Dezyèm refleksyon
Aposteryori (ou byen avan tout konsiderasyon posib) sendike, li bay tèt li pou missyon defann oprime yo , pote revandikasyon yo devan klas politik la, li pran ris nan opoze li ak tiran yo ; tout rèv li ak anbisyon li se etabli yon sendika pou defann prostitye yo. Mwen menm pèsonelman mwen santi gen anpil ironi kay Jak Stefèn Aleksi nan jan li kanpe de protagonis sa yo. El caucho en menm tan tap mennen yon mòd de vi edonis pandan li te vinn abitye ak sansasyon ba a li te profite espas sa a pou li obsève maren ameriken yo ki t’ap deplòtonen en grap se la li ta pral tonbe damou la Nina estrellita
« Et de sa place, au bout de la galerie, Nina observe la main de l’homme accoudée au bar, elle ne le quitte pas des yeux. Cette patte donne l’illusion d’un gros crabe …L’homme à qui elle appartient doit placide, bon enfant. Ce doit être amusant de danser avec l’homme qui dispose d’une telle main »
Se yon woman ki ekri nan yon etik filozofik ki chita sou kesyonman alterite nan gade kijan li posib pou envante yon modèl devlopman andojèn. Sitou santiman revòlt ki jayi nan naratif la. El caucho nan jan l’ap gade blan meriken yo ki apropriye espas politik sosyal ayisyen an. Premye pati kritik filozofik, politik, ak literè m’ap fè sou Jak Stefèn Aleksi an konsène yon etik ki bay tèt li pou misyon defini yon patisipasyon, ou byen yon konsèp an filozofi politik ke yo defini konsa « Alterite » nan twa zèv majè Jak Stefen Aleksi yo mwen mansyone epi pote pwòp kiritk literè mwen sou yo ap poze yon powetik ki gen yon fondman etik k’ap entrèroge rapò ki egziste entre lyen e individyalite, ak kolektivite.
Menm etik sa a tou depase kad la nan chèche konprann mounn odinè yo ki mennen yon vi nan povrete ekstrèm, nan manyè invidividi yo oganize vi yo nan kolektivite a. Pou nou fini ak chapit sa a ki konsilye etik, pwezi ak, yon literati ki chita sou angajman abouti ak yon sèl eksperyans kise lanmou.
Lanmou an jwen yon ròl fondamental nan twa woman maj Jak Stefèn Alexis an. Jak stefèn Aleksi sèvi ak anpil alegori, anplifikasyon, konparezon e avèk anpil figi nan stil yo, li en menm tan moblize yon vokabilè ki sèvi ak lizaj chanson popilè yo e yon ansanm chanson ki gen sikonstans ladan yo. Nan strikti entèn roman yo chaje pèsonaj istorik et nasyonal, ak anpil pèsonaj mèveye nan profil yo gen anpil entrepidite ak eksplwa.
Tout gran lektè Jak Stefèn Alexis konnen avan prodiksyon èv maje sa yo ki make pa sèlman literati ayisyen, karibeyen, mondyal militan kominis ayisyen fèt nan lank, nan bibliyotek , nan yon fanmi kote souvan yo diskite diplomasi, syans politik, literati gen anpil travay Jak Stefèn Aleksi pwodui ki ineliktablemen nesesè pou nou restitye yon fason pou perenize teyori aleksyen an. Mwen dekouvri bibliografi sa a nan yon tèz doktora nan domen filozofi profese Shallum Pierre te soutni nan peyi Kanada nan inivesivèsite Laval
‘’ La lyre et l’épée : Témoignage sur des jets lucides (1945, du réalisme merveilleux des haïtiens (1956), lettres à mes amis peintres (1956 ) Ou va le roman ? (1957), l’inspecteur d’apparence 1958 et le florilège du romanesque haïtien (1959 ) p.7
Nan yon sousi pou defann lang kreyòl ayisyen an menm jan gen anpil efò k’ap fèt pou enkouraje prodiksyon syantifik , filozofik, ak literè nan lang kreyòl la. Se menm jan an mwen pwopoze nan travay rechèch m’ap fè sou Jak Stefèn Aleksis pou mwen kontribye nan yon amenajman politik lengwistik pou ede lang kreyòl la avanse.
Mwen pwopoze Ministè edikasyon nasyonal , ak akademi lang kreyòl pou finansye e mete sou pye yon laboratwa tradiksyon èv literè, filozofik , ak syantifik nan lang kreyol ayisyen pou rann aksesib konesans lòt peyi ap pwodwui yo nan menm dinamik sa a lang kreylòl la ap gen plis valè, e sa a nou k’ap konsidere li kòm politik amenajman lengwistik. Donk, pou nou fini ak chapit sa a n’ap mansyone ansanm zèv sa yo otè ap pibliye yo poko tradwui nan lang kreyòl ayisyen an
Konprann èv Jak Stefen Alexis pa yon entrepriz fasil, resepyon travay Aleksi konplèks nan milye invesitè frankofòn nan sa vle di plizyè kritik literè abode Jak Stefen Alexis nan pespektiv pa yo paske Otè a, ou byen militan politik lan gen yon rekonesans syantifik transfontralye, sa vle di gen posibilite pou abode Jak Stefèn Aleksi nan plizyè ang teyorik tankou semyologik, etik ak estetik, etnologik paske gen anpil travay syantifik kifèt sou Aleksi deja nan kouran teyorik sa yo . Pou nou mete aksan sou anpil inivesitè nan monn karibeyen an san nou pa voye jete inivesite frankofòn yo dirije yon miltiitid rechèch sou zèz ekriven an newològ, yonn nan pi gwo militan politik kominis ayisyen an.
Kidonk, kondwi yon nouvo rechèch sou Jak Stefen Aleksi gen anpil egzijans ak rigè . Nan kad spasyo-tanporel travay pam nan patikilyèman , mwen ap gade yon pati nan zèz literè otè a, apresa nan dezyem chapit la akoz de fòmasyon de baz mwen nan domèn syans politik e relasyon entenasyonal, mwen prale konsantre mwen plis sou yon aspè kle ki gen pou wè ak travay mwen an se kontribisyon Jak stefèn nan doktrin politik ayisyen an pou nou ajoute sou sa konba li te mennen kont plizyè rejim despotik nan istwa politik ayisyen an.
Militan politik ayisyen an te gen yon konviksyon maksis enkoutanab en menm tan li te entrazijan sou pozisyon politik li. San mwen pa trayi potansyèl erritaj Jak pote nan literati ayisyen an. Mwen koube’m byen ba pou’m onore Otè a pou engajman li ak prodiksyon literè li yo anvan mwen fokalize’m sou travay li kite pou bay jarèt nan doktrin politik ayisyen an .
Anpil krikit literè t’ap koupe fache avek tèks osinon gen reglemann kont avek mwen si’m pa ta mansyone yon nouvèl tankou Romancero aux etoiles ki entwodui tout yon teyori pou konstwi yon nouvèl ki se jan literè enpotan nan teyori literati melanje ak estetik avan mwen pote konpreyansyon pa’m sou kontribisyon ideyolojik Jak stefèn Aleksi nan volonte li pou refonde leta ayisyen nan kouran gochis lan, zèv li te ekri.
Pou’m konfime ipotèz sa a Jak Stefèn Aleksi se te yonn nan militan ki gen plis kouraj nan epòk li an paske nan fason Franswa Divalye te diktatè san rival la. Fòk yon militant te gen konviksyon pout te oze denonse li epi propoze yon lot modèl devlopman. Nou pral jwen tout denyè detay sa yo apre mwen finn prezante strikti entèn Romancero aux etoiles. Ki mòd operatwa nouvèl sa a menm ? E nan ki kontèks li te ekri li ? Jan mwen te promèt nou an jidisyezman de sa ki t’ap pase nan liv la sa a . Se yon ansanm kont otè ap rakonte nan de protagonis li kanpe ‘’ Le vieux vent de la caraïbe.
Premye kont lan se istwa Bouki ak Timalis , ki t’ap vi’v nan yon katye popilè se yon istwa nou te ka pap konpare ak trajedi Louk-le lièvre) se yon istwa ki dewoule nan lwès afrik la se konsa Otè a te transpoze sou plan lit sosyal en Ayiti.
