André fouad : lavi kòm kantik, lanmò kòm powèm yon kout foli tou limen

Yon rale sou rekèy "Sèlfi lanmò gonfle blad remò", kote pwezi tounen batiman pou travèse doulè, memwa ak limyè.

 André Fouad, se yon gwo powèt ayisyen, li sèvi ak lang kreyòl la tankou yon  baton lwa, sou do yon kòk kalite. Li se youn nan atizan ki pi konstamman ap mete pwezi kreyol la, sou flanm kote chak mo li chwazi mete sou papye a gen yon fon, yon mizik, yon doulè, men tou, yon limyè. Pawòl li pa jwe. Pawòl li viv. Fouad se pa powèt k ap mete bèl mo sou papye pou fè lektè admire. Non. Li se yon vwayajè ki chaje ak chay : chay memwa, chay pèsonèl, chay nasyonal, chay zansèt nou yo. Li itilize pwezi mete vwa an silans. E se sa li reyalize ak anpil pouvwa nan dènye rekèy li a, Sèlfi lanmò gonfle blad remò. E se tou yon rekèy ki pale de lanmò papal yon memwa vivan nan souvni papal.

Menm si lanmò se tèm santral rekèy la, nou pa janm tonbe nan senti mental li, oswa tradisyon elegi ki gentan blayi. Lanmò Fouad la pa ret sou kare tè simityè. Li se lanmò ki chita pale ak lespri, lanmò ki mete chimen anba pye. Li se fen ki ouvè sou lòt fòm lavi. Yon prezans ki ranplase absans. Yon dife ki pa boule men ki klere.

"ki kote w al Danbala kò w
lè sous dlo dezabiye pwomès"

Kesyon sa a, ki se youn nan vè ki pi pwisan ak mistik rekèy la, mete nou anfas reyalite nou viv e ak tout kesyon egzistans. "Danbala kò w", ki ka reprezante dans, mistè, mouvman lavi, se pa sèlman imaj relijye oswa metafò sou laperèz lanmò, men se yon chimen pou poze kesyon sou kote lespri ale, sou sa dlo (ki ka senbòl memwa, emosyon, sous lavi)  "Dezabiye pwomès" : èske sa vle di lavi pa kenbe pawòl li ? Eske lanmò fè nou pèdi sans ?

Fouad pa reponn. Li pa la pou sa. Misyon l se poze bon kesyon. Mete limyè sou sa k fè nwa andedan nou. Se yon travay powetik ki pi pre filozofi pase bèlte sèlman. Rekèy la se yon omaj, li klè. Li se yon rèl pou papa l ki pa la ankò. Men se plis pase sa. Se yon chemen 30 lane doulè ki tranpe nan silans e kounya, vin pibliye sou fòm pawòl. Se yon chan sou pèmanans absans, sou defigirasyon lespwa, sou batay ki pa janm fini ak reyalite.

"mwen gon randevou ak minui sanble m bliye vit
si pou ou van gentan kwochi konsa
mwen son vye eritye"

Nan vè sa yo, nou wè kè kase, dezalman, men tou, rekonesans. Lavi se yon eritaj. Se sa Fouad fè nou konprann. Yon chay nou pa chwazi, men nou oblije pote. Yon memwa nou pa toujou konprann, men ki mete non nou nan bouk listwa.

Liv la se yon latriye powèm kout, byen ritme, kote tit yo pa senpleman dekò. Yo se pati nanm tèks yo. Gen yon senkronizasyon mistik ant mo ki vin anvan ak sa k vin aprè. Chak powèm se tankou yon bouton dife : ou manyen l, li boule, men li pa fini boule ou. Li kite mak. Yon mak ki pa mak regrè, men mak limyè.

"lavi w yon kantik douvanjou
… yon vèvè k ap bouske libera l"

Nou pa ka li vè sa yo san nou pa tande mizik sakre ki nan yo. Nou pa ka li yo san nou pa wè imaj. E se sa ki fè pwezi Fouad tèlman rich : li konn mete mo sou fè, men li pa janm kwense sans lan. Li louvri pòt. Li mete limyè sou chemen. Li pa pè chaje memwa nou ak senbol, ak rèl, ak rit. Men li toujou kite espas pou nou respire, pou nou mete pa nou. André Fouad se pa senpleman yon powèt ki ekri. Li se yon powèt ki viv. Chak vè li, chak imaj li, chak kraze-pawòl li chaje ak sansiblite ki soti nan fon limanite. Se yon pwezi ki konn souke, ki konn plenn, men ki toujou kenbe diyite l. Li pa janm pèdi bonnanj li. Rekèy Sèlfi lanmò gonfle blad remò se yon gwo moman literè. Se yon chan  ki pa mete nou an ba, men ki leve nou pi wo. Se yon rale ki sòti nan trip pou l vin chita sou flanm memwa, sou chimen kilti, sou poto mitan limanite nou.

André Fouad rete youn nan vwa ki pi solid, ki pi pwofon, ki pi lespri nan pwezi ayisyèn kontporen an. Pwezi l se pa yon jaden flè. Se yon jaden di, men ki toujou donnen limyè.

 

Godson Moulite
jounalis e powèt ayisye

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES