Twokèt refleksyon an
Nan kontèks deba sou Sistèm grafik ki kapab transkri Sistèm fonolojik kreyòl ayisyen an, entegrasyon yon siy dyakritik tankou aksantegi sou tèt lèt (á, é, ó) parèt kòm yon nesesite fonksyonèl pou rezoud anbigite mòfofonolojik e semantik ki pèsiste nan Sistèm grafi ofisyèl la. Atik sa a analize fondasyon lenguistik ak enplikasyon sosyokiltirèl pwopozisyon aksantegi a anplis aksangrav la ki deja la. Li ekzamine kritikman pozisyon plizyè otè — ant sila ki gen yon apwòch konsèvatris fas lòt ki fè prèv volonte refòm-avansman — epi li montre kouman yon itilizasyon nyanse aksantegi ka ogmante koyerans ant fonèm, grafèm ak sans nan lang kreyòl ayisyen an. Boutofen, atik la mete aksan sou enpòtans presizyon, klate, koyerans nan Sistèm grafik k ap sèvi pou dekri kreyòl ayisyen an kòm yon kondisyon fondalnatal pou pèp la rive pataje sansiblite, konesans, ak vizyondimond li alekri. Konsa, tout moun k ap ekri lang lan ap rive jwenn mwayen teknik pou afime idantite yo sou chimen devlopman sosyal e teknolojik nan lang lan.
Chay refleksyon an
Sistèm grafik kreyòl ayisyen ki ofisyèl depi sou Refòm Jozèf Bèna 1979-1980 an se yon gwo reyisit lenguistik. Li se yon Sistèm ekriti fonolojik ki regilye, otonòm, epi li pèmèt ekriti lang kreyòl ayisyen an fasil pou tout moun aprann li. Men, gen yon seri eleman kle ki kontinye ap poze gwo defi ak sistèm sila a, pami yo : nou jwenn itilizasyon vijilan e koyeran siy dyakritik tankou aksan yo, sitou yon aksan sou tèt vwayèl oral tankou : (a, e, o) devan konsòn nazal (n). Sa vle di, nan sitiyasyon kote gwoup lèt (a+n, e+n, o+n) pa fòme gwoup vwayèl nazal : (an, en, on) < [ã, ɛ̃, ɔ̃]. Alòs, atik sa a vle montre, ak anpil pridans, san fo jeneralizasyon, nesesite pou aktè e enstitisyon konsène yo entegre ofisyèlman aksantegi a nan Sistèm grafik kreyòl ayisyen an pou ekriti lang lan ka pi klè, pi presi, pi koyeran, sa k ap rann Sistèm grafi fonolojik sila a pi adapte ak ansanm bezwen pèp la, ki manifeste nan pale, ekri, sinye lang lan.
I. Defi Istorik ak Enpòtans klète nan Sistèm Ekriti Lang Kreyòl Ayisyen an
1.1. Yon ti limyè sou defi istorik ekriti lang lan
Depi nan orijin li sou tan lakoloni fransè nan Sendomeng (Lisette quitté la plaine, 1757), ekriti kreyòl la te konn fè fas ak yon mank sistematisite e inifòmite nan fason moun ekri mo yo. Pwoblèm sila a te kontinye malgre ansanm jefò ki te fèt pou pwopoze yon Sistèm grafik ki koyeran diran ane 1920 rive 1970 yo. Konsa, diferan pwopozisyon Sistèm grafik ki te fèt yo te kreye anpil gwo deba, e deba sa yo pa sispann, malgre ofisyalizasyon Òtograf Refòm Bèna (1979-1980) a ki gen 32 grafèm pou reprezante 32 fonèm (Yves Déjean, 1977 ; Jean Robert Cadely, 2018 ; Hugues Saint-Fort, 2021).
E, malgre Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) pibliye de (2) Rezolisyon (2017, 2023), gen yon latriye pwoblèm ki te deja la nan premye Sistèm òtograf Jozèf Bèna a ki non sèlman pa rezoud, men ki vin ogmante (Lemète Zephyr, 2017 ; Michel DeGraff, 2017, 2023 ; Renauld Govain, 2017, 2024). Pami pwoblèm ki pa rezoud yo se koze distenksyon nan ekri, ansanm son (fonèm) ki pa nazalize ki fèt nan rankont yon vwayèl oral (a, e, o) kole kòtakò ak konsòn nazal (n). Kòmkwa, nan ekri mo kreyòl ayisyen, gen sitiyasyon kote (digraf) gwoup de (2) lèt (an, en, on) remèt de (2) gwoup son diferan.
