Pwezi Libète sot pèmèt lank plim kèk powèt/otè detenn an kreyòl ayisyen sou kò Ayiti
Pwezi Libète ki se yon mouvman literè/atistik, k ap fè pwomosyon pou atizay sou tout fòm li, sot selebre premye rekòt kafe yo 22 Avril pase a, pou te make dat sa nan yon anbyans powetik, estaf PL la te òganize yon konkou powèm sou tèm *"Ayiti lank kè m detenn sou kò w"*, soti 18 Me pou rive 17 Dawout. Nan yon chita pale nou te genyen avèk yon reprezantan Pwezi Libète dènyeman, nou te pale sou bilan konkou sa, nou envite ou swiv kòman sa te ye.
Poukisa yon tèm konsa "Ayiti lank kè m detenn sou kò w ?
Pwezi Libète ki se yon mouvman k ap fè pwomosyon pou atizay sou tout fòm li, depi plis pase yon ane, te vle montre ayisyen yo espesyalman moun k ap swiv li yo, mizapa tout pwoblèm n ap konfwonte nan peyi Dayiti, men gen anpil bon bagay nou ta dwe plis konsantre nou sou yo, nou ka preche chanjman an yon lòt jan san n pa oblije ap joure leta oubyen itilize gwo mo pou n fè yon mesaj pase, tèm nan se te nan sousi pou fè elòj bèl peyi sa ki se Ayiti pandan n ap preche chanjman avèk lanmou, dousè, respè, konbit, elatriye.
Konkou pwezi estaf Pwezi Libète a te gen objèktif mete plis limyè sou talan k ap evolye nan literati ayisyen an, pwomouvwa travay entelektyèl ki se bon ray pou n chanje naratif ki etabli yo, pote bon kichòy / materyo pou ansiklopedi literè pèp ayisyen an. Konkou an te gen twa faz, tèm prensipal konkou an se te: "Ayiti lank kè m detenn sou kò w". Konkou an te fèt nan lang kreyòl ayisyen an.
Nan ki dat konkou an te ofisyèlmam lanse, konbyen enskri oubyen patisipan nou te genyen ?
Konkou an te ofisyèlmam lanse jou ki te make fèt bikolò ayisyen an, 18 Me ki sot pase a, paske n te vle chwazi yon dat remakab sitou Pwezi Libète renmen fè zafè li diferamman. Nou te genyen plizyè dizèn enskri, men se kèk pami enskri sa yo nou te oblije seleksyone pou n te lanse konkou a, paske gen kèk tèks ki te gen twòp erè nan yo, nou te oblije refize kèk nan yo pou n te chwazi sa ki te parèt yon jan pi kòrèk yo, malgre feblès ki te genyen nan kèk pami tèks sa yo tou.
Kòman kritè kalifikasyon ak vòt yo te ye, sou konbyen platfòm konkou sa te òganize ?
Pwezi Libète gen kont sou X, Instagram, Facebook ak Tik Tok, konkou a te òganize sou tout platfòm sa yo. Kritè kalifikasyon yo te chita sou 80 pousan pou jiri yo ak 20 pousan pou piblik la, paske nou pa t vle se piblik la ki deside moun ki dwe chanpyon oubyen non, sitou nou konnen ka genyen pami patisipan yo ki gen plis enflyans pase lòt. Vòt piblik la se te abone avèk kont Pwezi Libète sou platfòm w ap vote a epi kòmante anba piblikasyon ki fèt pou patispan ou chwazi a, men manm Pwezi Libète yo pa te gen dwa vote pou pèsonn.
Konbyen manm jiri nou te genyen epi se ki moun yo ye tou ?
