Sa toujou grave nan memwa m.
12 janvye 2010 nan treblemann tè ki te pase Ayiti a, Baudelaire Petit-Frère Petit, ki se te direktè inite kowòdinsayom aktivite òganizasyon non gouvènmantal yo (UCAONG), disparèt anba dekonm. Li fè vwèl nan peyi san chapo malerezman ansanm ak yon pati nan memwa administrasyon peyi a : dosye ONG, achiv, ak tras travay epi anpil efò ki te fèt san bri san kont dènye ane yo.
Souvni sa yo frape m fò pandanm t ap fè yon prezantasyon sou modènite DCAONG a, ke ministè planifikasyon ak kowoperasyon estèn te òganize nan dat vandredi 16 janvye 2026 lan. E sa raple m yon verite ke nou bliye twò vit : memwa administrasyon la pa yon senp detay teknik konsa konsa, se youn nan kondisyon ki genyen pou administrasyon an kontinye travay nan bon jan transparans e pou li bay bon jan rezilta.
Jounen jodiya UCAONG tounen Direksyon Kowodinasyon aktivite ONG (DCAONG) e li vle vin modèn. E si chanjman sa tounen yon motè ki mete estrikti nan devlopman peyi Dayiti ? Modènize DCAONG, se modènize jan ONG yo ap travay nan peyi a : mwens papye, plis transparans, yon Leta yo va plis respekte e ki ap sèvi kominote yo.
Sòti nan papye pou pase nan rezilta : chwazi gouvènans
Nan peyi Etazini mwen souvan tande pawòl sa : “antre a 8 è, fini a 4 è ”, Nan peyi Dayiti mwen di li konsa : 8 è pou 4 è, dosye ki rantre nan maten soti nan apremidi, nan yon sistèm ki klè, ki òganize e ki ap chèche bay rezilta.
Fòmil sa montre ke nou kapab fè modènizasyon nou bezwen an : fè enstitisyon yo fonksyone byen, kòm sa dwa. Nou pap modènize pou modènize, ni pou fè bèbèl, men n ap bati yon administrasyon ki ap kapab reponn ak egzijans epòk n ap viv la e ki ap fè yo respekte peyi a. Modènize DCAONG a se yon desizyon bon gouvènans.
Yon konsta ki la depi dig dantan : yon metòd ki lou kou pwa senkant, ki wachi wacha w, ki koute tèt nèg
Mwen te toujou enterese pa wòl ONG yo jwe nan peyi Dayiti : yo itil se vre, men tou yo genyen limit yo sitou lè y ap travay nan yon anviwonnman administratif ki frajil kou bab mayi. Nan lane 2004 mwen te ekri yon ti liv sou sa ki pote kòm tit : aksyon ak limit ONG yo : ka Ayiti a. Ven lane apre se toujou menm penpenp lan nou toujou dakò sou sa : bon randman aksyon imanitè a depann de kalite estriskti piblik ki akonpaye l.
Jounen jodiya pou ane fiskal 2025 lan, depo dosye yo se toujou yon bagay ki bay ti nonm tèt chaje, kit ou rele ONG kit ou rele mouche Leta. Administrasyon nou gen la se yon eritaj ki la depi ventyèm syèk la e li pa reponn ak egzijans jodiya. Modèl sa nou genyen an fè moun pèdi tan, monte desann pou granmesi, li manke tèt ansanm e li pa kapab evalye travay l ap fè yo. Li fè Ayiti ansanm ak enstitisyon li yo parèt fèb e feblès sa rive nan je patnè li yo.
Men chif ki kapab ede w konprann ki kalte gwo diferans ki genyen. Nan peyi Etazini, genyen ant yon 1,5 a 2 milyon ONG pou yon popilasyon ki genyen 350 milyon moun, sa bay yon afè 4 300 a 5 700 ONG pou chak milyon moun. Nan peyi Dayiti Ministè planifikasyon ak kowoperasyon estèn pibliye nan Le nouvelliste nan 13 desanm 2025 lis ONG li rekonèt pou egzèsis fiscal la. Yo jwenn 130. Ann di total ONG ki anrejistre yo 250 a 300 pou prèske 12 milyon moun ke Ayiti genyen, sa vle di nou genyen 21 ak 25 ONG pou yon milyon moun. Poutan peyi Etazini genyen 170 a 175 ONG pa milyon moun an plis Ayiti.
Gwo diferans sa se pa chita sou bon kè sèlman : li chita sou bon jan estrikti jiridik ak fiskal, ankouraje youn lonje lanmen bay lòt, an plis yo genyen yon adminitrasyon ke ou menm ou genten konnen davans ki sa li pral fè ; tou faktè sa yo fè vin genyen plis ONG ki kreye pou ede moun, e fè ONG sa yo mache sou 13 pou yo pa pile 14.
Lòt kote monn nan ap vanse a : se metòd ki fè diferans lan
Diferans lan klè. Esperyans Haitian Resource Development Foundation (HRDF) fè ak l’Internal Revenue Service (IRS) nan peyi Etazini montre yon lòt jan yo fè bagay yo : ou depoze dosye sou entènèt, yo reponn ou menm moman an, yo tou koumanse travay sou dosye a, dokiman yo anrejistre menm kote a ak sekirite.
Nan kèk minit, ou depoze dosye w yo verifye l epi yo klase l. Diferans la se pa yon afè lajan : se yon kesyon metòd, òganizasyon ak volonte pou fè bagay yo pi senp pandan Leta toujou genyen kontwòl.
Se mòd chanjman sa yo menm Ayiti dwe mete nan kalandriye l pou l kapab modènize administrasyon l, sa ki ap ede ONG yo travay pi vit, pi byen e sa ki ap genyen kòm rezilta bay kominote a pi bon sèvis.
Poukisa DCAONG 2.O ? Yon modènite ki pap la pou bèl twèl men ki pral bay bon jan sèvis
Mwen fè epre mwen rele l « DCAONG 2.0 ». Se yon lide ki byen senp : fè yon enstitisyon ki enpòtan pou peyi a vin modèn, genyen bon jan estrikti, kote w ap kapab mezire sèvis li bay popilasyon an.
Jodiya 2.0 vle di mete nan on pi wo nivo : kenbe idantite ak misyon enstitisyon an panadan n ap amelyore zouti, fason yo travay ak rezilta yo bay yo. Sa vle di DCAONG 2.0 pa krache sou DCAONG ; men li ba li moyen pou li kapab reponn ak egzijans jodiya.
DCAONG 2.0 : yon platfòm ki pa genyen parèy, ki klè kou dlo kokoye
Vizyon DCAONG 2.0 a chita sou menm platfòm nimerik lòt peyi nan monn nan ap itilize. Metòd yo vin pi senp, baz done genyen bon jan estrikti, enfòmasyon toujou disponib nenpòt lè, e sa a ap bay yon pi bon tèt kole kote tout moun jwenn kit ministè, kit ONG, kit lòt patnè yo.
Malgre perèz ki genyen dijitalizasyon pa retire nan kontwòl Leta : o kontrè se lè sa a Leta genyen l plis. Nan yon sistèm nimerik chak etap kite yon tras ki anrejistre e w kapab konsilte nenpòt lè. Papye a li menm kapab pèdi, gaye, ou kapab menm bliye l. Men yon bon sistèm nimerik li menm kenbe tout bagay, li kenbe memwa desizyon yo, li pwoteje enstitisyon yo epi l ede odit fèt pi byen.
Teknoloji tankou blòkchenn espesyalman kadono, kapab si w bezwen mete plis estrikti nan aksyon enstitisyon yo, e tou bay patnè yo kè poze. Men fòk nou klè sou sa : yo pap fòse enstitisyon an fè sa kounye a, men enstitiyon an kapab fè sa ti pa ti pa dapre sa ki pi enpòtan pou li ak mwayen l genyen.
Genyen yon lòt pwen ke nou pa dwe pran priyè ni bay sou li : enfòmasyon yo. Yo dwe rete pou Ayiti. Teknoloji a pa yon pa yon chèf. Li se yon senp zouti ki ap sèvi souverènte enstitisyon peyi a.
DCAONG 2.0 se yon opòtinte pou enstitisyon yo diminye nan depans yo : deplasman san bezwen, menm reta yo, pil papye, plizè mou nap fè menm travay la, tan pèdi, fatig admnistrasyon an. Reyalite a montre ke pa modènize koute w plis lajan pase si w te modènize.
Men pou l dire modènizasyon sa, dwe fè moun yo genyen konfyans nan enstitisyon yo, e li dwe reponn a kritè entènasyonal yo ki vin pi tchak chak jou. 3 pwen dwe kenbe atansyon nou nan koze sa.
Bati konfyans lan : dyaspora, ONG etranje, yon bon chita pale
Mwen viv nan peyi Etazini pandan plis pase mwatye yon syèk, mwen patisipe nan anpil aksyon iminatè ak ONG sitou sa Haitian Resource Development Foundation (HRDF) ansamm l’Association médicale haïtienne à l’étranger fè yo. Men tou mwen patisipe nan aktivite enstitisyon piblik tankou komannmann sid Etazini an. Esperyans sa yo aprann mwen on bagay byen senp, bon rezilta pa depann sèlman lajan men li soti tou estrikti piblik ki òganize aktivite yo.
Si n ap pran sa kòm egzanp, se t ap on ti diplis nan modènize DCAONG a si yo chita pale ak dyaspora ayisyen an, epi ONG etranje yo. Nou t ap kapab fè kèk rankont pou nou travay ansanm nan Florid, sa t ap pèmèt tout moun di men ki sa yo ta renmen wè, mete a klè règ gouvènans yo epi pataje metòd nou itilize ansanm ak esperyans ki bay bon rezilta.
Li lè tan pou nou soti nan zanmitay tèt cho, pou nou travay ansanm, ak bon metòd ki ap ban ou bon rezilta. Se chita pale sa ki ap baz konfyans la.
Paske konfyans la vin solid lè Leta montre ke l kapab pran wout estanda entènasyonal yo, ki jounen jodiya chita sou transparans, prèv ak enpak ke w kapab wè.
Transparans ak rezilta : nouvo estanda entènasyonal la
Demach sila a plis fè sans toujou lè w ap gade jan politik ameriken an evolye nan jou yo ki sot pase yo. 22 desanm 2025, depatman Deta Ameriken an pibliye nouvo estrateji ki pote non «Restoring America’s Global Health Leadership » e se Marco Rubio sekretè Deta Ameriken ki vini ak pwojè sa. Li chita sou yon konsta ki klè kou dlo kokoye, asyen modèl èd ameriken an te manke estrikti, li pat byen analize e li pa bay rezilta ke yo t ap tann yo.
Jodiya se rezilta peyi Etazini bay enpòtans, rezilta ou kapab wè, bon jan prèv ak kote gouvennman pran responsabilite pou l montre sa l di l ap fè a se sa. Nan ka Ayiti a se prepare nou davans pou n kapab rantre nan sistèm nan.
Si nou chita sou sa DCAONG a ap fè yo pran Leta ayisye plis o serye lè l pale, l ap ede nou pale ak patnè nou yo pi fasil e tou l ap ouvè pòt pou nou jwenn lajan ki ap pi byen jere.
Kòd sansib la : taks yo mete pou yo gade ki machandiz ou pote
Genyen yon lòt pwen ki enpòtan anpil ke Ayiti dwe gade anfas e koze sa a mande chèz : taks ladwann mete pou sèlman gade kisa konntenè èd imanitè ak devlopman yo genyen ladan.
Deba se pa konnen si yo dwe peye taks ou non, paske Leta genyen dwa ak devwa pou li mete estrikti ak kontwòl. Bon kesyon an se : ki kantite lajan li dwe mete kòm taks ki nòmal, ke w kapab prevwa e ki mache ak objektif pou ede popilasyon an san sa dekouraje patnè yo ?
Nan anpil peyi ONG yo genyen yon sistèm fiscal ki pou yo ase, e se paske aktivite yo reponn a enterè pèp. Defi a se toujou menm bagay la : bay èd la pi byen pandan w genyen kontwòl.
An nou pran yon egzanp. Yon ONG ki vini ak yon konntenè 40 pye ki genyen manje, e manje sa se pou ede popilasyon an ki nan grangou, Programme Alimantaire Mondiall PAM ak Organisation des Nations pour l’alimentation et la culture FAO di konsa, se plis pase mwatye popilasyon ayisyen sa vle di 5,7 milyon moun ki pa gen mwayen pou yo manje e plis pase 2 milyon nan moun sa yo nan grangou kloròks.
Nan plizyè peyi ki nan amerik la takou Sen Domeng, Salvadò, Onndiras, Nikaragwa, Gwatemala, taks pou gade sa ki anndan konntenè sa se ant 50 a 250 dola ameriken. Nan peyi Dayiti lajan sa a te 50 dola ameriken nan lane 2019, kounya lajan sa pase a 4 000 jiska 6 000 dola nan lane 2025, sèlman pou yo vin gade sa ki andedan konntenè a , gen yon pawòl granmoun ki di se sòt ki bay enbesil ki pa pran.
Pwoblèm nan se pa taks la, se jan taks la kite ray la li pran atè pou li. Nan kondisyon sa genyen patnè ak ONG ki pran yon desizyon byen senp : bat zèl yo nan lòt peyi kote estrikti a estab, paske yo pa konn fose bourik bwe dlo.
Rezilta a tonbe sou plas : mwens pwojè, mwens èd, mwens sipò pou fanmi ayisyen ki nan grangou. E sou tout teritwa peyi a sa lakoz genyen mwens èd ki rantre, e sa genyen gwo konsekans sou popilasyon an.
Se pa wete kontwòl Leta men se mete taks la nan menm menm nivo ak lòt peyi ki nan karayib ak amerik santral la, pou pwojè yo kapab rete nan peyi a. Se mete règ ki klè epi taks ke w kapab konnen davans se sa ki ap ede Leta genyen yon pi bon kontwòl e fè popilasyon an ap jwenn èd la pi byen.
Ki benefis Ayiti ap fè nan sa : bon jan sèvis, y ap pran Leta o serye, l ap bay pi bon rezilta
Benefis DCAONG 2.0 se bagay tout bon. DCAONG ap genyen bon jan enfòmasyon, e w ap gentan konnen davans ki demach pou w fè, epi l ap genyen yon pi bon kowodinasyon. Bagay yo ap pi fasil pou ONG yo nan zafè administratif, mwens lajan ap depanse an ven, epi enstitisyon ap pi dajanm e tout moun ap kapab wè sa
Rezilta klè ; plis konfyans, plis respè, plis enpak sou teren an
Nan yon peyi kote pwoblem yo anpil, plis ou ap pèdi tan nan adminstrasyon se plis w ap pèdi opòtinite. Modènizasyon an ap fè tout moun pèdi mwens tan sitou sila ki nan anpil nesesite yo.
Yon modènizasyon ki kapab fèt nan 12 a 18 mwa
Yo kapab mete DCAONG 2.0 a sou pye piti piti sou 12 a 18 mwa.
Premye etap la se faz gouvènans lan, sa ap ede nou mete estristi sou pwojè, ak yon komite pilòt ki genyen ladan li DCAONG, ONG ak lòt patnè yo. Yon plan ke tout moun ap dakò sou li e ki ap ap genyen ki etap egzak ak kilè yo dwe fè yo.
Dezyèm etap la ap chita sou mete an plas sèvis ak platfòm nimerik yo, fòme ekip ki ap kapab rezoud pwoblèm yo pral jwen sou teren yo.
Fòk nou klè sou sa pwen sa tou ; lè yon ministè janbe nan depo elektwonik, san l pat byen prepare ekip li yo, san l pa byen konnen metòd yo, se soti nan rivye pou tonbe nan lanmè. Nouvo sistèm sa pral vin bay menm ansyen pwoblèm yo, dosye nimerik yo ap monte pil sou pil menm jan ak papye yo, e platfòm sa akoz yo pa konn kijan pou yo itilize l byen tounen yon senp simityè nimerik. Sa w tande se pwoblèm « Sistèm nan pa mache » poutan si yo te byen planifye sa yo t ap fe sa y opa tap rive.
Se poutèt sa eseye 8-4 la se yon etap ki enpòtan anpil nan chanjman an ke nou pa dwe negosye : se yon beki pou yon tan men li nesesè pou platfòm nan genyen sekirite, pou nou pa fè menm ansyen erè epi pou nou aprann jere bagay yo jan lòt peyi ki devlope yo fe sa kounya.
Objektif la se senp, yon platfom ki ap bay sevis, rzilta ke ou kapab we e ki adapte ak reyalite peyi a.
ConclusionPou nou fini : chwazi 8 è 4 è a
DCAONG a se yon chwa ki senp. Swa dosye yo rantre a 8 è epi yo monte pil sou pil, swa nou chwazi modènite a yo rantre a 8 è yo soti a 4 è. Chwazi 8 è 4 è se chwazi bon sèvis nan plas tan pèdi tan, transparans nan plas magouy rezilta nan plas monte desann ki pa janm fini.
Paske modènize DCAONG se pa sèlman fè administrasyon an bay pi bon sèvis, se pwoteje efò moun k ap ede w yo, bay yon pi bon imaj de peyi a, e sispann fè moun ki nan bezwen pase mizè lè pou yo jwenn yon ti kichòy.
E si nou kapab fè yon ti souri pandan npu serye a, Ayiti genyen yon pakèt mòn e chak mòn sa yo se yon maswife pou ayisyen yo,si nou wete mòn papye sa a n ap kapab trase yon chimen modènite pou peyi a ka devlope. Kreyòl pale kreyòl konprann.
Doktè Aldy Castor
Janvye 2026