Premye son yo pwononse nan nen, yo fòme vwayèl nazal : (an, en, on) [ã, ɛ̃, ɔ̃]. Men fas ak gwoup vwayèl nazal sila a yo, nou jwenn nan kèk lòt sitiyasyon kote menm gwoup de (2) lèt yo remèt yon lòt gwoup son ki diferan de premye son yo, tankou (a+n, e+n, o+n) ki pwononse nan bouch, san nazalizasyon [an, en, on] (Kenny Thelusma, 2025).
Alòs, pou montre diferans nan pwononsyasyon dezyèm gwoup digraf [an, en, on] ki pwononse nan bouch la, plizyè otè (Renauld Govain, 2017, 2022; Roldan Cétoute, 2021) pwopoze pou AKA sèvi ak yon siy dyakritik (se yon ti siy espesyal tankou : (sedil, egzanp sou lèt : (ç), aksantegi (é), aksangrav (ù), aksan sikonflèks (î), trema (ë), tilde (ñ)…) ki montre diferans nan pwononsyasyon) tankou aksantegi sou tèt lèt (á, é, ó).
Wòl siy dyakritik tankou aksantegi a sou tèt lèt (á, é, ó), se pou pèmèt lektè, ekritè ak entèprèt lang siy yo diferansye klèman son [a, e, o] ki vini devan son [n] men ki pa nazalize oubyen ki diferan avèk son vwayèl nazal tankou : (an, en, on) [ã, ɛ̃, ɔ̃]. Sa ki vle di, entegrasyon aksantegi ki te deja sèvi lan plizyè Pwopozisyon òtograf avan Refòm Bèna a nesesè e menm fondamantal nan koyerans Sistèm grafik ofisyèl la, ki chita sou prensip doub ekivalans fonemik lan (yon fonèm egal yon grafèm). Aksantegi a ap sèvi espesifikman pou make diferans nan gwoup fonik [a+n, e+n, o+n]. Sa ki vle di, lè vwayèl oral (a, e, o) gen aksantegi (á, é, ó) devan konsòn nazal (n), ebyen vwayèl oral (a, e, o) ap toujou konsève son natif natal yo [a], [e], [o] san yo pa sibi ankenn modifikasyon, donk yo p ap nazalize devan [n] konsa, [a, e, o] ap toujou pwononse pou kont pa yo, menm jan tou [n] lan ap pwononse pou kont pa l, detache.
Men yon seri ka/egzanp ki parèt senp, men ki montre aklè absans aksantegi a toujou poze gwo pwoblèm nan Sistèm grafik ofisyèl la.
Mo tankou « jòn » < [ʒɔn] avèk aksanfòs oubyen aksangrav (`) sou tèt (ò) a, se yon non ki sèvi pou dezinye koulè (li soti nan mo fransè « jaune », poutan tout ayisyen di : « jaune citron » < [ʒon sitʁɔ̃], an kreyòl ayisyen). Alòs, mo « jon » < [ʒɔ̃] san aksangrav ni aksantegi, ka vle di yon plant, oubyen yon pati nan yon plant, egzanp: jon plamis, ki kapab siyifi fèy osnon tij palmis. Poutan, Ayisyen k ap pale, timoun oubyen granmoun, al lekòl, konn ekri kreyòl oubyen pa konn ekri l, monoleng ou bileng, tout Ayisyen abitye di « jo+n sitwon » [ʒon sitʁɔ̃]. Pou make diferans pami de (2) premye mo ki ekri avan yo : « jòn, jon », atik sila a montre byen fonde agiman ki soumèt lide entegre aksantegi a nan Sistèm grafik ofisyèl la pou ekri kòrèkteman [ʒon sitʁɔ̃] > « jón sitwon », menm jan pou anpil lòt mo ankò.
