Espace dédié à la poésie et à la littérature, Coin d'Hafrique Littéraire réunit les voix des écrivains haïtiens, africains, caribéens et créolophones. À travers cette plateforme, nous tissons les fils d'une culture hybride, forgeant une identité singulière propre aux Ha-fricains.
Pour ce septième numéro, nous vous invitons à plonger dans l'univers du poète Félix Morisseau-Leroy, à le découvrir ou à le redécouvrir sous une lumière nouvelle.
Extrait-poème de Mèsi papa Desalin et OEA Bouzen
Mèsi papa Desalin
Papa Desalin, mèsi Chak fwa m' santi sa-m ye M' di mèsi, Desalin Chak fwa m' tande youn nèg koloni Ki poko lib pale M'di: Desalin, mèsi Se mwen k' konnen sa ou ye pou mwen Mèsi, papa Desalin Si m' youn nonm Se pou m' di : mèsi, Desalin Si m' ouvè je-m gade Se gras a ou, Desalin Si m' leve tèt mwen pou m' mache Se gras a ou, Desalin Chak fwa m' gade lòt nèg M' di mèsi, Desalin Lè m' wè sa k' ap pase lòt kote M' di: mèsi, Desalin Lè m' tande kèk nèg parèy mwen pale M' di: mèsi, papa Desalin Se mwen k' konnen sa ou ye pou mwen Towo Desalin Desalin, san mwen Desalin, de grenn je-m Desalin, zantray mwen Se mwen k' konnen Se pou tout nèg di: Mèsi Desalin Se ou k' montre nou chimen nou Mèsi Desalin Se ou k' limyè nou Desalin Se ou ki ban–n tè n' ap pile a Syèl ki sou tèt nou an Pyebwa, larivyè Lanmè, letan, se ou Desalin, se ou k' ban-n solèy Ki ban-n lalin Ou ki ban-n sè, frè-n Manman, papa-n, pitit nou Se ou ki fè-n youn jan youn mannyè Nou pa kou tout nèg Si m' gade tout mounn nan je Se ou k' ap gade yo, Desalin Se ou ki ban-n dlo pou n' bwè Ou ki ban-n manje pou n' manje Mèsi, papa Desalin.
Felix Morisseau-Leroy
03 mars 2022 — Lecture : 5 min.
Jean Jacques Dessalines de Jean Ménard Derenoncourt
Papa Desalin, mèsi
Chak fwa m' santi sa-m ye
M' di mèsi, Desalin
Chak fwa m' tande youn nèg koloni
Ki poko lib pale
M'di: Desalin, mèsi
Se mwen k' konnen sa ou ye pou mwen
Mèsi, papa Desalin
Si m' youn nonm
Se pou m' di : mèsi, Desalin
Si m' ouvè je-m gade
Se gras a ou, Desalin
Si m' leve tèt mwen pou m' mache
Se gras a ou, Desalin
Chak fwa m' gade lòt nèg
M' di mèsi, Desalin
Lè m' wè sa k' ap pase lòt kote
M' di: mèsi, Desalin
Lè m' tande kèk nèg parèy mwen pale
M' di: mèsi, papa Desalin
Se mwen k' konnen sa ou ye pou mwen
Towo Desalin
Desalin, san mwen
Desalin, de grenn je-m
Desalin, zantray mwen
Se mwen k' konnen
Se pou tout nèg di:
Mèsi Desalin
Se ou k' montre nou chimen nou
Mèsi Desalin
Se ou k' limyè nou
Desalin
Se ou ki ban–n tè n' ap pile a
Syèl ki sou tèt nou an
Pyebwa, larivyè
Lanmè, letan, se ou
Desalin, se ou k' ban-n solèy
Ki ban-n lalin
Ou ki ban-n sè, frè-n
Manman, papa-n, pitit nou
Se ou ki fè-n youn jan youn mannyè
Nou pa kou tout nèg
Si m' gade tout mounn nan je
Se ou k' ap gade yo, Desalin
Se ou ki ban-n dlo pou n' bwè
Ou ki ban-n manje pou n' manje
Mèsi, papa Desalin.
Epi, se ou ki ban-n kay pou n'rete
Ou ki ban-n kote pou n' fè jaden
Se ou k' montre-n chante
Ou k' montre-n di: non
Yo di gan nèg ki di: wi,wi.
Gan nèg ki di: yèssè
Ou montre-n di: non
Desalin, montre tout nèg
Tout nèg sou latè di: non
Mèsi, papa Desalin
Gan nèg ki vle esplike:
"Tan jodi pa tan pase
E ke wi alèkile
La fraternité humaine
L' humanité, la civilisation"
Tou sa, se franse
Mwen menm, se Desalin m' konnen
M' di: mèsi, papa-m
Se ou k' fè-m
Manman-m se pitit ou
Tigason, tifi, se pitit ou tou
Mèsi, Desalin
Pitit-pitit mwen, se pitit ou
Wa Desalin, mèsi
M' pa bezwen pale pou drapo a!
Pa bezwen pale pou Lakayè
Pou Gonayiv!
Yo di sa deja
E ki mounn k' ap tande sa ankò?
Mès rekwiyèm 17 oktòb?
Ki mounn ki pral Katedral?
Diskou Minis?
Ki mounn k'ap koute sa?
Men, sa m' di la a
Se youn sèl mo: mèsi
Mèsi Desalin papa-m
Gan mounn ki pa konnen
Fò m' di yo
San ou nou pa ta la a
Mèsi, papa Desalin
Epi, fini ak Patè Nostè-w la a
Monseyè, Desalin pa mouri
Ase pale franse, Minis
Desalin pap janm mouri
Desalin la
Nèg sa a ta ka mouri!
Desalin nan kè-m
Lam-o-pye
Desalin ap veye
Youn jou Desalin va leve
Jou sa a, nou tout n' a konnen
N' a konnen si 1804
N' a konnen si Lakayè
N' a konnen si Lakrèt-a-Pyewo
N' a konnen si Vètyè
Desalin te fè tou sa
Pou ti nèg ekri powèm
Pou Minis fè diskou
Pou pè chante Te Deoum
Pou Monseyè bay labsout
Desalin pa bezwen labsout
Tou sa Desalin fè bon
Youn jou Desalin va leve
W' a tande nan tout lanmè Karayib
Y'ape rele kote-l
Desalin pran lèzam
Arete-l
Lè a, w' a tande vwa-l kon loray
Tout nèg koupe tèt boule kay
W' a tande nnan tout Lamerik
Y' ape rele: rete-l
Vwa Desalin deja an radyo
Koupe tèt boule kay
Nan tout "Harlem" Desalin ap mete lòd
W' a tande: bare Desalin
Jouk "Dakar"
Jouk "Johannesburg"
W' a tande: kote Desalin pase?
Koupe tèt boule kay
Desalin pa bezwen labsout
Pa bezwen padon Bondye
Okontrè: Desalin se bra Bondye
Desalin, se jistis Bondye
Pa bezwen Patè Nostè Monseyè
Ni eskiz nèg yo vle mande blan a yo
Desalin pa bezwen
Pou tou sa l' fè m' di: papa Desalin, mèsi
Pou tou sa l' pral fè
M' di: mèsi, papa Desalin
NB: Tèks sa a ekri daprè òtograf lwa 18 sektanm 1979 la.
II
OEA Bouzen
Felix Morisseau-Leroy, OEA Bouzen.
"Si'w wè yon bouzen
Ki rele OEA
O kouri piti mwen
On bouzen ki rele
OEA an franse
OAS an angle
Bouche nen'w
Kouri pitit mwen
Odè'l se kont pou pwazonnen
Lespri pitit ou
Si'w wè yon manman kannay
Yo rele OEA
Mande pye sa'm te manje
Si yo nonmen non OEA devan'w
Pa rete koute pase sa
Grennen san gade dèyè
Si'w wè yon rèstavèk
Yon tchoul yo rele OEA
Pa rete tande sa'l vle
Bwaze, kraze rak
Rele anmwey!
Felix Morisseau-Leroy
Biographie de l'auteur
Félix Morisseau-Leroy (Moriso Lewa ou Moriso-Léroua en créole haïtien), né le 13 mars 1912 à Grand-Gosier et mort le 5 septembre 1998, est une figure majeure de la vie intellectuelle haïtienne. Journaliste, enseignant, dramaturge et poète, il a profondément marqué la culture et l’éducation du pays. Directeur des services de l’Instruction publique au ministère de l’Éducation nationale, il s’est illustré par son engagement en faveur de la reconnaissance du créole haïtien, contribuant activement à son institutionnalisation comme seconde langue officielle d’Haïti en 1961.
À propos d'HAFRIQUE LITTÉRAIRE
Hafrique littéraire est une structure littéraire qui fait promotion des écrivains haïtiens et africains francophones. Elle est dirigée par Feguerson Fegg THERMIDOR, Écrivain, poète et Journaliste Littéraire haïtien.
Cette structure littéraire souhaite aussi mettre en lumière les œuvres et la carrière des écrivains haïtiens, caraïbéens et africains francophones.
Propos recueillis par Feguerson Fegg THERMIDOR,
Écrivain-poète
Directeur d'Hafrique Littéraire
ecrivainfeguersonthermidor@gmail.com
