Sektè peyizan an anba gwo kè sote, gwo enkyetid

0
76

21 Jen 2024

De: PLatfòm Peyizan 4Je Kontre.

Pou: Konsèy Prezidansyèl Transizyon an ak Premye Minis Gary CONILLE.

Objè: Lèt tou louvri pou nou di :sektè peyizan an anba gwo kè sote, gwo enkyetid

Nou salye nou ak anpil respè kòm nouvo otorite nan tèt peyi d Ayiti nan plas gouvènman Doktè Ariel Henry a.

 

1 – Sa  4 Je Kontre a ye ?

Se yon Platfòm òganizasyon peyizan ki pran nesans 14 Desanm 2007 nan Jakmèl. Li fòme ak 4 òganizasyon: Tèt Kole ti Peyizan Ayisyen (TK), Mouvman Peyizan Nasyonal Kongrè Papay (MPNKP), Kòdinasyon Rejyonal Oganizasyon Sidès (KROS), Mouvman Peyizan Papay (MPP). Desizyon deja pran pou aksepte lòt òganizasyon nan 4Je paske sans lan se : 4 Je kontre manti kaba.

 

2 – Brèf prezantasyon òganizasyon yo.

·  MPP pran nesans an  Mas 1973 nan Papay, Komin Ench, Depatman Sant. Li sot selebre 50yèm anivèsè l an 2023 a.

· TK pran nesans 6 Sektanm 1986. Li  se yon mouvman nasyonal prezan nan 10 depatman jeyografik peyi a. Li gen 38 ane.

·  MPNKP pran nesans an Mas 1991. Li se yon mouvman nasyonal prezan nan 10 depatman jeyografik yo. Li gen 33 ane.

·  KROS pran nesans 26 Sektanm 1996. Li Prezan nan tout komin nan depatman Sidès. Li gen 28 ane.

Nou gen 17 ane ap travay sou teren an. Nou sou teren an lontan. Nou dòmi ak Jan, nou konn wonfle Jan, nou se Jan. Nou angaje nan defans enterè peyizan yo, mas popilè yo ak defans enterè nasyonal yo.

3 - Ki objektif fondamantal 4Je Kontre ?

 

Nap defann fondamantalman :

· Agrikilti Peyizan agwoekolojik ou Agwoekoloji Peyizan. Nap pwonnen l kòm modèl agrikilti ki kapab rezoud pwoblèm grangou sou planèt la, refwadi planèt la anba dife rechòfman klimatik la ki mete LAVI sou tout fòm an peril. Nou nan pledwaye pou yon agrikilti familyal, peyizan, agwoekolojik nan peyi d Ayiti.

· Pwoteksyon ak refeksyon anviwònman an : Konsèvasyon sòl ak dlo, rebwazman ak reforestasyon, jesyon entegral dlo, jesyon dechè òganik ak plastik.

· Dwa peyizan yo sou tè agrikòl yo pou yo pwodwi manje natif natal pou nouri popilasyon an, vann manje ki sen sou mache entènasyonal la.

· Souvrennte alimantè, refwadisman planèt la.

 

4 – Pouki sa 4Je gen anpil enkyetid ?

4.1 – Agrikilti peyi a tonbe an degraba nèt anba rejim PHTK a. Nou pa konnen moun ki nome Minis Agrikilti a nan sektè a. Pèsòn pa pale ak nou. Sa ki pi rèd, nou tande moun nan sektè a ki pran pozisyon kare bare kont li. Sa fè nou sezi, sa ban nou enkyetid paske peyizan yo reprezante 50% popilasyon aktiv nan yon peyi ki te granmoun nan zafè manje l jis nan ane 70 yo ki tounen restavèk. Nou tap tann gouvènman tranzisyon an chita ak nou sou chwa Minis agrikilti a paske sitiyasyon peyizan yo gravman grav. Pa gen kredi, asistans teknik, enfrastrikti agrikòl, dlo pou wouze tè, entran agrikòl. Sa ki pi rèd, jèfò pèsonèl peyizan yo, jèfò òganizasyon yo pou pwodwi kraze. Tout antrepriz ekonomi sosyal ak solidè peyizan te mete kanpe nan pwodiksyon ak transfòmasyon pwodiksyon yo kraze paske yo pa kapab ale vann pwodwi yo nan mache. Anpil peyizan blije kouri kite kay yo ak jaden yo.

Pwodiksyon agrikòl nasyonal la reprezante jodya mwens pase 18% nan PIB peyi a. Se yon katastwòf. Nou pwodwi mwens ke 100 tòn diri nan peyi a, nou enpòte 520 mil tòn metrik diri pwazonnen. Jodya, nou pwodwi apèn 30% nan manje nap manje. Chif ofisyèl bay 5 milyon moun ki anba gwo grangou, obsèvasyon pa nou bay omwens 8 milyon. Grangou ap touye peyizan.

 

4.2 – Anviwònman peyi a, yon dezas, yon veritab katastwòf ki mete ekzistans li an danje.