Atansyon, itilizasyon aksangrav (`) ki nan Sistèm grafik ofisyèl la pa koyeran ditou. Aksangrav la plase sou tèt (à) pou montre son [a] pa nazalize devan konsòn nazal [n]. Poutan, menm aksangrav la sèvi sou lèt (e, o) pou montre modifikasyon fonèm yo : (è, ò) [ɛ, ɔ], sa ki montre pwononsyasyon diferansye oubyen varyasyon fonolojik de (2) vwayèl oral yo selon nan mo yo retwouve yo. Sa ki vle di boutofen, menm aksangrav la gen de (2) fonksyon diferan, kontradiktwa, andan menm Sistèm grafik ofisyèl la. Pwoblèm koyerans ak pwoblèm sistematisite pa vre ?
Men, pou itilizasyon aksangrav la vin koyeran, atik sa a rejwenn pozisyon Renauld Govain ( 2017, 2022) pou yo elimine aksangrav la sou vwayèl oral (a) [a] lè son an pa chanje devan konsòn nazal (n) [n] pou yo ranplase l avèk aksantegi ki montre absans nazalizasyon vwayèl (a) devan (n). Egzanp nan fraz : Antwanèt se manman Antwán.
1.2. Plis detay ak egzanp ki jistifye entegrasyon aksantegi a
Pou moun ki plis avanse lan transkripsyon son ki semantikman itil (fonoloji kreyòl ayisyen an), nou ka bay egzanp pratik tankou mo : anpán < /ãpan/, manyè < /mãjɛ/, mányè < /manjɛ/, matrimwán < /matʁimwan/, evénman < /evenmã/, Jénvyèv < /ʒenvjɛv/, Sényè < /senjɛ/, dwon < /dwon/, jón < /ʒon/, anviwónman < /ãviwonmã/, ikón < /ikon/ elatriye.
Pou ansanm egzanp nou sot mansyone yo ka plis klè kou dlo kòk, n ap bay kèk transkripsyon ki baze sou Sistèm fonolojik lang kreyòl ayisyen an ki kapab sèvi kòm yon ti lòsyè definisyon.
Kòm egzanp mòfofonolojik e semantik nou gen : /ãpan/> anpán (sitiyasyon yon materyèl ki gen pwoblèm, ki pa kapab fonksyone kòmsadwa), /matʁimwan/> matrimwán (byen moun eritye bò kot manman), /ʒenvjɛv/> Jénvyèv (transkripsyon an kreyòl ayisyen non moun ki rele Geneviève an fransè, /senjɛ/> Sényè (tit noblès ak lonè), /dwon/> dwón (aparèy elektwomekanik ki kapab vole anlè san pilòt andan l), /ʒon/> jón (koulè bazik ki melanje ak ble pou bay vèt), /ãviwonmã/> anviwónman (tout sa ki anviwonnen nou, ki twouve nan antouraj nou, keseswa eleman jewolojik oubyen klimatik), /ikon/ > ikón (senbòl grafik ki reprezante yon lojisyèl, aplikasyon oubyen yon fiche nan domèn enfòmatik)...
Si nou pa itilize yon aksan espesyal, tankou aksantegi nan ekri pou montre diferans pami son ki diferan pou presize sans ki diferan, ki sèvi pou dezinye mo ki reprezante sou divès fòm nan Sistèm ekriti lang lan. Lektè ak ekritè yo dwe konte sèlman sou kontèks fraz yo pou li, ekri, e rive byen konprann, sa ki bay plas pou refleksyon initil, anbigite, kontresans oubyen tèt chaje. Sa ka menm mennen nan gwo konfizyon. Wi, sitou pou moun k ap fenk aprann lang lan, oswa sa ka lakòz pwoblèm tradiksyon (kòm lektè aktif nan lang kreyòl ayisyen, Kenny Thelusma rankontre anpil ka/egzanp mo ki ekri sou entènèt e nan liv syantifik enprime ki malerezman pa koyeran ant jan mo yo ekri ak jan mo yo pwononse), sitou ki baze sou zouti teknolojik yo. Sa ka lakòz move konstriksyon bazdone ki lye ak move tretman otomatik. Sa ki ka debouche sou move òganizasyon ak move klasman eleman langajye ki sibi tretman otomatik fose, enkoyeran.
