Gwojemoni nan rasin lekòl tèt an ba nan peyi tèt an ba (2yèm pati)

YON TI RAPÈL SOU ANALIZ « GWOJEMONI » NAN PREMYE PATI ATIK LA

Nan 1e pati atik sa a (nan jounal Le National, 30 jen 2022), mwen te prezante konsèp « GWO-JE-moni » a. Dapre analiz Pwòf Serge Madhere, nou te vin wè ki jan konsèp gwojemoni sa a gen 2 kalte « gwo je » ladan :

  1. « Gwo je » ETRANJE ki nan batay jeyo politik :  Dapre Pwòf Sosyològ Jean Casimir, gwo je etranje sa yo se « Lagrandyab » ki nan gwojemoni pou l fè dappiyanp sou « ti » peyi tankou Ayiti.
  2. « Gwo je » LOKAL ki nan batay ant klas sosyal nan peyi tankou Ayiti : Sa se « moun an wo » k ap chache esplwate « moun an ba » epi klas mwayèn lan vin sètoblije sèvi ak tou lè 2 men li : men goch pou Lagrandyab epi men dwat pou lakou a.  Se nan batay sa a ajan lokal yo ap fè tchoul pou gwo je etranje pandan y ap chache fofile kò yo pou yo defann enterè ti elit pa yo tou.

Analiz sa a te vin ban nou yon kad teyorik, nan 1e pati atik la, pou n evite pran zannana pou sizàn nan dosye lang ak edikasyon ann Ayiti.  Sa te ede n demistifye pwopozisyon k ap pwone « parite lengwistik » ak « bilengwis ekilibre » nan yon peyi kote se tout moun ki pale lang nasyonal la (kreyòl, ki se lang rasin) epi se yon ti zuit pousantaj ki pale kreyòl ak franse nan menm nivo konpetans (« bilengwis ekilibre »).

Nan 2yèm pati atik la, nou pral sèvi avèk konsèp gwojemoni sa a pou n chache konprann ki jan e pou ki sa sèten entelektyèl ann Ayiti toujou ap chache enpoze yon preferans pou franse sou tèt kreyòl.  Preferans sa a se sa n ka rele yon « ideyoloji frankofil ». 

Se pifò Ayisyen k ap soufri konsekans ideyoloji frankofil sa a k ap fonksyone nan enterè elit la depi digdantan — paske pifò ti moun ann Ayiti p ap janm gen anpil chans pou yo vin metrize « bilengwis EKILIBRE » an franse e an kreyòl. Rezon an senp, wi : se paske pifò popilasyon an ap benyen, depi nan vant manman, nan kominote kote tout moun se kreyòl yo pale kòm sèl lang ki rele yo chè mèt chè mètrès.  Malgre defi sa a, konn gen moun nan mas pèp la ki vin adopte ideyoloji frankofil sa a k ap trayi pwòp enterè pa yo nan dosye lang, edikasyon ak devlòpman. Enben, kòm ideyoloji frankofil la sanble ak « douko mantal » k ap krebete lespri ti moun yo an ba prejije kont pwòp lang pa yo ak pwòp idantite pa yo, nou ka rele ideyoloji sa a yon « FOLI ki baze sou FRANKOFILI » ; egal : yon « FRANKOFOLI ». 

Se depi desanm 1980, nan paj 12 nimewo 48–49 jounal Sèl, Pwòf Yves Dejean te bay pinga pa li kont fenomèn frankofoli sa a lè l te mande :« Atò, lè yon lekòI ki te dwe fèt pou 1 milyon e demi ti moun ki pa konn pale franse vin sèvi avèk franse, èske sa se pa foli ? »
Frankofoli sa a se tankou yon « foli je ble » pami yon popilasyon moun nwa kote pifò ladan yo pa fouti gen je ble.  « The Bluest Eye » / « L’œil le plus bleu » se tit woman ekriven nwa Toni Morrison sou alyenasyon ki vin krebete yon ti fi nwa k ap soufri an ba prejije ki te vin fè l kwè fòk li gen je koulè ble pou l ka bèl.