Nou te genyen 5 manm nan jiri a, 5 moun ki konnen travay la byen, ki te chita selon jijman yo ak konesans devan tèks chak patisipan depi nan kòmansman jis rive nan finisman konkou a, se te :
-Fédeline Bigot ( Loreya pri Amaranthe, mon agonie )
-Donley Menard ( Fondatè BibliRapthèque, LaboRap, etidyan, powèt )
-Witensky Lauvince ( Powèt, lengwis, loreya pri entènasyonal envansyon powetik balizay, loreya pri Jean Metellus )
-Top Tchookko ( Rapè ayisyen)
-Wilkens Scott Fifi ( Powèt )
Ki pi gwo difikilte nou te rankontre avan ak pandan konkou a ?
Pa gen yon moun oubyen yon enstitisyon ki ka di li t ap òganize yon aktivite, li pa t ap fè fas avèk oken difikilte, gwo oubyen piti w ap jwenn difikilte kanmenm, men nan Pwezi Libète nou gen yon filozofi, sa ki fèt nan Pwezi Libète dwe rete nan Pwezi Libète. Wi nou te rankontre anpil difikilte, men erezman ansanm nou te simonte yo e n ap kontinye simonte yo, nou pa chwazi bay detay sou nati difikilte sa yo, yo sèlman sèvi nou kòm boustè, kòm leson pou nou korije kaye nou.
Sou konbyen faz konkou a te fèt, kòman li te fini, kòman satisfaksyon chanpyon yo te ye parapò avèk atant yo ?
Konkou a sot fini 17 Dawout la, li te fèt nan twa faz, kote nan dènye faz la nou te genyen 5 finalis, pami 5 finalis sa yo genyen twa ki rive chanpyon soti nan sa ki fè plis nòt la pou rive nan sa ki fè piti a, respèktivman, Styven MANGURART ki resevwa 500 dola ameriken, Lorwens DÉSIR 300 dola ameriken ak Anderson ILIODAIN 200 dola ameriken, pwiske te genyen 5 finalis, lòt 2 finalis yo ap gen pou resevwa prim konsolasyon jan nou pwomèt sa avan kòmansman konkou a, paske pwomès se dèt respèkte pwomès se benefis. Gen pami chanpyon sa yo ki menm fè piblikasyon pou remèsye estaf Pwezi Libète a, sa vle di yo satisfè.
1- Loreya : Pri K-Lib Mapou, 500 us, lo liv, sètifika, piblikasyon nan yon antoloji.
2- Loreya : Pri Virginie Sampeur, 300 us, lo liv, sètifika, piblikasyon nan yon antoloji.
3- Loreya : Pri Oswald Durand, 200 us, lo liv, sètifika, piblikasyon nan yon antoloji.
4- Loreya : Lo liv, sètifika, piblikasyon nan yon antoloji.
5- Loreya : Lo liv, sètifika, piblikasyon nan antoloji.
Kisa n konte fè apre konkou sa e ki pèspektiv nou pou ane pwochen ?
Estaf Pwezi Libète gen anpil bagay nouvo l ap travay sou li nan moman an, men nou poko chwazi vilgarize yo, sa ki pi enpòtan nou ka konseye nenpòt moun fè pou li pa rate anyen sou pwogram Pwezi Libète yo, se ale sou X (Twitter), Instagram, Facebook, Tik Tok, tape Pwezi Libète nan ba rechèch la epi pwofite abone, paske se menm logo a ki sou tout platfòm nou yo, tout sa n ap fè toujou pataje sou tout platfòm nou yo tou. Sa w ap tann pou w swiv pwezi libète ?
Yon dènye mo Pwezi Libète, se ki sa l ta ka ye ?
Yon dènye mo se ta va mèsi pou chita pale anrichisan sa ou ofri Pwezi Libète, pou l pale sou konkou lank kè m detenn sou kò w la, ki nan yon pousantaj trè wo te yon reyisit, mèsi anpil, epi nou kase randevou avèk lòt otè/powèt yo lòt ane pou yon pi bèl/bon konkou, pandan n ap envite lòt moun al swiv pwezi libète sou tout platfòm li yo san pèdi tan.
© Malherbe JOSEPH (@relemmoun) Et Journaliste culturel Godson MOULITE pou Pwezi Libète ✅