II. Ka limit, ka pridans, lè (an, en, on) kole ak demi-vwayèl (y) pou bay (any, eny, ony)
2.1. Ka kat sou tab
Gen yon seri ka kote (any, eny, ony) (3 lèt = trigraf) rankontre nan yon seri mo ki remèt de (2) tip pwononsyasyon diferan (2 fonèm diferan).
A)- Yon premye ka kote gwoup trigraf (any, eny, ony) pwononse /ãj, ɛ̃j, ɔ̃j/, son yo soti lan nen, tankou nan mo : « manyè, panyòl, manyòk, plenyen, benyen, tenyen, bwasonyè, wonyen, zonyon… » (Ezanp: Manyè fè respè tèt ou otorite leta, sispann plenyen, men, aprann tout fonksyonè w yo sèvi ak lang pèp la kòmsadwa, menm jan sa fèt nan Panyòl (Dominikani)!).
B)- Yon dezyèm ka kote gwoup trigraf (any, eny, ony) pwosonse /a+nj, e+nj, o+nj/ tankou nan mo : « ma+nyè, pa+nye, espa+nyòl, a+nyèl, se+nyè, anse+nye, dekolo+nyal, bato+nye, prizo+nye… » (Egzanp: De tout ma+nyè, se yon devwa leta genyen pou li anse+nye pitit pèp la nan lang manman l, kèlkelanswa moun lan te pitit gwo bato+nye, kèlkelanswa moun lan te pitit yon senp prizo+nye).
2.1.1. Konsiderasyon espesyal sou pozisyon kèk otè deja fè nan ka/egzanp sila a yo
Kontrèman ak agiman lengwis, kritik literè, tradiktè Émmanuel W. Védrime (Gramè kreyòl Védrine¸ 1996, p. 51) ki li menm voye jete ilitizasyon « aksantegi » ki te sou vwayèl « e » nan Sistèm grafik Charles Fernand Pressoir (Débats sur le créole et le folklore, 1947, pp. 64-75), lenguis e nòmalyen tankou Roldan Cétoute (nan liv ki rele Kreyòl alèkile… Ns 3 & 4, 2021, p. 235), rejwenn pozisyon lenguis Renauld Govain (2017, 2022) ki defann entegrasyon aksantegi a nan Sistèm grafik ofisyèl la. Wòl aksantegi a se pa pou make diferans pami vwayèl ouvè ak vwayèl fèmen tankou jan Védrine te kwè l nan liv gramè li te pibliye an 1996 la, men wòl aksantegi a se pito pou make distenksyon son ak sans lan ka kote gen rankont vwayèl oral (a, e, o) avèk monograf (n) oubyen gwoup digraf (ny) pou bay trigraf (any, eny, ony), ki yo menm ka pwononse de (2) fason diferan.
Si nan kad travay syantifik lenguis Renauld Govain yo, oubyen nan atik Louis Duperrier 2022 tout nyans kote trigraf (any, eny, ony) akouche de (2) son diferan pa jwenn yon tretman apwofondi, men kay Roldan Cétoute (2021), gen yon konsiderasyon espesyal ki fèt. Nòmalyen e lenguis la fè konnen tout kote ki gen trigraf (any, eny, ony) epi ki pwosonse /a+nj, e+nj, o+nj/, se pou elèv NS 3 & NS 4 yo sèvi ak aksantegi a, kòm yon nouvo règ aksantyasyon. Konsa alèv yo ap gen posiblite make diferans mòfofonolojik e semantik pami mo yo san tèt chaje. Kòm egzanp, Roldan Cétoute bay mo tankou : pánye [panje], omónye [omonje], batónye [batonje], sényè [senje], prizónye [prizonje].
Alòs, sou baz ka/egzanp sa yo, Roldan Cétoute pwopoze kòm prensip, pou aksantegi a jeneralize, konsa l ap sèvi lan tout mo ki gen son [a, e, o] ki rankontre avèk grafèm [nj], men ki fòme de (2) son diferan. Sa ki ta lakòz selon jeneralizasyon prensip Roldan Cétoute la, tout mo jodi a nan Sistèm grafik ofisyèl la ki ekri konsa : dekolonyal, boutonyè, Ikrenyen, Iranyen, fewonye, kòdonye, Emanyèl… ta dwe de preferans ekri ak aksantegi konsa pito : dekolónyal, boutónyè, Ikrényen, Irányen, fewónye, kòdónye, Emányèl. Pou nou menn, jeneralizasyon sa a, se yon jeneralizasyon abizif. Kijan nou eksplike abizifte l ?