Dezyèm kont lan sanble gen plis katasis « Dit d’année aux long cils » Se tout yon evokasyon yon ti pèp mizerab nan karayib la nan yon sans majik ki te konn peche zwuit ak lalin se pitit fi yon anemòn nan lanmè ak yon mowèt ki gen chaj ak yon deskripsyon sireyalis nan twazyèm kont lan Jak Stefèn Aleksi kontinye nan menm linye kont afriken yo. Li rakonte istwa yon fanm mari li t’ap maltrete li , yon lòt fwa ankò Aleksi kontinye projete lide pou bati yon sosyete kote mounn dwe viv san vyolans .
Nan katriyèm nan se yon kronik ki bati sou fo lanmou ki chita sou yon ton meditatif ki opoze mistisism katolik lan ak yon yon tantasyon pou ramase richès nasyon ak yon librisite san pran souf. Jak Stefèn Alekis nan nouvèl sa propoze yon sosye sekilarize. Li poze tèt li kesyon koman Legliz katolik ap plede penpennen sou tè vodou a. Apresa twa lòt pati nan nouvèl sa a « Dit de la fleur d’Or » « Le sous- Lieutenant enchante » Romance d’un petit viseur » « Le roi des songes » se yon seryalite (yon seri) kont k’ap chante bote peyi an , mizè li, sou-devlopman li, traka li, epi koripsyon k’ap gangrenen sou premye repiblik nwa a .
Dènye chapit pou mwen mete fin jan mwen te anonse li nan preyanbil lan kosène kontribisyon ideyolojik ak politik Jak Stefèn Aleksi pote nan istwa soyosolojik, politik peyi Ayiti a. Se yonn nan militan politik kandida pat entèrese li. Li te distenge li de tout politisyen avaris ki bezwen entegre administrasyon piblik lan pou anrichi tèt yo. Pou nou antre nan nan diskisyon sa a se militan politik lan sou rejim despotik divalyeris lan ta pral pozisyone li en menmtan tante pwopoze yon lòt rejim politik potansyelman kominis.
Jak Stefèn Aleksi se avan tout bagay yon militant, yonn nan fondatè yon oganizasyon maksis klandestin ( Pati entant Popilè ) malgre tout menas ki te poze sou do li apre diktatè Fraswa Divalye te finn monte sou pouvwa a . Li te refize egzil e deside rete nan kad stratejik pati an kom mounn k’ap mennen konba pou yon revolisyon kominis an Ayiti.
Pou ou gen agiman kanpe yon analiz sou panse politik Jak stefèn Alexis , Ou dwe refere ou ak kat zèz majè mwen ekspoze piwo epi ekspoze tèm teyorik ak tout problèm estekik , revolisyosnè et pratik en menm tan sou mouvan kominisn nan peyi Ayiti nan lane 1959 « Manifeste du Partie d’entente Populaire, et Programme de nouvelle indépendance, Le marxisme _ seule guide de la révolution haïtienne » dokiman ofisyèl militan politik lan
ekriven an egzije tout dokiman ofisyèl sa yo pou analize, aprann de stratji politik otè kite envòg nan moman.
Nan zèz sa yo. Jak Stefèn Aleksi avanse prèv pou entame yon filozofi ki konjige ak transfòmasyon premye Repiblik nwa san nou pa voye jete oubyen pase pye plizye tèks ki chita sou entèvansyon ki te redije spesyalman nan kongrè kilitirèl ak politik yo tankou jan zèv literè li yo nan woman li yo tankou nan esè sa yo nou site pi devan an.
Ebyen nan ekri sa yo Jak Stefèn aleksi te konsakre li pou li mete sou tab konsepsyon jeneral li de yon nou nouvo kote tout mounn te ka vi’v byen e patikilyèman kontradiksyon li pote nan koupe fache ak rejim Divalye a ki p’ap pote chay popilasyon an nan etabli politik piblik li, pespektiv li te pote yo se ( transfòmasyon revolisyonè sosyete ayisyen an) Jak Stefèn Aleksi te elabore preyokipasyon ak projè politik yo nan yon kontèks doub. Se yon lit nasyonal e entènasyonal san pran souf. Premye peryòd ki akouche lit li yo nan istwa ide politik ayisyen gen pou ou wè ak lit politik, nan epòk sa a ekri politik li te pibliye klandestineman nan pati entant popilè a.
Taberneau Louis-Jeune
