Pawòl liminè
Tradiktoloji : « se disiplin oswa syans ki etidye an menm tan teyori ak pratik tradiksyon nan tout fòm li, vèbal oswa non-vèbal. Kidonk, objè tradiktoloji se tradiksyon an menm, nan tout jan li parèt. Sa ka konsène tradiksyon oral oswa ekri, tradiksyon jeneral oswa tradiksyon espesyalize. Tradiksyon, li menm, se operasyon an oswa aksyon konkrè ki fèt lè yon moun ap tradui» (sous : Univ-Setif2)
Job SILVERT — anseyan-chèchè, tradiktè, tradiktològ, pwofesè kreyòl — ekri tèz doktora li an kreyòl epi soutni li an liy nan dat 30 novanm 2025 lan, yon tèz doktora ki pote tit : « Tradiktoloji kreyòl ayisyen an kòm lang sib : etid sou fondman teyorik travay tradiktè yo pou yon didaktik tradiksyon kreyòl ayisyen an, soti 2015 rive 2025 ». Nan kad envitasyon li te fè mwen pou asiste prezantasyon soutnans tèz doktora li, mwen te fè l konnen apresyasyon mwen depi 1ye desanm 2025 lan, nan tèm sa yo :
1. An jeneral, diskou doktora a te solid sou plan syantifik epi li te byen estriktire, ak yon metriz wòdpòt pandan prezantasyon an;
2. Doktoran an montre li metrize sijè a an pwofondè, e li te prezante agiman li yo yon fason klè.
3. Divès teyori ansanm ak referans li te site pou soutni ekspoze doktora a te byen adapte ak sijè a;
4. Doktoran an te esplike ak anpil presizyon, sou plan senkwonik ak dyakwonik, sa tradiktoloji kreyòl la ye, pandan li mete aksan sou fondman metodolojik, limit, pèspektiv ak defi tradiktoloji kreyòl ayisiyen an;
5. Ekspoze doktora a, ki te fèt san pousan an kreyòl la, reprezante yon chwa pedagojik/didaktik ak epistemolojik ki solid. Chwa sa a pètinan e pyonye an menm tan : (…) doktoran an montre, yon fason klè, kreyòl la, lè li didaktize, kapab jwenn zouti kominikasyon li nan resous entèn pa li, epi li se yon lang syantifik ak teknik. Li kapab fòmile konsèp, nosyon, rezònman abstrè ak/oswa konkrè, epi li gen kapasite pou soutni yon diskou agimantatif ki byen estriktire. Menm jan ak tout lang natirèl, li bezwen anrichi tèt li nan plizyè nivo, atravè anpren ansanm ak neyoloji savan.
Tèz doktora remakab sa a se yon travay pyonye : li elabore li an kreyòl epi li prezante li an kreyòl pandan soutenans lan, sa ki make yon pwogrè kalitatif ki gen anpil enpòtans, sitou nan domèn syans langaj ak kreyolistik.
Parapò ak kalite tèz la — rigè, klate, wo nivo metriz sijè a, ansanm ak pèspektiv metodolojik inovatè li pote — tèz doktora sa a merite layite kò li, ni pami etidyan yo, ni pami tout moun ki enterese nan amenajman konstitisyonèl de lang ki fòme patrimwàn lengwistik istorik Ayiti a, ki se kreyòl ak franse.
Éditions Zémès (Ayiti) ak Éditions du Cidihca (Kanada) santi yo fyè jodi a pou yo ko-edite tèz doktora Job SILVERT a ki pibliye sou tit « Tradiktoloji ak didaktik tradiksyon kreyòl ayisyen an / Traductologie et didactique du créole haïtien ». San dout, travay syantifik sa a ap vin premye liv referans nan domèn tradiktoloji kreyòl.
Se moman pou raple nou, nan ansèyman siperyè ann Ayiti, aprantisaj leksikografi ansanm ak tradiksyon pwofesyonèl pou kreyòl se yon pratik ki apèn ap boujonnen. Kounye a, ansèyman sa a dwe reponn kòmsadwa ak yon pwoblèm fondamantal nou te byen poze nan atik « De l’usage du créole dans l’apprentissage scolaire en Haïti : qu’en savons-nous vraiment ? » (Robert Berrouët-Oriol, Fondas kreyòl, 11 novanm 2021).
Se nan sans sa a, anpil aktè nan sistèm edikasyon an (pwofesè, direktè lekòl, responsab ministè, elatriye) ap poze tèt yo yon kesyon santral, ki sanble senp anpil : ki sa nou vrèman konnen jodi a sou jan yo itilize kreyòl la nan aprantisaj lekòl ann Ayiti ? Yon lòt fason nou kapab mande, ki nivo konesans nou genyen sou pwoblèm sa a, ki zouti nou genyen pou evalye epi konprann itilizasyon kreyòl la jan li fèt kounye a nan lekòl yo ? Èske Leta ayisyen, sitou Ministè Edikasyon Nasyonal la, te janm fè yon bilan klè epi sistematik sou refòm Bernard 1979 la ak rezilta li yo ? Anplis, lè Konstitisyon 1987 la te fè kreyòl ak franse vin de lang ofisyèl la, èske sa te mennen vre nan yon politik lengwistik pou edikasyon, ki fèt pou ankadre itilizasyon kreyòl la nan lekòl yo ? Ki sa nou konnen sou zouti didaktik an kreyòl (tankou manyèl, leksik, diksyonè) k ap sèvi nan lekòl ann Ayiti yo ? Ki sa nou konnen tou sou konpetans didaktik pwofesè ki anseye kreyòl oswa ki bay kou an kreyòl yo ? Konbyen yo ye, sou tout tèritwa nasyonal la ? Konbyen lekòl, nan tout peyi a, ki anseye an kreyòl epi ki anseye kreyòl ? Finalman, èske li nesesè, an 2021, pou yo fè yon katografi konplè sou itilizasyon kreyòl la nan aprantisaj lekòl ann Ayiti ? Si wi, ki itilite yon katografi kon sa ta genyen ?
Tèz doktora Job SILVERT a prezante yon demach analiz sou didaktik tradiksyon an kreyòl ayisyen. Modèl teyori/pragmatik li pwopoze a rele « Teyori Didaktik Tradiksyon Kreyòl Ayisyen an (TDTKA) ». Sa a se yon gwo kontribisyon pou didaktik kreyòl kòm lang manman ak didaktizasyon kreyòl la. Nou swete, e li t ap menm nesesè, pou modèl tradiktoloji kreyòl sa a, ki bati sou yon baz syantifik solid sa a, pase nan tès pratik atravè ansèyman li ak aplikasyon li nan plizyè chantye tradiksyon an kreyòl.
Pakou analitik didaktik tradiksyon an kreyòl ayisyen an ki prezante nan tèz doktora Job SILVERT a gen bon jan koneksyon ak pwoblèm santral didaktizasyon kreyòl la. Lektè ki vle antre pi fon nan kad nosyonèl ak konseptyèl la, nan fason eleman yo lye youn ak lòt, ansanm ak pèspektiv yo, ta dwe li yon liv kolektif referans tankou « La didactisation du créole au cœur de l’aménagement linguistique en Haïti » a (Robert Berrouët-Oriol & alii, Éditions Zémès ak Éditions du Cidihca, 2021).
Tradiktoloji ak didaktik tradiksyon kreyòl ayisyen an/ Traductologie et didactique du créole haïtien
Traductologie : « La traductologie est la discipline ou la science qui étudie à la fois la théorie et la pratique de la traduction sous toutes ses formes, verbales et non verbales. Aussi l'objet de la traductologie est bien la traduction dans toutes ses manifestations. Qu'il s'agisse de traduction orale ou écrite, générale ou spécialisée. Quant à la traduction, c'est l'opération ou l'action même de traduire. » (cte.Univ-Setif2)
Le 30 novembre 2025, Job SILVERT –enseignant-chercheur, traducteur, traductologue, professeur de créole-- a soutenu en ligne sa thèse de doctorat rédigée en créole et intitulée « Tradiktoloji kreyòl ayisyen an kòm lang sib : etid sou fondman teyorik travay tradiktè yo pou yon didaktik tradiksyon kreyòl ayisyen an, soti 2015 rive 2025 ». Invité par l’auteur à assister à son exposé doctoral, je lui ai fait part dès le lendemain 1er décembre 2025 de mon appréciation en ces termes :
1. dans l’ensemble le propos doctoral était rigoureux et savamment exposé ;
2. le doctorant maîtrise hautement le sujet traité et la démonstration offerte a été d’une remarquable limpidité ;
3. l’appareillage théorique et les références citées à l’appui de l’exposé doctoral étaient pertinents ;
4. le doctorant a remarquablement exposé, aux plans synchronique et diachronique, en quoi consiste la traductologie créole et mis en lumière son socle méthodologique, ses limites, ses perspectives et ses défis ;
5. l’exposé doctoral, effectué uniquement en créole, est un choix pédagogique/didactique et épistémologique fort. Ce choix est à la fois pertinent et pionnier : (…) le doctorant a démontré que le créole « didactisé » trouve ses outils de communication dans ses ressources internes et est langue des sciences et des techniques. Il est capable de formuler les concepts, les notions, les raisonnements abstraits et/ou concrets et il est en mesure de soutenir un discours argumentatif hautement structuré. Et comme toute langue naturelle il est appelé à s’enrichir sur divers registres, y compris par les emprunts et par la néologie savante.
Cette remarquable thèse de doctorat est une œuvre pionnière : élaborée en créole et présentée en créole lors de sa soutenance, elle institue une avancée qualitative de premier plan dans le domaine des sciences du langage et en créolistique.
En raison de ses grandes qualités --rigueur, clarté et haute maîtrise du sujet étudié ainsi que des perspectives méthodologiques novatrices qu’elle consigne--, cette thèse de doctorat doit être amplement diffusée auprès des étudiants et auprès de tous ceux qui s’intéressent à l’aménagement constitutionnel des deux langues du patrimoine linguistique historique d’Haïti, le créole et le français.
Les Éditions Zémès (Haïti) et les Éditions du Cidihca (Canada) sont aujourd’hui particulièrement fières de co-éditer la thèse de doctorat de Job SILVERT sous le titre « Tradiktoloji ak didaktik tradiksyon kreyòl ayisyen an / Traductologie et didactique du créole haïtien ». Cet ouvrage est appelé à devenir, à coup sûr, le premier livre de référence en traductologie créole.
C’est le lieu de rappeler que dans l’enseignement supérieur en Haïti l’apprentissage conjoint de la lexicographie et de la traduction professionnelle vers le créole est relativement nouveau. Cet enseignement doit maintenant répondre adéquatement à une problématique majeure énoncée dans l’article « De l’usage du créole dans l’apprentissage scolaire en Haïti : qu’en savons-nous vraiment ? » (par Robert Berrouët-Oriol, Fondas kreyòl, 11 novembre 2021).
Ainsi, la question centrale que se posent de nombreux acteurs du système éducatif (enseignants, directeurs d’école, cadres ministériels, etc.) est en amont d’une surprenante simplicité : que savons-nous réellement, aujourd’hui, de l’usage contemporain du créole dans l’apprentissage scolaire en Haïti ? Autrement dit, quel est l’état de nos connaissances de cette problématique, de quels outils d’évaluation disposons-nous pour appréhender l’usage contemporain du créole dans l’apprentissage scolaire en Haïti ? L’État haïtien, et singulièrement le ministère de l’Éducation nationale, a-t-il fourni un bilan analytique d’ensemble de la réforme Bernard de 1979 et de ses résultats ? D’autre part, la co-officialisation du créole et du français dans la Constitution de 1987 a-t-elle conduit à la mise en œuvre d’une politique linguistique éducative destinée principalement à encadrer l’usage contemporain du créole dans l’apprentissage scolaire en Haïti ? Que savons-nous des instruments didactiques en langue créole (manuels scolaires, lexiques et dictionnaires, etc.) en usage dans les écoles d’Haïti ? Que savons-nous des compétences didactiques des éducateurs qui enseignent le créole et/ou qui dispensent leurs cours en créole ? Combien sont-ils à l’échelle nationale ? Combien d’écoles, à l’échelle nationale, dispensent un enseignement en créole et du créole ? Est-il nécessaire, en 2021, de disposer d’une cartographie exhaustive de l’usage du créole dans l’apprentissage scolaire en Haïti et, dans l’affirmative, à quoi devrait servir pareille cartographie ?
La thèse de doctorat de Job SILVERT expose un parcours analytique de la didactique de la traduction en créole haïtien. Le modèle théorique/pragmatique qu’il propose s’intitule « Devlopman teyori didaktik tradiksyon kreyòl ayisyen (TDTKA) ». Il s’agit là d’un apport majeur à la didactique du créole langue maternelle et à la didactisation du créole. Il est souhaitable, il est nécessaire que ce modèle de traductologie créole, élaboré sur des bases scientifiques, soit mis à l’épreuve par son enseignement et par son implantation dans divers chantiers de traduction créole.
Le parcours analytique de la didactique de la traduction en créole haïtien consigné dans la thèse de doctorat de Job SILVERT est étroitement lié à la problématique centrale de la didactisation du créole. Le lecteur désireux d’en approfondir le cadre notionnel et conceptuel, les articulations ainsi que les perspectives lira avec profit le livre collectif de référence « La didactisation du créole au cœur de l’aménagement linguistique en Haïti » (par Robert Berrouët-Oriol et alii, Éditions Zémès et Éditions du Cidihca, 2021).
Robert Berrouët-Oriol
Lengwis-tèminològ
Konseye espesyal, Konsèy nasyonal administrasyon
Regroupement des professeurs d’universités d’Haïti (REPUH)
Konseye pèmanan, Asosyasyon pwofesè kreyòl Ayiti (APKA)
Manm Komite entènasyonal pou suivi Diksyonè frankofòn yo
Monreyal, premye janvye 2026