2..2. Ka pridans nan itilizasyon aksantegi a
Bò kote pa nou, nou soumèt lide pou prensip itilizasyon aksantegi sèvi yon fason pridan e nyanse. Piske nan lekti, se sou bò goch Sistèm grafik kreyòl ayisyen an koumanse retranskri son mo yo, epi se an gwoup silab lang kreyòl ayisyen an li, gen posiblite pou prensip lekti silabik sou bò goch la (Jean-Robert Cadely, 2003, p. 12) rann jeneralizasyon abizif aksantegi a initil nan gwoup trigraf (any, eny, ony) lè pa gen ankenn gwoup mo ki ekri menm jan, ki gen sans diferan nan lang kreyòl la. Sa lenguis yo te ka rele envalidite mòfofonolojik e semantik.
Konsidere envalidite sila a, nou pwopoze pou aksantegi a itilize sèlman lè gen yon mo-ekri ak menm lèt (omograf), ki san ankenn aksan, ka dabò vle di de (2) bagay (kichòy), ki ka gen de (2) sans diferan, avèk de (2) son diferan (validite mòfofonoloji e semantik), egzanp : (man+yè) diferan de (ma+nyè), nan ka sa a, fòk gen aksantegi sou (a) nan (ma+nyè) pou make diferans ant son ak sans yo. Men nan ka : (pan+yòl) avèk (espa+nyòl), prensip lekti silabik sou bò goch la pèmèt nou li : (pan+yòl), dayè pa gen mo (pa+nyòl), men gen mo : es+pa+nyòl, alòs pa gen mo ki pwononse : es+pan+yòl, ki fè sans. Sa ki fè, pa gen ankenn posiblite pou konfizyon mòfolonolojik e semantik pami de gwoup fòm ki sanble sa yo.
Poutan, mo-ekri tankou : (manyè) ka pwononse de (2) fason diferan si l pa gen ankenn aksan sou lèt (a) a. Sou menm baz lekti silabik agoch la (ma/man…), si pa gen aksantegi sou tèt lèt (a) a, ka gen konfizyon nan lekti mo ekri a. Ebyen, piske toulède (2) pwononsyasyon diferan yo gen sans diferan (ma+nyè, man+yè) ki itil, oubyen chak son yo pote yon sans diferan ki gen sans nan lang lan. Alòs nan ka sa a, aksantegi a parèt enpòtan anpil anpil. Men, nan ka mo tankou (senyè), Renauld Govain (2017, 2022) di fòk gen aksantegi sou (e) a pou montre diferans mòfofonolojik (se+nyè/sen+yè = sényè/senyè). Alòs, nan ka sa a, nou pito anfas yon varyasyon mòfofonolojik men ki pa gen ankenn validite semantik. Boutofen, nou ka soumèt lide: lizaj aksantegi a si l ka sèvi pou montre diferans mòfofonolojik, men kèk ka, li pa pote ankenn nyans semantik. Ka limit diferan ka limit nou prezante pi wo yo montre, fòk gen yon refleksyon byen atansyone ki fèt pou nou ka evite jeneralize lizaj aksantegi a. Agiman sila a, se kontrepye agiman Cetoute ki mande jeneralize aksantegi a.
III. Aksantegi nan Sistèm grafik ofisyèl la ? Yon avantaj epistemik pou Lang Kreyòl Nou an
Lè yon lang gen Sistèm ekriti ki koyeran e presi, li vin pi granmoun tèt li. Konsa li pèmèt :
1)- Pataje konesans pi presi. Yon doktè, yon enfòmatisyen, oswa yon pwofesè oubyen nenpòt moun ka ekri nenpòt lide, nenpòt konsèy, nenpòt rezilta rechèch, oswa nenpòt leson ak tradiksyon zèv san ankenn laperèz kòmkwa moun pral mal konprann, oubyen ka gen konfizyon ant sa pwodiktè a te vle di, ak sa Sistèm grafik lang lan rann posib.
