Depi sou prezidan bann machwè, leta ap frape tanbou lamizè pou fè malere bay payèt douvan sèl pòt lavi. Yo chante chan grangou toulejou sou nòt reziyasyon, paske chomaj achte peyi a lajan kontan.
Anndan vant Mache Dipi nan ri Tomat kraze a, se la Bèkèlèw te konn ap fè manje chak aprèmidi, anba yon ti tonèl klopi klopan ki pa menm ka sipòte yon bon kout gouyad van Lasenjan. Ti tonèl sila a te bare ak yon bann gwo twal djins pwès, machann pèpè lage 2 pou 5 lè kat mare katòz. Te genyen 7 gwo ban pou kliyan ki vin achte anvan jwenn repozwa. Si w vin achte anreta, ou p ap jwenn plas. W ap oblije akoupi, tann machann nan chaje w.
Depi l fè 5è boul, manje Bèkèlèw gentan ap voye sant santibon anba tou nen vil la.
Sa moun yo renmen nan li, li toujou klere tankou miwa dèzanj, kouwè fanm ki pral nan festen. Manje l toujou byen gou. Sa fè chak jou li fin vann byen rapid. Li vann lajan nan men, li vann kredi. Li fè moun kado manje chak dimanch. Kliyan yo ba li yon ti non jwèt, yo rele l Fanm Dous. Lè w tande Bèkèlèw pase yon jou li pa fè manje, se tout kò vil la ki delala.
Gen yon bagay m t ap bliye m pa di nou, Bèkèlèw fè 6 pitit fi pou yon sèl papa. Li mete tout lekòl, malgre li menm li pa t jwenn chans tire moso lakonesans nan silabè.
Gen yon jou Bwabèl santi anndan vant li cho pase flanm dife revolisyon. Kè misye kase paske l pa t ka konprann sa k t ap pase l konsa. L al chita pou l fè yon ti reflechi. Se lè sa a atò li vin sonje ke l pa t ko goute sèl depi maten. Sa k di a, solèy la te gentan ap wonfle vyèydat nan zòrèy lannuit.
Misye bat pòch li. Li pa jwenn menm senk kòb lesko, epi grangou an ap chante kantamwa, valkande sou tout branch trip li. Vwazinaj nan katye kote l rete a te gentan fè manje anvan lawouze fin taye banda. Sa fè menm sant li l pa gentan pran. Tout wout li fè, razè kanpe an kwa.
Lide misye vin frape sou Bèkèlèw. Rapidvit gen yon souri wòdpòte ki monte chita sou vizaj li. Paske l toujou tande moun nan bouk la ap pale byen de manmzèl.
Moun yo toujou ap di se yon machann ki respekte moun. Ki renmen moun. Ki wè moun anvan lajan. Sa vledi, mounite Bèkèlèw kanpe tennfas douvan gwo presyon lavi.
Enben, apre tout kalkil sa yo, miche pa fè ni de ni twa, li plonje nan mache Dipi. Wè pou n ta wè jan l ap mache : pye goch li ap ekri, pye dwat li ap efase. M gen lenpresyon, si yon ti van wondonmon, yon ti van madichon ta vante, Bwabèl t ap sot tonbe fasba.
Nou tout konn sa deja, grangou jou dimanch pa gou. Grangou jou dimanch pa dous. Grangou jou dimanch se lalwa, asowosi…
Anvan Bwabèl resi rive kote Bèkèlèw ap fè manje a, se pa de pa li pa make sou plas.
Lè l rive, li jwenn yon latriye moun sou deran bò kot machann nan. Sa k akoupi, sa k chita, sa k kanpe kouwè ma drapo nan lekòl nasyonal. Men tout la pou yon sèl koz. Bòl yo kenbe nan men yo, y ap tann Bèkèlèw sèvi ak yo, pou y ale.
Chans pou Bwabèl, nan jou a Bèkèlèw pa t fè manje pou l vann. Li te fè manje pou l separe bay popilasyon an. Chak dimanch se konsa l toujou fè. Rezon ki pouse l fè sa a, li estime kliyan yo renmen l anpil anpil, yo ede l vanse sou chimen siksè. Se ak komès la, li fè kay pou l rete ak mari l ak tout 6 tchovi li yo. Pousa li chwazi rekonpanse moun yo chak dimanch sou chimen siksè. Se ak komès la, li fè kay pou l rete ak mari l ak tout 6 tchovi li yo. Pousa li chwazi rekonpanse moun yo chak dimanch.
Bwabèl li menm ki pa t konn sa, se kredi li vin mande achte. Machann nan ap lonje men l pou l pran bòl la, miche pa lonje l bay. Se nan zòrèy li vle pale ak machann nan. Misye pa entèlijan ditou pyès. Lè yon nonm jèn gason, fòk ou sou men w. Ou pa dwe pòtre yon kannannan. Malgre li wè pa gen youn nan moun k ap resevwa manje yo ki lonje kòb bay. Se mèsi, mèsi machann, mèsi Fanm dous.
Manje a fini sou li. Se lè tout moun yo fin ale atò, li pwoche epi l lonje bòl la bay machann nan.
--- Pou konbyen kòb ou bay machann ?
--- Chak dimanch se gratis wi mesye !
--- Se vre !
--- Wi !
--- M pa t konnen !
--- M pa gen manje ankò. Graten sèlman m rete.
--- Ou mèt ban m graten an machann. Paske m pa bon menm.
Bwabèl grate tout graten an vide nan bonm pwa a. Pou l fini, li pase l nan chodyè berejèn nan. Si w ta wè niche dwèt li. Ti bouch li menm ap brase tankou se mò k mouri ki pa kite byen. Anverite, m te panse Bwabèl se te yon tchòtchò, yon abèkzò, yon gwo nanm, yon kannannan. Poutan se pa vre ! Miche gen kont lespri l. Lè l fin manje, li leve pou l ale, sa nou kwè l di : « Si tout machann te pote kè nan men tankou Bèkèlèw, moun t ap sispann mouri grangou anba je laprezidans.
Liv: Byennèt pou tout moun (Lodyans)
Malaba Pitit Plim
Ekriven-Powèt, Kontè, Lodyansè, Komedyen, Womansye. Prezidan Salon international du livre et des arts contemporains. PDG Éditions Papye9.