 

EGZANP « AJAN LOKAL » NAN FONKSYONNMAN GWOJEMONI : YON AKADEMISYEN — NAN AKADEMI KREYÒL AYISYEN, WI ! — K AP CHACHE « PWOTEJE LANG FRANSE »

Kounye a, an n gade yon egzanp ki ka ede n konprann aspè an ba chal gwojemoni lokal la — estrateji ajan lokal k ap chache enpoze « foli je ble » lengwistik (egal : frankofoli) pami popilasyon an.  Echantiyon sa a ka fè n pantan paske se konferans yon Akademisyen nan Akademi Kreyòl Ayisyen.  Se nan dat 1e avril 2022 Akademisyen Rochambeau Lainy, ki se pwofesè nan Fakilte Lengwistik Aplike nan Inivèsite Leta Ayiti, te prezante yon konferans nan Indiana University nan vil Bloomington. Tit konferans lan se te : « Kreyòl ak franse kot a kot ann Ayiti : Yon ka bilengwis ki mal jere » (tit orijinal ann angle a se : « Haitian Creole and French side by side in Haiti : A case of mismanaged bilingualism »).

Nan konferans li a, Pwòf Rochambeau te repete, an plizyè fwa, objektif pa li se pou l pwoteje lang franse ann Ayiti ansanm ak lang kreyòl paske franse ak kreyòl se 2 lang ki gen menm laj ann Ayiti, se 2 lang nou dwe konsidere kòm lang natif natal peyi d Ayiti :

« Haiti was born with these two languages: French and Haitian Creole. »

Nan analiz Akademisyen Rochambeau, nou pa ta janm dwe konsidere lang franse kòm si se yon lang etranje ann Ayiti. Nan menm prezantasyon sa a, Rochambeau sijere yon analiz kòm ki dirè pa gen okenn rezon pou kreyòl ta vin ranplase franse kòm lang ansèyman ann Ayiti.

Nan konferans lan, nan dat 1e avril 2022, epi ann apre sou paj Facebook mwen, mwen te poze Akademisyen Rochambeau kat kesyon ki antre nan nannan entèvansyon li a.  Kat kesyon sa yo toujou rete san repons. M ap poze kesyon sa yo ankò epi m ap detaye yo pi plis nan atik sa a paske yo ka ede n analize aspè lengwistik fonksyonnman gwojemoni ki vin mennen yon Akademisyen nan Akademi KREYÒL Ayisyen nan yon seri pwopozisyon FRANKOFIL. Dapre analiz mwen, pwopozisyon frankofil sa yo antre an kontradiksyon dirèk dirèk ni avèk misyon Rochambeau kòm Akademisyen, ni avèk fòmasyon li kòm lengwis, ni avèk rezilta rechèch syantifik nan dosye lang ak edikasyon.  Epi, tou, pwopozisyon frankofil sa yo ap sèvi enterè gwo je etranje nan peyi Lafrans — egal : enterè « Frankofoni » ki se zam pou « soft power » leta franse.

 

PREMYE KESYON AK KÒMANTÈ — ÈSKE « MENAS » LA SE KONT FRANSE OSWA KONT KREYÒL ?

Ki sa ki ka « menase » lang FRANSE oswa lang KREYÒL ann Ayiti e ki mande « pwoteksyon » Akademisyen nan Akademi KREYÒL Ayisyen (AKA) ?

Rochambeau se pa sèl Akademisyen nan AKA k ap fè pwopozisyon frankofil.  Akademisyen Christophe Charles, nan yon atik li te ekri an franse ann oktòb 2020 nan jounal Le Nouvelliste, te mande pou yo chanje ekriti KREYÒL la pou fasilite aprantisaj moun ki deja konn ekri … FRANSE !  Nan analiz Akademisyen Christophe Charles, se « amelyore » n ap amelyore òtograf kreyòl la lè n fè òtograf kreyòl la vin pli sanble avèk òtograf franse a ! Nan analiz Akademisyen an, se rapwòchman sa a (« le glissement du créole vers le français ») nou dwe chache pou n ka rive atenn objektif « bilengwis ekilibre ».  Sa se yon objektif mwen te kritike nan 1e pati atik sa a kòm konsekans gwojemoni.

An tou ka, se pwopozisyon Akademisyen Christophe Charles yo k ap « menase » lang kreyòl la paske pwopozisyon sa yo riske mete ekriti KREYÒL la tèt an ba pandan Akademisyen an ap priyorize avantaj ti pousantaj tou piti sa a ki pale FRANSE ann Ayiti.  Mwen te analize pwopozisyon sa yo nan yon lòt atik ki deja pibliye.

Pwopozisyon frankofil sa yo fè eko ak pledwaye demode Anbasad Lafrans ann Ayiti, depi an jiyè 1973, lè Anbasadè Bernard Dorin te mande, nan paj 10 nimewo 120 jounal Conjonction nan Institut Français d’Haïti, pou lang kreyòl la « pa janm koupe kòd lonbrik li ni avèk manman li ki se franse, ni avèk grann li ki se laten » (« … [il ne faut] couper le cordon ombilical [du créole] ni avec sa mère française, ni avec sa grand-mère latine »).  Nan analiz Anbasadè Dorin, si òtograf lang kreyòl pa ret konekte avèk lang franse a, sa ka bloke peyi a nan yon prizon kote nou p ap fouti chape (« un système clos d’où [le créolisant] ne peut s’évader ») !  Se kon sa, tou, nan paj 12 nan menm atik Conjonction an, Anbasadè Dorin, k ap byen defann enterè gwo je etranje nan peyi li, te di li rete kwè lang kreyòl la ka sèlman sèvi nan fanmi, pami zanmi, nan lwazi … ; men, se lang franse a ki dwe sèvi kòm lang sosyete a, pou biznis, pou kominikasyon avèk lòt peyi, e latriye.  Sa se yon egzanp ki klè kote gwo je etranje nan peyi Lafrans ap sèvi ak lang franse a kòm zam (« soft power ») pou dominasyon jeyo politik.

Erezman, jounen jodi a an 2022, genlè Anbasad Lafrans ann Ayiti kòmanse konprann kreyòl se yon lang ki nesesè pou ansèyman ann Ayiti — ata pou ansèyman lasyans ! Se sa menm lwa peyi a mande depi 30 mas 1982 ki se dat piblikasyon dekrè Refòm Joseph C. Bernard : « Décret organisant le système éducatif haïtien en vue d’offrir des chances égales à tous et de refléter la culture haïtienne ». Ki donk, genlè Anbasad LAFRANS fè pi plis pwogrè an favè lang KREYÒL la kòm lang ansèyman pase Akademisyen Rochambeau nan Akademi KREYÒL Ayisyen…

An tou ka, jounen jodi a, se pledwaye frankofil sa yo k ap « menase » enterè ti moun k ap grandi nan kominote kote se kreyòl sèlman ki rele tout moun chè mèt chè mètrès — sa se majorite ti moun nan peyi a.

 

DEZYÈM KESYON AK KÒMANTÈ : KI « MENAS » KI PI MALOUK — MENAS KONT FRANSE OSWA MENAS KONT KREYÒL ?

Dezyèm kesyon sa a ap ede n pwofonde pwoblematik nan 1e kesyon an.  Wi, ki menas ki pi malouk ann Ayiti : Èske se menas kont moun ki pale FRANSE e k ap sèvi  avèk franse pou chache avantaj ekonomik ak prestij sosyal oswa èske se menas kont moun ki pale KREYÒL sèlman e ki bezwen lang kreyòl la pou yo rive jwenn konesans, sèvis leta, edikasyon ak lòt mwayen pou demen miyò ?

Lè n ap gade pratik sosyal nan peyi d Ayiti ansanm ak done sou echèk nan lekòl yo, nou ka wè fasil se sila yo ki PA pale franse k ap soufri pi plis an ba diskriminasyon lengwistik k ap devalye lang nasyonal la (kreyòl).  Ki donk èske se vreman lang franse a ki bezwen « pwoteksyon » nan pledwaye Akademisyen nan AKA ?

Epi, tou, nan nouvo pwopozisyon Akademisyen yo konsènan chanjman sou òtograf kreyòl la, se nan alfabè FRANSE a « Komisyon Syantifik » AKA ap chache non lèt pou alfabè KREYÒL la.  Se kòm ki dirè non lèt alfabè kreyòl la dwe sèvi kòm « kòd lonbrik » ki pou konekte kreyòl avèk franse.  Se kòm ki dirè Komisyon SYANTIFIK sa a pa reyalize diferans fondamantal ki egziste ant òtograf kreyòl la ak òtograf franse a.  Òtograf kreyòl la se yon òtograf ki FONEMIK, ki vle di : chak lèt mache avèk yon son.  Òtograf franse a se yon òtograf ki ETIMOLOJIK, ki vle di : òtograf la depann de istorik mo yo e sa konn kreye gwo difikilte pou aprenan yo paske yon sèl son ka koresponn ak plizyè lèt oswa plizyè konbinezon lèt.  Egzanp : An franse, gen plis pase 40 konbinezon lèt pou ekri son /o/ — « football », « aube », chaud », « aulne », « aulx », « landaus », « saut », « auxquels », « eau », « hauban », « hautbois », « heaume », « hosanna », « hôte », « cahot », « osé », « ôter », « trop », « crosne », « lot », « tôt » e latriye.  Chans pou nou menm ki pale e ki ekri kreyòl se yon sèl lèt <o> ki reprezante son /o/ sa a tankou nan « dlo ».

Gwo diferans fondamantal sa a ant 2 òtograf yo, sa se youn nan rezon ki te fè Pwòf Yves Dejean di kon sa, nan jounal Sèl desanm 1980, « òtograf franse se tèt chaje » (paj 27) ki fè « nou dwe kase koub òtograf [kreyòl] la [pou n] kouri tout boulin sou wout pwogrè pèp ayisyen » (paj 5).  Ki donk, nan analiz mwen kòm lengwis e edikatè, li ta preferab pou non lèt nan 2 alfabè yo ede ti moun yo byen separe 2 alfabè sa yo pou yo ka ale « tout boulin » nan aprantisaj òtograf kreyòl la anvan yo kòmanse aprann òtograf franse a.  Malerezman, prejije ki soti nan gwojemoni se lakòz gen Akademisyen nan AKA ki kontinye ap bloke wout pwogrè sa a lè se nan lang franse a yo vle pou kreyòl la ansanm ak pèp ayisyen an kontinye mare « kòd lonbrik » yo.

An n pran yon lòt egzanp nan pawòl alekri Akademisyen Rogéda Dorcé Dorcil ki se Prezidan AKA jounen jodi a.  Nan yon mesaj imel Akademisyen Rogéda te ekri AKA nan dat 1e septanm 2015 pandan l te Dwayen nan Fakilte Lengwistik Aplike,  Akademisyen an deklare li pa ta fouti dakò ak okenn pwopozisyon ki t ava bay lèt nan alfabè kreyòl la non tankou « a », « an », « ba », « cha » …  Dapre Akademisyen an, nou pa janm dwe bay lèt alfabè kreyòl la non ki diferan de non lèt nan alfabè franse a. Li te di nou kon sa :

« … si Akademi Kreyòl la al kore kalite refleksyon dògmatik sa a, se rive fè yon deklarasyon lagè ant kreyòl ak franse nan peyi a … »

Akademisyen Rogéda genlè gen laperèz pou ta gen « lagè ant kreyòl ak franse » si AKA ta gen odas bay lèt nan alfabè kreyòl la pwòp non a yo ki respekte chapant fonemik ansanm ak prensip korespondans ant lèt ak son nan alfabè kreyòl la.  Pawòl  Akademisyen an fè m sonje tit atik « La fausse querelle du créole et du français » Anbasadè Lafrans ann Ayiti, Bernard Dorin, an 1973 nan jounal Conjonction. Anbasadè Dorin te deklare pa dwe gen goumen ant kreyòl ak franse ; ki donk, nan analiz Anbasadè a k ap defann enterè gwo je etranje, fòk òtograf kreyòl la kenbe « kòd lonbrik » sa a ki konekte kreyòl la avèk manman li ki se franse !  Sa se yon preskripsyon tèt an ba kote se « manman » (Lafrans) k ap mande pou « pitit » (Ayiti) pa sevre manman. Men, pawòl gwo je etranje sa pa dwe etone nou twòp lè n sonje istwa Sen Domeng kòm « Perle des Antilles » epi ranson Lafrans te vòlè nan bank peyi d Ayiti nan 19yèm syèk la. Sonje se mas pèp la (sila yo ki pale kreyòl sèlman) ki te soufri pi plis pou peye ranson sa a.  Nan analiz mwen, Manman Lafrans te enpoze ranson sou lang kreyòl pitit li tou — sa se te yon lòt fason pou Lafrans te eseye kontinye peze souse Ayiti nou an menm apre 1804 !

Epi, tou, sonje atik Pwòf Yves Dejean ki rele « An n kase koub òtograf kreyòl la » (nimewo 48–49 jounal Sèl, desanm 1980). Se nan atik sa a Papa Yves  te ekri, nan paj 4 :

« Premye gwoup moun ki bezwen òtograf la, sa ki pi enpòtan an, se mas pèp ki pa ko konn ni li ni ekri a. Se pòsyon sa a pou moun ki serye okipe plis nan pèp ayisyen an. Paske se li ki gen plis moun. Paske se sou li tout ekonomi peyi a chita. Paske se li ki chaje ak plis pwoblèm : mizè, maladi, grangou, iyorans, manke rad, manke bon kay, manke avantay teknik modèn (tankou : elektrik, dlo tiyo, frijidè, telefòn, televizyon). Paske se li ki viktim yon ti gwoup moun k ap peze l, k ap prije l, k ap esplwate l depi syèk. Pou nouvo òtograf la sèvi enterè mas pèp ki pa ko konn li, se pou pèsonn pa betize ak pwoblèm alfabetizasyon tout pèp la. »

Enben, lè n ap betize ak òtograf kreyòl la oswa ak non lèt alfabè kreyòl la nan chache fè kreyòl la sanble ak franse, se toujou mas pèp la k ap soufri pi plis konsekans.  Wi, fòk nou sonje gwoup moun sa a ki pi plis bezwen òtograf kreyòl la pa konn franse ditou pyès. Ki donk se pa nan enterè pa yo menm menm menm si òtograf kreyòl la vin sanble ak òtograf franse a ki lontan pi difisil pase òtograf kreyòl la. Sa gwoup sa a bezwen se yon òtograf fonemik ki djanm.  Epi yo bezwen aprann yon alfabè ki gen pwòp non lèt pa li ki ka ede yo devlope bon jan konesans sou relasyon ant son ak lèt nan lang kreyòl la.  Sa pa nesesè pou non lèt kreyòl yo sanble ak non lèt franse yo.  O kontrè, fòk nou byen separe non lèt alfabè kreyòl la ak non lèt alfabè franse a pou ti moun yo ka byen separe 2 sistèm òtograf ki byen diferan ! Epi tou, gwoup moun sa a ki pale kreyòl sèlman pa gen anyen pou yo wè ak « lagè ant kreyòl ak franse » paske se kreyòl la — lang nasyonal la — yo pi plis bezwen kòm zouti ki ka mete yo nan wout konesans ki ka ede yo jwenn demen miyò.

An tou ka, pawòl k ap soti nan bouch Akademisyen Rochambeau, Christophe ak Rogéda montre ki jan frankofoli — ata nan Akademi Kreyòl Ayisyen — se yon menas malouk kont enterè sila yo ki pale kreyòl sèlman.  Jounen jodi a, pwopozisyon k ap soti nan Komisyon Syantifik AKA pou chanjman nan òtograf kreyòl la ta dwe fè n mande tèt nou si Komisyon Syantifik AKA a sonje pawòl total kapital Yves Dejean sa yo :

« Pa bliye anbisyon yon bon òtograf fonolojik se pou li regilye anpil, lè l ap reprezante rapò lèt ekriti genyen ak manman son yon lang.  …  Lè yon lang distenge 2 son klè, sa vie di, lè 2 son ki pa menm gen sèvis pa yo apa nan yon lang, yon otograf fonolojik dwe distinge lèt ki reprezante 2 son sa yo. » (jounal Sèl, nimewo 48–49, paj 27)

Pi devan, lè nouvo pwopozisyon AKA yo vin ofisyèl, m espere m ava jwenn opòtinite pou m ekri yon atik byen detaye pou m evalye si, wi ou non, nouvo rezolisyon sa yo respekte chapant son ak chapant gramè lang kreyòl la.  Ann atadan, jounen jodi a, reyalite a toujou tris : Pifò konpatriyòt nou yo — ata sèten Akademisyen nan AKA — pa metrize prensip ki nan nannan grafi kreyòl la.  Sa fè plis pase 40 lane depi nou gen grafi ki ofisyèl jounen jodi a. Malgre sa, pifò ti moun pa konn ki lèt ki nan alfabè kreyòl la ; e poutan yo ka resite alfabè franse a pa kè sou 2 chèz !  Èske se kraze chapant fonemik alfabè kreyòl la ki pral ede ti moun yo aprann alfabè a ?  Èske lè a pa deja rive pou n « kase koub òtograf kreyòl la » ?  Èske se pa zouti didaktik ki djanm djanm nou bezwen pou n anseye òtograf kreyòl la kòm sa dwa ?  Si n pa fè sa, enben, se wout pwogrè n ap kontinye bloke pou yon pèp k ap soufri an ba ranson gwojemoni (ranson gwo je etranje ak gwo je lokal !) depi digdantan.

 

TWAZYÈM KESYON AK KÒMANTÈ : ÈSKE, ANN AYITI, ANSÈYMAN AN FRANSE TA JANM KA BAY PI BON RANNMAN PASE ANSÈYMAN AN KREYÒL ?

Nan rezime prezantayon li a, Akademisyen Rochambeau di kon sa — ann angle :

« … if Haitian children are not doing well in school and not having opportunities in life, it is not ostensibly because their instruction is in French, but rather because the educational policy that the leaders are implementing is not appropriate. Teaching in Creole in the current context would not change this situation either, if the French-Creole bilingualism in Haiti is mismanaged. »

M ap tradui an kreyòl :

« … si ti moun ann Ayiti pa reyisi lekòl e si yo pa rive jwenn opòtinite nan lavi a, se pa vreman paske lekòl ap fèt an franse.  Rezon ki fè ti moun yo echwe se paske dirijan yo ap aplike politik edikasyon ki pa apwopriye. Ansèyman an kreyòl nan kontèks aktyèl la pa t ap chanje sitiyasyon sa a toutotan pratik bilengwis franse-kreyòl ann Ayiti mal jere. »

Lè n li yon pawòl kon sa, fòk nou mande : Kote done ak analiz ki ta kore ipotèz sa a kòm ki dirè, lè okenn lòt varyab pa chanje nan anviwonnman lekòl yo, ti moun ki pale KREYÒL e k ap aprann AN FRANSE kòm lang ansèyman — yon lang yo PA metrize — ta gen menm oswa pi plis chans pou yo reyisi lekòl pase ti moun ki pale KREYÒL e k ap aprann nan lang NATIF NATAL yo (egal : KREYÒL) kòm lang ansèyman ?  Epi,tou, fòk nou sonje pifò anseyan pa metrize franse non plis.

E poutan, gen yon pil ak yon pakèt done ki disponib — pa egzanp, nan pwòp rechèch pa m ak nan travay lòt syantis, tankou syantis nan UNESCO, depi byen lontan — ki demontre ki jan lang kreyòl ann Ayiti, menm jan ak lang manman tou patou, fasilite aprantisaj ak ansèyman nan tout nivo, soti nan lekòl fondamantal rive nan inivèsite. N ap jwenn kèk nan piblikasyon sa yo sou sit wèb mwen :

http://mit.edu/degraff

http://linguistics.mit.edu/linguistics_haiti/

Nan rezime konferans li a, Rochambeau pataje yon pwopozisyon kote lang kreyòl la, si l ta sèvi kòm zouti pou ansèyman pami ti moun ki pale kreyòl, se yon lang k ap bloke ti moun yo nan echanj avèk lòt peyi. Vreman ?!? Lè yon ti moun ki pale KREYÒL aprann AN kreyòl kòm lang ansèyman, èske sa ka anpeche l aprann franse oswa nenpòt ki lòt lang ann apre ?  E ti moun nan peyi Fenlann ki aprann nan lang fenlandè kòm lang ansèyman ? E ti moun nan peyi Albani ki aprann nan lang albanè kòm lang ansèyman ?  E ti moun nan peyi Taylann ki aprann nan lang taylandè kòm lang ansèyman ? Èske ti moun sa yo pa rive aprann lòt lang kòm lang etranje ?

Epi, tou, sonje se depi 1982 Minis Joseph C. Bernard nan Ministè Edikasyon Nasyonal te esplike, sou bon jan fondasyon syantifik, se kreyòl ki pou sèvi kòm lang ansèyman pou ti moun yo ka rive metrize lang franse a kòm yon 2yèm lang dapre metòd k ap mennen ti moun yo nan yon bilengwis ki « FONKSYONÈL » — menm si se pa yon bilengwis ki « ekilibre ».  Yon bilengwis ki « fonksyonèl » se yon bilengwis kote aprenan yo rive sèvi avèk yon 2yèm lang, tankou franse, pou yo rive degaje yo (« fonksyone ») nan lang sa a nan sèten domenn menm si yo pa rive pale 2yèm lang sa a kòm si se ta lang natif natal a yo. 

Nan apwòch sa a, ki chita nan lwa peyi a depi an 1982, se lang kreyòl la ki pou ede ti moun yo bay pi bon rannman sou ban lekòl.

 

KATRIYÈM KESYON AK KÒMANTÈ : KI MISYON AKADEMISYEN NAN AKADEMI KREYÒL AYISYEN ?

Selon lwa peyi a, Akademi KREYÒL Ayisyen (AKA) se yon enstitisyon leta ki gen pou misyon pou l  « defann » lang kreyòl la.  Pa egzanp, AKA dwe :

« … travay pou enstitisyon leta yo aplike Konstitisyon an nan piblikasyon tout dokiman ofisyèl yo nan lang kreyòl. »

Lekòl leta yo se enstitisyon leta tou.  Ki donk lekòl yo, yo menm tou, dwe aplike sa Konstitisyon peyi a mande konsènan lang kreyòl la kòm lang nasyonal.  Epi, tou, sa fè 40 lane depi dekrè 30 mas 1982 a (« Refòm Bernard ») mande pou lang kreyòl la sèvi kòm zouti pou ansèyman nan 10 premye ane lekòl. Nan kad refòm sa a, ti moun yo ta dwe aprann franse kòm yon 2yèm lang depi nan premye ane lekòl epi franse ta dwe kòmanse sèvi kòm yon 2yèm lang ansèyman nan 6yèm ane fondamantal.

Nan pèspektiv legal sa a, ki jan pou n evalye pledwaye frankofil Akademisyen Rochambeau nan kontèks misyon AKA ? Akademisyen an deklare li pa wè okenn avantaj nan lang kreyòl la pa rapò ak lang franse a kòm lang ansèyman.  Deklarasyon sa a, ki pa chita sou okenn done ak analiz syantifik, kontredi lwa peyi a (Refòm Bernard).  Se kòm ki dirè Akademisyen Rochambeau ap chache bloke aplikasyon lwa peyi a ansanm ak misyon AKA pandan l ap sèvi misyon gwojemonik Organisation Internationale de la Francophonie (OIF), Ambassade de France en Haïti, Institut Français en Haïti, Agence Universitaire de la Francophonie, Francophonie Sans Frontières, e latriye !  

Wi, rekòmandasyon Rochambeau pi plis sanble ak move preskripsyon nan dokiman « Cadre d’Orientation Curriculaire » (nan lane 2021) kote Agence Française de Développement ansanm ak Ministè Edikasyon Nasyonal mande pou se franse ki sèl kòk chante kòm lang ansèyman depi ti moun yo rive nan 5yèm ane fondamantal. Menm jan ak pledwaye frankofil Akademisyen Rochambeau a,  « Orientation Curriculaire » sa a se yon preskripsyon ki vyole lwa peyi a : Dekrè 30 mas 1982 Refòm Bernard la ansanm ak Atik 5 nan Konstitisyon 1987 la kote kreyòl se sèl lang nasyonal peyi a epi kreyòl ak franse se 2 lang ofisyèl !

 

AN N FÈ DEBA, TANPRI !

Enben, kounye a, mwen panse ou menm, Lektè, w ava konprann analiz mwen sou konsekans malouk gwojemoni nan sistèm edikasyon peyi d Ayiti — e nan Akademi Kreyòl Ayisyen tou.  Wi, lè n byen analize pledwaye Akademisyen Rochambeau Lainy pou franse kontinye sèvi kòm lang ansèyman ann Ayiti, pwopozison Akademisyen Christophe Charles pou n fransize ekriti kreyòl la epi laperèz Rogéda Dorcé Dorcil devan « a, an, ba, cha… » pou non lèt alfabè kreyòl la, genlè tout pawòl sa yo se rezilta gwojemoni frankofil la.  Tou sa se konsekans malouk yon frankofoli ki genlè pa fouti entegre done ak analiz nan lengwistik ak syans edikasyon.  Wi, dapre analiz syantifik sa yo :  se lang manman ti moun yo ki dwe sèvi kòm lang ansèyman ; epi lang kreyòl la dwe kenbe pwòp òtograf pa li dapre yon chapant fonemik ki djanm ; epi, tou, lang lan bezwen pwòp non lèt pa li pou alfabè kreyòl la san n pa bezwen kenbe « kòd lonbrik » kreyòl la mare avèk franse. 

Mare « kòd lonbrik » lang kreyòl la nan lang franse oswa mande pou se franse ki sèvi kom lang prensipal pou ansèyman ann Ayiti, sa se yon estrateji k ap mare « kòd lonbrik » peyi d Ayiti nan ajannda gwo je etranje nan peyi Lafrans — se sa menm leta franse ansanm ak leta ayisyen te deja fè an 1825 lè yo te enpoze ranson plizyè milya dola sa a sou do mas pèp la.  Estrateji ranson lengwistik la tou patisipe nan krebete ti moun yo e nan peze souse jèvrin lang kreyòl la pou enterè gwo je etranje ak gwo je lokal.

Kòm gen moun ki ka panse mwen mal reprezante pwopozisyon frankofòl Akademisyen Rochambeau yo, enben, nan 3yèm pati atik la, mwen pral analize yon videyo sou YouTube ki se odyo prezantasyon Rochambeau a ansanm ak dyapo li te prezante nan konferans li a nan dat 1e avril 2022.  Videyo sa a tou prezante kèk kritik sou analiz Akademisyen Rochambeau yo :

Videyo sou YouTube : Akademisyen Lengwis Rochambeau on « Kreyòl and French as mismanaged bilingualism » — critically annotated :

https://youtu.be/hKploJC_-KE

Nan 3yèm pati atik la mwen pral montre ki jan diskou Akademisyen Rochambeau pa chita sou okenn rechèch solid nan lengwistik ak syans edikasyon.  Pledwaye Rochambeau a se yon egzanp diskou gwo je lokal sa yo k ap sèvi enterè gwo je etranje. Se pou sa li enpòtan pou n leve tout chal ki maske gwojemoni nan diskou sa a.