2)- Devlope teknoloji : Pou devlope modèl entelijans atifisyèl, pou rantre done, kalkile, klase, tradui oswa pèmèt rekonesans vokal, rekonesans eleman langajye ki sou fòm tèks ekri, fòk Sistèm ekriti a trè koyeran, presi epi klè (transparans òtografik). Aksantegi a ap ride Sistèm enfòmatik yo idantidye epi konprann diferans ant mo ekri ki sanse sanble, men ki pwononse diferan epi ki gen sans diferan, kidonk Sistèm enfòmatik ki antrene ak Sistèm grafik lang kreyòl la ap vin pi adapte, pi itil pou pèp ayisyen an nan rapò l ak tèt li ansanm ak rès mond lan.
3)- Afime idantite nou kòm Pèp vivan-djougan : Itilize tout zouti ki disponib pou ekri lang nou an kòrèkteman, se yon fason pou n montre nou renmen l, nou respekte l, epi nou rekonesan devan ansanm valè ak posiblite li genyen lakay li pou nou menm e pou rès mond lan ki ap sèvi ak lang nou an pou aprann sou nou oubyen aprann ak nou pou pataje pratik lavi ansanm ansanm, men nan men. Se yon demach dekolonyal total : olye pou leta, fakilte, lekòl pwofesyonèl ap fransizaye pasi pala san pèp la pa konprann sa k ap pale a, sa k ap ekri a, sa k ap sinye nan lang siy etranje, nan yon peyi kreyolofòn, ebyen se pou nou tout pwofesè, ekritè (literasi = literasè), ekriven (literati = literatè), editè, tradiktè ak entèprèt lang pale, lang ekri ak lang sinye, nou tout syantifik kou senp sitwayen, travay joulejou pou rann Sistèm grafik nou an plis presi epi plis adapte ak bezwen libere lapawòl, pandan n ap pwofonde Sistèm grafik la, anrichi kapital senbolik e kiltirèl lang lan ansanm ak travay n ap pibliye ladan l chak jou li jou.
IV. Rekòmandasyon pratik pou yon avni ki pi klè, presi e byen pwofonde
4.1. Kèk Pwopozisyon wòdpòt pou dekolonyalizasyon nimerik lang kreyòl ayisyen an
Pou n evite fè jeneralizasyon abizif epi pou n avanse sou chimen dekolonizasyon teknik, teknolojik e dekolonyalizasyon nimerik la, nou pwopoze ti lòsyè konsiderasyon sa yo :
1)- Didaktizasyon Nyanse : Anseye tout timoun ak tout granmoun yo ki lè yo dwe itilize aksantegi (á, é, ó) epi poukisa li enpòtan (aksantegi plase sou tout (a, e, o) ki pwononse lan bouch devan (n), tankou nan mo : anviwónman, anpán, Antwán, de tout mányè, Stén, Jénvyèv, peyi Gwénland, evénman, fón, twón, òmón, klón, lón twal, dwón eksplozif, ikón, jón sitwon, etónman…), li sèvi tou pou pote nyans lan menm mo-ekri (monograf) ki gen sans ak son diferan : mányè/manyè…
2)- Devlope Zouti Teknolojik e Didaktik Koyeran epi Tradui an Kreyòl : Kreye yon pwogram edikatif global (soti nan jadendanfen rive inivèsite ak lekòl pwofesyonèl) ki aplike pratik lavi lang ak kilti kreyòl la, ki anbrase kilti a ak bon jan konesans syantifik lan tout nivo (sitou nan tretman otomatik langagye), ki reponn ak bezwen aprenan yo (entegre tout eleman syantifik konvankan epi ankouraje devlopman tout kalite lojisyèl ak aplikasyon tretman tèks, rekonesans vokal ki baze sou lizaj e adaptasyon lojisyèl ak aplikasyon enfòmatik tout kalite ki entegre itilizasyon Sistèm mòfofonolojik e semantik nan tretman otomatik lang (tankou jan sa fèt ak Facebook ki an kreyòl, Youtube ki konpran grafèm ak fonèm, Online Doc Translator ki tradui tèks an kreyòl ayisyen an rapò ak plis pase 170 lang), tradui tout sit entènèt leta kou prive, pibliye epi tradui tout liv ak lojisyèl lib e òpennsous ki enpòtan nan domèn lavi pèp ayisyen an.
