Book fair festival 2025  nan Miyami

 Yon bèl jounen, yon bon laprè midi

Festival sila a se yon pòtvwa, yon bèl lide, yon moman kè kontan kote tout koulè twal, tout koulè moun, tout bèl jès ak tandrès te rasanble pou valorize kilti ayisyen an nan divès kalte dimansyon.

Timoun yo te la nan zafè pa yo, yo t ap naje nan bèl fabrik penti ak tanbou,  granmoun t ap monte desann , gade liv, tande mizik ,  chita tande, danse kole, achte manje lokal, gade pasipala bèl abiman, pale , koze youn ak lòt sou liv, sou tablo, sou penti, sou sinema, sou teyat ak tout lòt bagay ki fè Ayiti se yon peyi grandèt nan domèn atistik ak istorik.

Book fair festival 2025 lan se 11yèm kout kanno  ki tire nan miyami , ki reprezante 11yèm ane  lavi ,  koneksyon ak pataj  Ayisyen k ap viv nan dyaspora ak tout etranje fouyapòt ki pa janm rate randevou sila a depi jou a rive.

Dimanch 4 Me 2025 sa a soti 11è maten pou rive 6è  nan laprè midi nan Sant Kiltirèl ayisyen yo  si w pat la ou te pèdi.

Kisa k te nouvote nan 11yèm kout kanno sila a ?

Jan Mapou ak Jessica Fièvre ki se 2 majò jon aktivite sila a te pale sou mwa eritaj kilti Ayisyen an ki toujou fèt nan kominote ayisyen an nan Mayami depi lane 2001. Festival sila a ki se yon bèl tras nan lavi pèp ayisyen an posib ankò ane sa a gras ak “Sosyete Koukouy” ak  Miami book fair ki pote kole pou dans lavi sila a .

“Jessica Fièvre” pale sou bèl mizik, bèl chante sou tradisyon  melanje ak modènite, klas yoga pou ede moun yo resantre yo, jwe oslè, pèzèl ki montre bèl kote sou Ayiti,  atelye pou aprann timoun yo moun enpòtan nan kilti ayisyen an, tout bagay ki raple nou istwa nasyonal peyi nou. Kidonk,  Se yon festival ki selebre liv , lang, literati ,  kilti e ki bay yon opòtinite san parèy pou timoun yo sitou rankontre otè yo , pale avèk yo , tire kont , li istwa ,  bat tanbou …Se te yon moman bèl anbyans nan sant kiltirèl ayisyen an nan Ti Ayiti.

Jan Mapou pale sou mwa sila a kòm mwa  ki reprezante richès ak bèlte kilti pèp ayisyen an epitou se mwa ki reprezante listwa ak rezistans pèp ayisyen an. Aktivite sila a louvri ak yon bèl espozisyon liv  nan divès kalite lang…Majò jon an ajoute pou li di festival sa a espesyal gras ak nouvote ki genyen nan sijè imigrasyon k ap fè aktyalite e ki afekte kominote ayisyen an sou plan ekonomik, sosyal, edikatif e ki menm mete avni anpil fanmi ayisyen an danje nan USA.  Pou sa anpil espè te  envite pou esplike kijan aplikasyon lwa imigrasyon fonksyone nan peyi Etazini. Yon lòt bò, Jan Mapou esplike nesesite pou amatè liv ak tout lòt ayisyen konsekan pote kole nan yon dimansyon lajman laj pou sove lavi kominote ayisyen an nan “Little Haïti” ki sou wout disparèt si pa gen dispozisyon nesesè ki pran.  

Kiki Wainwright ki se powèt, chantè, womansye ak manm sosyete Koukouy nan Miyami  ki prezante woman “Melani” nan okazyon sila a pa kache satistafaksyon depi anviwon 10 lane pou moun tout laj ki pa sispann plezire aktivite sila a pandan tout ane egzistans li . Pou li se moman pou kontinye fè pwomosyon pou lang kreyòl la ki se lang ki simante tout ayisyen ansanm. Se okazyon tou pou tout otè vin prezante zèv yo pou yo fè konnen yo epi ofri tèt yo bay piblik la pandan y ap  pale sou zèv yo. Pou womansye a festival sila a akote liv y ap prezante se moman tou pou espoze kilti ayisyen an  nan tout fòm: nan mizik, nan teyat, nan literati, nan chan... Se yon meli melo kote gen liv pou timoun aprann sou otè yo, sou kilti ayisyen an.

Pascale Milien Faustin << Choublak kreyòl >> avèk anpil souri pale sou aktivite sila a ki se yon bèl vwayaj, ki montre kalite pouvwa kilti ayisyen an genyen pou li rasanble moun kèlkeswa diferans laj ak lang yo pale. Anplis ,  senpati, amitye, bouyon kilti, otè ki sòti toupatou bay yon melanj, yon miksaj bèlte ki sipòte kilti ayisyen an  nan divès dimansyon. Abiman elegan, koulè twopikal , dans folklorik, yon dekò ki byen chita  se plizyè ti detay otè pwovèb kreyòl ayisyen an pale de yo nan aktivite gran panpan sa a Sosyete Koukouy ak Miami Dade ofri nan 11yèm edisyon festival foli liv la .  Choublak kreyòl la tou envite avèk bèl  vwa li ki pa  t sispann chame piblik la pou yo vin patisipe nan douzyèm edisyon an k ap gen anpil chalè.

Roger Lirburd ak  jean Emmanuel Prophète bò kote pa yo fè yon rapèl sou kilti ayisyen an. Pou Roger Liburd sou fòm reprezantasyon Ayiti pa manke resous pou li fè faskare avèk okenn lòt kilti sou latè.  Ayisyen kapab sove tèt li avèk tout fakilte nou genyen. Nou dwe travay pou nou genyen yon kominote ki fò ki pou reyini, pale epi defann  enterè kolektif pèp ayisyen an nan dyaspora a. Li tou mande pou nou esplwate bèl kilti nou an ki se yon fòm espresyon lavi ak koulè , yon eritaj ak pataj.  Jean Emmanuel Profète raple nou Ayiti  se yon peyi inik, malgre pwoblèm ak touman nou rete debou, nou rete vivan. Li envite nou devlope solidarite pou nou kontinye ekri pi bèl paj listwa toupatou sou latè.

Pa gen dout nan sa , 11yèm edisyon book fair  festival  foli liv sila a, se  yon lòt ki ajoute nan tout lòt bèl edisyon ki fèt yo e ki bay piblik la rezon pou yo la pou anpil lòt ane ankò.

 

Jonathan THERMIDOR

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES