syantik nou rive resanse deja, yo dekonstwi mit ki te fè kwè dwa se fòmalis fransè sèlman, epi li mete an limyè kriz eksklizyon mas pèp la ap sibi nan tribinal yo, kote entegrite fizik ak dwa lapawòl yo pase anba pye anba bòt leta. Kididonk, soutnans memwa sa a charye 3 aspè ki enpòtan anpil pou nou souliye :
- Se yon viktwa akademik. Paske rechèch sa a pwouve kreyòl la se yon puisans syantifik solid ki kapab trete konsèp syans jiridik ki pi konplèks yo. Li montre konsèp syantifik ekziste depi moun ap panse epi pwodui syans nan nepòt lang sou nenpòt fenomèn. Jan Renauld Govain abitye di l, konsèp yo transvèsal.
- Li lonje dwèt jouda sou yon ijans politik, puiske li voye yon siyal klè bay leta pou l bati yon politik lengwistik solid pou konbat prejije kolonyal yo ki parèt sou fòm diskriminasyon langajye (Philippe Blanche, 2016).
- Li montre aklè angajman Jenès la nan pwodui sans an kreyòl pou rann konesans syantifik disponib nan lang mas la. Li louvri pòt pou yon nouvo jenerasyon etidyan-chèchè k ap pwodui konesans nan lang manman yo, pou avansman sosyete egal-ego yo reve a.
Se nan kad refleksyon global epi dekolonyal sa, nan lane 1979, yon bon pati nan mas la te monte abò Refòm Bèna a, ki te entwodui yon premye espas pou lang kreyòl la nan lekòl primè, sitou nan premye sik fondamantal la. Sepandan, de (2) jenerasyon aprè, mezi sa a ki jwenn ranfòsman nan Konstitisyon 1987 la, ansanm avèk Konvansyon entènasyonal dwa moun pa t janm sifi pou kraze gwo sistèm dominasyon estriktirèl ki lyannen nan baz sosyete a, kote bòykotaj sistemik fèt nan leta kont lang ak kilti mas popilè a. Pratik dezekilibre sa a jwenn esplikasyon l nan yon sistèm edikatif, jidisyè, ak syantifik k ap fonksyone anba kontwòl rapò pouvwa kolonyal yo, ki chita sou modènite oksidantalosantre a, yon sistèm ki pa kadre ditou ak enterè mas popilè a. Paske, li pwodwi ak repwodwi fòm diskriminasyon ak inegalite sistèm kolonyal la te akouche yo depi 1492 pase pran Code Noir rive jodi a.
Reyalizasyon travay syantifik nan lang ak kilti mas popilè a montre aklè, defans, valorizasyon, pwomosyon kilti ak lang kreyòl la nan tout espas pouvwa nan peyi a rete kondisyon fondalnatal pou garanti yon sosyete mounize, ki respete dwa lang ak diyite moun. Konsa, lajistis ap premye ekzanp nan respè dwa jistisyab yo. Lajistis ap premye kle pou chanjman ak transfòmasyon reyèl la nan sosyete a.
Ekritè : Kenny THELUSMA & Elmano Endara JOSEPH