3)- Analize e Diskite ansanm Pwopozisyon sou Sistèm grafik kreyòl ayisyen an : Nan okazyon 42èm ane selebrasyon Lang ak Kilti Kreyòl la (1983-2025), pwofesè, didaktisyen, pedagòg, tradiktè, editè, literatè ak literasè… enstitisyon kiltirèl e syantifik oblije prete atansyon ak plas aksantegi a (kòm siy dyakritik espesyal) nan Sistèm grafik kreyòl la paske lizaj li kreye klète nan son ak nan sans, li montre diferans ant mo-ekri « dwòn » (menm si mo a ekri, men son l ak sans li pa ekziste nan lang kreyòl la) poutan mo « dwón » (menm si ekriti mo a pa ko ofisyèl, paske aksantegi a pa ko konsidere fòmèlman, men koyerans aksantegi a pèmèt nou ekri son (fonèm) pèp la di pou dezinye non aparèy elektwomekanik ki vole anlè san l pa gen pilòt andan l, men ki dirije ak zouti pilotaj tankou manèt oubyen telekòmand). Alòs, adaptasyon sila a yo rann Sistèm grafik la adapte ak reyalite bazillektal (fason majorite a pale a) la.
4.2. Pwen-sou-lèzi
Nan yon analiz kritik pozisyon diferan otè sou entegrasyon aksantegi a, sou baz apwòch fonolojik-pragmatik (Govain, 2017, 2022 ; Cétoute, 2021) fas ak yon apwòch konsèvatris-istorik (Védrine, 1996; AKA, 2017, 2023), atik sa a rive idantifye sou baz travay premye gwoup otè a, ki wè aksantegi kòm yon zouti fonksyonèl pou rezoud anbigite mòfofonolojik e semantik. Men, li ofri tou yon kritik nyanse kont jeneralizasyon abizif Cétoute (2021) la, kidonk li pozisyone tèt li kòm yon refòmatè modere, ki baze sou priyorite lekti an gwoup silab soti sou bò goch ale sou bò dwat la (prensip validite mòfofonolojik e semantik).
Presizyon sou Pwopozisyon an : Pwopozisyon atik la mande pou aksangrav soti sou lèt (a) men pou rete sou lèt (è, ò). Li mande pou aktè konsène yo itilize aksantegi sou (á, é, ó) kote konfizyon semantik ak mòfofonolojik egziste tankou nan ka (egzanp : manyè / mãjɛ/ vs. mányè /manjɛ/). Alòs, se pa yon chay adisyonèl, yon tèt chaje, men yon solisyon adapte pou rezoud yon pwoblèm ki deja idantifye.
4.2.1. Enpòtans Presizyon sa a sou wout devlopman : Twa (3) wòch dife
Premye wòch la chita sou rapò “Lang ak Idantite” (Frantz Fanon, 1952, Ngũgĩ wa Thiong'o, 1986, Gabriela Veronelli, 2022). Yon sistèm ekriti ki kapab transkri tout nyanse lapawòl pèp la san anbigite, se premye etap afimasyon idantite lenguistik e langajye yon pèp lib e granmoun. Aksantegi, nan sans sa a, se yon zam dekolonyal : li pèmèt kreyòl la ekri tèt li ak tout richès fonolojik li, san konplèks devan lang tankou panyòl oubyen fransè ki gen aksan pa yo, ki òganize selon prensip pa yo.
Dezyèm lan anbrase “Lang ak Devlopman”. Yon lang ki gen yon Sistèm òtografik koyeran e presi, se yon lang ki prè pou devlopman selon jan pèp k ap sèvi ak lang sa ap devlope tèt li nan lang li. Li fasilite alfabetizasyon, kreye literasi ak literati syantifik, epi li bay aksè a konesans san baboukèt teknik, teknolojik ni politik. Toujou sonje, si lang kreyòl ayisyen an fè 183 zan avan li ofisyèl (1804 -1987), se paske klas politik e ekonomik ki te domine pèp ayisyen an toujou rasis, epistemofòb, kreyolofòb (Kenny Thelusma, 2025). Revolisyon nan pwodiksyon an kreyòl ak yon sistèm grafik koyeran ap pèmèt lang natif natal pèp dekolonyal ayisyen an antre nan espas nimerik la ak tout wòl li yo : tradiksyon otomatize, òganizasyon e rechèch sou entènèt nan baz done, entegrasyon nan domèn entelijans atifisyèl sofistike. San presizyon aksantegi, mo tankou "dwón" fas ak “dwòn e dwo” oubyen mo tankou “anviwónman fas a anviwonnman ; evénman fas a evènman, e menm evennman” pral toujou kreye chòk sikolojik kay lektè, ekritè, entèprèt sinyè yo.
