Yon pwogram k ap dire twa jou Kote se sèlman sou bon nouvèl y ap pale!

Nan yon monn kote rezo sosyal, televizyon ak radyo pa sispann simaye move nouvèl, gen yon evènman ou ka asiste k ap dire twa jou e k ap pote bon nouvèl pou tout moun!

Ane 2024 sa a, Temwen Jewova yo ap òganize yon kongrè ki gen tèm: "Anonse bon nouvèl la!"  k ap kòmanse apati 21 jen. Rasanbleman gratis sa a ap gen plis pase 40 000 moun nan tout peyi a k ap vin ap asiste l.

Men sa Fred Aimé, pòtpawòl nasyonal Temwen Jewova yo, fè konnen: "Kongrè sa yo se youn nan evènman nan ane a plizyè milye moun ap tann. Moman sa yo pote yon bagay pozitif nan lavi yo, e nou kontan gen posiblite yon lòt fwa ankò pou n pwofite pwogram kongrè sa a."

Nan kongrè rejyonal "Anonse bon nouvèl la!" n ap jwenn videyo ki baze sou Bib la, diskou ak entèvyou sou sijè tankou ...

  • Laverite konsènan Jezi.
  • Pwofesi konsènan Mesi a.
  • Poukisa nou pa pè move nouvèl?
  • Ann kontinye “soumèt devan bon nouvèl” la

Nan samdi, ap gen moun ki soti plizyè kote nan zòn nan k ap vin batize. Vandredi ak samdi, anpil moun pral kontan suiv yon fim ki gen de pati. Anvan chak kongrè, kongregasyon nan zòn yo pral patisipe nan yon kanpay pou envite moun yo nan kominote a vin asiste evènman sa a ki gratis.

Ane pase, te gen plis pase 6 000 kongrè ki te dire twa jou nan lemonnantye e te gen prèske 13 milyon moun ki te asiste kongrè sa yo.

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou kongrè sa a ki gratis nan zòn ki pi pre w la, tanpri ale sou jw.org > Enfòmasyon sou nou > kongrè

Tout moun envite. Sesyon yo ap kòmanse a 9:20 nan maten e y ap fini a 4:50 nan aprèmidi (vandredi ak samdi) epi a 3:30 nan aprèmidi nan jou dimanch lan. Chak jou, apati midi ap gen yon poz pou anviwon inèdtan.

N ap tann nou tout nan kongrè nou chwazi a kote se bon nouvèl sèlman n ap tande!

Lesly Gaussaint

Biwo Relasyon Piblik

Syèj nasyonal Temwen Jewova yo

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

1 COMMENTAIRES