Mwen deja konnen lektè yo pral gen plizyè kesyon ak remak sou analiz mwen yo epi sou videyo Rochambeau a tou. Tanpri, pataje  fidbak nou nan bwat pou kòmantè an ba atik la sou sit entènèt jounal la oswa sou Facebook oswa Twitter oswa WhatsApp.  An n fè deba, an n fwote lide pou n chache verite.

 

Pwòf Michel DeGraff | 14 jiyè 2022

MIT Linguistics & Philosophy | Inisyativ MIT-Ayiti | Akademi Kreyòl Ayisyen

@MichelDeGraff @MITHaiti @MIT

 

 

Bibliyografi pou 2yèm pati atik la :

Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) konsènan misyon li :

http://www.akademikreyol.net/dokiman/depliyan.pdf
https://haiti.loopnews.com/content/ti-pale-ak-prezidan-akademi-kreyol-ayisyen-rogeda-d-dorcil

Refòm Minis Joseph C. Bernard (1982) epi mi wo mi ba ann apre :

https://twitter.com/MITHaiti/status/1434341743118409736?s=20

https://www.facebook.com/michel.degraff/posts/10159644420583872

Alexandra Breau (2015) « Aristide et la France : Les raisons de la discorde »

https://www.facebook.com/791208871/posts/10154491294563an872/

Jean Casimir (2021) konsènan « Lagrandyab » ak « 2 men klas mwayèn lan » :

https://mit-ayiti.net/resous/klas-mwayen/

Christophe Charles (2020) « Propositions pour améliorer la graphie du créole haïtien »

https://lenouvelliste.com/article/222071/propositions-pour-ameliorer-la-graphie-du-creole-haitien

Marlene Daut (2020) « Jan Lafrans te tòde men Ayiti — pi gwo vòl nan listwa » :

http://woymagazine.com/cr/2020/07/17/jan-lafrans-te-tode-men-ayiti-pi-gwo-vol-nan-listwa/

Michel DeGraff (2015) « Kreyòl kòm meye zouti pou aprantisaj lekti ak ekriti ann Ayiti »

https://youtu.be/c8tStHFjdXE

Michel DeGraff (2015) « Le devoir néocolonial et le non-devoir ti de maison du président François Hollande »

https://lenouvelliste.com/article/144761/le-devoir-neocolonial-et-le-non-devoir-devoir-de-maison-du-president-francois-hollande

Michel DeGraff (2017) « Diskriminasyon lengwistik ann Ayiti » :

https://www.opendemocracy.net/en/openglobalrights-openpage/diskriminasyon-lengwistik-ann-ayiti-se-yon-mepri-pou-dwa-timoun-epi-/

Michel DeGraff (2017) « Mother-tongue books in Haiti : The power of Kreyòl in learning to read and in reading to learn » :

http://linguistics.mit.edu/wp-content/uploads/degraff_2016_mother-tongue_books_in_Haiti.pdf

Michel DeGraff (2020) « An n reflechi ansanm pou n rele chalbari dèyè pwopozisyon k ap menase òtograf lang kreyòl »

https://www.potomitan.info/ayiti/degraff/otograf.php

Michel DeGraff (2020) « The politics of education in post-colonies : Kreyòl in Haiti as a case study of language as technology for power and liberation » :

https://iacpl.net/wp-content/uploads/2020/07/DeGraff-1.pdf

Michel DeGraff (2021)  « Rèv Yves Dejean, rèv mwen, rèv ou, rè nou … pou solèy edikasyon rive klere an kreyòl » :

http://lingphil.scripts.mit.edu/papers/degraff/DeGraff_2021_Rev_Yves_Dejean.pdf

Michel DeGraff (2021)  « Nan ki lang lajistis dwe pale ? » :

https://culanth.org/fieldsights/what-does-justice-sound-like

Michel DeGraff (2022) konsènan konferans Rochambeau Lainy sou kreyòl ak franse ann Ayiti : 

https://www.facebook.com/791208871/posts/10160018246273872/?d=n
https://youtu.be/hKploJC_-KE

Michel DeGraff (2022) konsènan nouvo pwopozisyon Akademi Kreyòl Ayisyen sou òtograf kreyòl la:

https://www.facebook.com/791208871/posts/pfbid07Bcwhr3cX5ann4SzL3gGCwE2dRvSFehCzM1FvadeuZQdHAaH8hovzL1ojJSUcfFil/?d=n

Michel DeGraff (2022) « Gwojemoni nan rasin lekòl tèt an ba nan peyi tèt an ba »

https://www.lenational.org/post_article.php?tri=553

Michel DeGraff & Mandaly Claude Louis-Charles (2019 « An n konprann Chante Alfabè Kreyòl La »

https://mit-ayiti.net/resous/an-n-konprann-chante-alfabe-kreyol-la/

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES