Ruben Sanon
CINTERFOR ki se yon Sant referansyèl pou OIT (Organisation Internationale du Travail). Li se tou pi gran rezo enstitisyon piblik ak prive nan OIT ki chaje pou fè pwomosyon pou devlòpman konesans nan zafè Fòmasyon Pwofesyonèl.
Komite estrikti sila a regwoupe plis pase 65 lòt entitisyon (pami yo CANTA) ki soti nan 27 peyi ki regwoupe nan Amerik latin nan, 2 ou 3 peyi Lafrik ak Lespay. Fòn note ke, CINTERFOR reyini chak 2 lanne pou deside sou oryantasyon estratejik Fòmasyon Pwofesyonèl.
Se mèkredi kite 27 dawout pase a pou rive vandredi 29 dawout 2025 la ke 47e reyinyon Komite Teknik OIT/ CINTERFOR te òganize nan Santiago, kapital peyi Chili anba tèm ‘’Former pour l’Avenir de l’Emploi grâce au Dialogue Social’’, kote INFP AK 64 lòt Enstitisyon Fòmasyon Pwofesyonèl ki soti nan 27 peyi, kote chak Eta manm yo te reyini ansanm pou brase lide sou pwoblèm oubyen defi ke y ap fè fas, an menm tan, pou pwodwi pwopozisyon nan sans ki pi bon fason pou sektè sa ta pi byen mache nan peyi konsène yo.
Nan sans sa, Ayiti te reprezante nan 47e reyinyon sila pa mwayen yon delegasyon ki te konpoze konsa : Direktè kabinè INFP a, Enjenyè Alex Cherenfant, 2 Asistant administrativ ak yon Reprezantan ONG CESAL (Centro de Estudios y Solidaridad con América Latina).
E pou pataje enfòmasyon sa yo epi prezante rapò nan yon dokiman ki ta pral achemine ak aktyèl Minis Edikasyon an ansanm ak yon rekèt kote ògàn regilatè sistèm Nasyonal Fòmasyon Pwofesyonèl peyi a n ap pale de INFP te adrese ak Direktris OIT/CINTERFOR a, Madam Elena Montobbio nan objektif pou Ayiti ka benefisye kèk asistans bò kote plizyè ekspè nan domèn Fòmasyon Pwofesyonèl.
Pou sa te rive posib, Direksyon jeneral INFP te òganize madi 16 septanm ak jedi 18 septanm pase a 2 jounen tèt a tèt ak anpil kad sistèm nan tankou Direktè teknik Direksyon Planifikasyon ak Direksyon Administrativ, Chèf Sèvis : Pwogram ak Fòmasyon, Evalyasyon ak Ekzamen ansanm ak Sèvis Akreditasyon Sant Pwofwsyonèl yo, san n pa bliye Teknisyen ak Enspektora yo. Fòk nou note ke yon pati nan kad sila yo te an prezansyèl e lòt patisipan yo te sou aplikasyon Zoum nan rankont sila.
Pou te koumanse ak aktivite yo, Direktè jeneral Enstitisyon an, Mesye Dikel Delvariste fè yon mizan kontèks, epi raple enpòtans total kapital ke patisipasyon Ayiti genyen nan 47e reyinyon komite teknik OIT / CINTERFOR a, e pale de kèk retonbe pozitif pou peyi a.
Touswit apre, Chèf kabinè a, Enjenyè Alex Cherenfant te prezante rapò a, e anfen louvri deba ak tout patisipan yo.
O nivo de kontni rapò a, nou wè avèk monte teknoloji a, pwogrè lasyans yo, tankou entèlijans atifisyèl, ki vin mete fas pou fas lòm ak machin nan (l’homme et la machine), mond lan pral fè fas ak plizyè defi, nan sans ke, pwogrè sa yo pral siprime yon bann pòs travay nan kèk ane. Nan sans sa, Komite OIT/CINTERFOR pale de twa (3) tranzisyon ke mond lan ap fè fas: Premyèman, tranzisyon anviwònmantal (aniwònman), dezyèmman, tranzisyon Teknolojik, e twazyèmman, tranzisyon Migratwa (migrasyon).
Nan objektif pou Fòmasyon pwofesyonèl peyi a ka vin konpetitif pa rapò ak kèk lòt peyi, e swit ak demach Chèf Kabinè a te antreprann ak plizyè entitisyon lòt peyi nan kad 47e nan, Direksyon jeneral INFP pwofite adrese yon rekèt bay Direktris OIT/ CINTERFOR a pou mande asistans nan fòmasyon, asistans nan ekipman ak asistans nan akonpayman nan diferan nivo tankou : fòmasyon nan pwofi Fòmatè k ap travay nan Sant yo e an menm tan, mande pou ekipe anviwon yon ventèn Sant Fòmasyon pwofesyonèl.
Pou n fini, n ap raple ke Ayiti manm non sèlman CINTERFOR men tou CANTA (Caribean Association of National Training Agencies) ak REDIFP (Réseau des Instituts de Formation Professionnelle de l’Amérique Central) e ki tou gen ladan l peyi Repiblik Diominikèn, Panama ak Ayiti. Toutfwa, CANTA AK REDIFP fè pati de CINTERFOR tou. Diferans la, CANTA se manm CINTERFOR antan ke enstitisyon tandiske tout peyi CANTA yo pa manm CINTERFOR ak tit endividyèl. Men tout peyi ki regwoupe nan REDIFP yo fè pati de CINTERFOR ak tit endividyèl.
Donk, patisipasyon delegasyon INFP a nan 47e reyinyon OIT / CINTERFOR la, se yon pa pozitif pou peyi a nan zafè Fòmasyon Pwofesyonèl. Nan menm lide sila a, si tout bagay al jan ke Responsab yo espere l la, ki vledi si Komite Teknik OIT/CINTERFOR a ta bay yon repons pozitif ak rekèt Direksyon jeneral INFP voye ba li a, m panse ke sa t ap enpòtan anpil pou peyi a, kote anpil jèn fi ak jèn gason ta pral benefisye anviwon 200 bous etid pa ane gras ak koperasyon miltilateral sila a.
Anplis, yon lòt bòn nouvèl, kòm CANTA reyini 2 fwa pa ane, nou aprann ke Ayiti ta sipoze nan kèk ane ankò resevwa youn nan reyinyon CANTA yo. Donk, èske se lanne k ap rantre la oubyen nan 2 lanne ankò ? Mwen pa konnen. Toutfwa, n ap ret tann.
Ruben Sanon
Sanonruben27@gmail.com