Twazyèm gwo wòch dife a repoze sou yon Apwòch Dekolonyal ki parèt an zèv Michel DeGraff, 2018 ; Gabriela Veronelli, 2022 ; Chika Esiobu, 2021 kote otè sa yo fè konnen “nesesesite edikasyon mas, dekolonizasyon ak dekolonyalizasyon lang ak langaj se pa sèlman pale yon lang, ni ekri l, men se anlis de sa, anbrase ansanm lang siny, tout vizyondimond lang lan chare marande ak ansanm konsekans k ap pwodui yo”. Alòs, sou baz Apwòch sa a nou ka soutni lide: Refize yon zouti tankou aksantegi, paske li swadizan "konplike" sistèm nan, se kontinye ak yon politik lenguistik e langajye kolonyal ki anpeche lang kreyòl la jwenn tout enstriman teknik li bezwen pou pale pawòl pèp la klè. Vrè lit dekolonyal la koumanse lè pèp la ka itilize lang li pou tout domèn, depi konvèsasyon chak jou rive nan syans avanse, teknoloji, san leta ak lòt aktè pa bakoukete l dwa lapawòl sou fòm ekri, pale, sinye.
Pou n evite konkli sou yon koze ki konsène “dwa kominikasyon e dwa konpreyansyon”
Kare bare, deba sou aksantegi a (nan Sistèm grafik kreyòl ayisyen an) menm jan ak sistematizasyon e ofisyalizasyon lang siy ayisyen (ki adapte ak kontèks lavi moun soud, maltandan ann Ayiti) epi pwodiksyon ak itilizasyon lang kreyòl ak lang siy e bray nan tout nivo sèvis nan peyi a, se yon kesyon fondamantal ki lye ak dwa kominikasyon-konpreyansyon, sa vle di yon kesyon fondalnatal ki depase aspè teknik paske koze sa yo se yon ansanm kesyon politik ki marye ansanm avèk respè “dwa moun”, dwa tout moun paske “tout moun se moun”. Alòs, anje deba a se : Èske nou vle yon kreyòl ki ekri "selon jan leta ap trennen bak peyi a, kote lang pèp la ak pratik lavi popilasyon ayisyèn lan sibi bòykotaj enstitisyonalize nan leta ki li menm derefize garanti bon jan kondisyon pou tout moun rive jwi dwa konpreyansyon nan tout kontèks kominikasyon piblik nan lang li (kreyòl ayisyen, lang siy e bray" (Suze Mathieu, 2005 ; Léonar Colin, 2024), osinon : Èske nou bezwen yon kreyòl ki pale epi ekri, ak yon lang siy e bray ki sèvi ak tout presizyon nesesè pou pèp ayisyen an (moun ki pale menm jan ak moun ki kominike nan lang siy e bray), nan leta ak devan rès mond lan ?
Chwazi aksantegi ansanm ak lòt bon jan refòm syantifik ki pwopoze deja yo (tankou ofisyalizasyon lang siy…), se chwazi opsyon : Yon demach ki afime volonte nou kòm pèp lib pou nou bay lang nou, ak pèp nou an tout enstriman li bezwen pou l kominike epi libere lapwòl nan tout kontèks lavi. Yon pèp ki granmoun tèt li, gen dwa lapawòl (sou fòm pale, ekri, sinye/ikonik) nan peyi l. Yon leta responsab gen devwa pou rann konpreyansyon pèp li nan tout sa l ap pwodui, sou fòm pale, ekri e sinye. Menm jan lanprè Jean-Jacques Dessalines te di l : « kenbe lang ou », alòs nou menm pèp vanyan nou va di : n ap kontinye defann lang ak langaj nou paske yo se premye kondisyon pou nou viv tankou moun.
Ekritè: Kenny THELUSMA
Relektè : Elmano Endara JOSEPH