Ekzistans peyi a menase paske anviwònman kraze nèt. Konsèvasyon sòl ak dlo, rebwazman, reforestasyon se yon ijans nasyonal. Peyizan yo gen yon wòl endispansab pou jwe nan ijans sa. Nou pa te janm tande non moun ki Minis anviwònman an nan sektè peyizan an ou nan lòt sektè sou teren an. Gen òganizasyon kap travay nan anviwònman ki rele anmwe kont nominasyon minis la.  Sa enkyete nou, sa fè nou pè paske forè orijinal yo pase de 95% apre endepandans peyi a mwens pase 1% jodya. Menm peyizan pa jwenn bwa pou fè manje. Ewozyon fin pote tout sòl yo ale. Sous dlo yo fin teri. Lè se pa sechrès, se inondasyon.  Sa se san touche lòt aspè nan anviwònman an. Gouvènman an dwe deklare ETA IJANS ANVIWONMANTAL.

 

5 – Nou te gen espwa nan tranzisyon an. Eske nou dwe  pèdi espwa ??

Nou tap reziste, nou tap mobilize pou ekzije depa Ariel pou yon tranzisyon koupe fache ak rejim kriminèl PHTK a pran plas. Nou tap tann yon gouvènman fòme ak teknokrat ki gen eksperyans, ki pa mare ak rejim ki kraze peyi a, ki konekte ak reyalite peyi a, ki konekte ak sektè yo kap aji sou teren an. Nou tap tann yon gouvènman non patizan. Jan gouvènman an monte a sanble  yon pataj gato ki bay kè sote.  Ta sanble nou an prezans yon PHTK 4.0. Se sa anpil nominasyon yo montre. Pran responsablite nou rektifiye sa ki merite rektifye paske yon katriyèm vèsyon PHTK ap antere peyi a. Pèp la pap kapab sipòte sa.

Jan gouvènman an monte a pwovoke anpil pale anpil. Yo pale de enterè endividyèl, familyal ou ti klan  ki sanble ap regle. Sa ta montre se pa pwoblèm peyi a ki ta gen priyorite. Nou konprann se 2 biwokrat san koneksyon ak reyalite teren an ki nan tèt ministè ki pi konsènen nou yo : Agrikilti ak anviwònman. Eske yo kapab chase move pèsepsyon ki genyen sou yo? Nap swiv aktivman. Nap rete veyatif.

Nou konnen Jan Konsèy Prezidansyèl la monte a te bay anpil kè sote. Men akò 3 Avril la te bay espwa. Si akò sa respekte, peyi a kapab pran wout soti nan katchouboumbe PHTK plonje l sitou nan 3 dènye lannen yo. Piblikasyon akò sa nan ‘’Le Moniteur’’ te dwe premyè aksyon KPT a. Pouki sa li pa pibliye jiskonnya ?

Apre tout move pataswèl, mas peyizan yo pran, nou refize kwaze bra, nou refize reziye nou aksepte yon tranzisyon ki pa pote okenn chanjman pou peyizan yo, pou peyi a. Nou pa swete leve kanpe kont KPT a, ni kont PM lan. Nou swete, nou vle yo kondwi tranzisyon an pou li mete peyi a sou  wout chanjman. Nan sitiyasyon katastwofik peyizan yo ap viv jodya, nou pap kapab tann lontan pou sonnen lanbi mobilizasyon an paske peyizan yo bouke, mas popilè yo bouke.

 

5 – Kèk lide ou sijesyon 4Je vle bay.

Nou pa kwè nou gen dwa pou nou ta bay ni KPT, ni PM lan leson ni konsèy sitou nou se moun andeyò, se peyizan nou ye. Nou oze bay kèk lide nou kwè ki kap itil KPT a ak PM lan pou siksè tranzisyon an majorite Ayisyen  ekzije paske nou se sitwayen peyi sa epi okenn chanjman pa posib san patisipasyon pa nou :

 

a) Pibliye akò 3 Avril la jan li te siyen an kòm zouti legal kap kreye konfyans nan popilasyon an. Se akò sa ki  dwe poto mitan, bousòl  tranzisyon an.

b) Mete kanpe pi rapidman posib tout ògan ki prevwa nan akò a. Ogan kontwòl la te dwe deja an plas paske li dwe sèvi je popilasyon an.

c) Kenbe pawòl PM lan te di nan yon diskou l : Jijman sou REZILTA. Yon Minis ou nenpòt fonksyonè ki pa bay rezilta dwe ale. Nan ranplasman l, fè maksimòm konsiltasyon posib paske twò prese pa fè jou louvri epi yon sèl je pa wè nan twou bwa.

d) Pran tout mezi nesesè pou relanse pwodiksyon manje natif natal nan peyi a ak òganizasyon peyizan yo ki gen yon wòl endispansab pou jwe. Pwodiksyon manje SEN dwe yon ijans nasyonal. Sa fè pati aksyon pou rekipere souvrènte nasyonal peyi a.

e) Mete kanpe yon pwogram nasyonal konsèvasyon sòl ak rebwazman. Nou dwe pwodwi, plante 50 milyon pye bwa fwitye ak forestye chak ane nan sistèm pou yo pa mouri. Oganizasyon peyizan yo deja mobilize pou sa. Sa dwe yon ijans nasyonal.

f)  Mete retou plis pase 600 000 deplase yo lakay yo  kòtakòt ak  priyorite nimewo 1 an ki se SEKIRITE.

 

Pou 4Je Kontre :

· Origène Louis, Tel : 33 25 09 10

· Questamène Cenor, Tel : 33 53. 91 84

· Pitchon Espady, Tel : 37756913

·  Chavannes Jean-Baptiste , Tel : 37 02 84 33/33 63 41 34

· Rosemène Valdema, Tel : 43 27 10 77

·  Mulaire Michel, Tel : 31 60 8345

·  Rosnel Jean-Baptiste, Tel : 32 64 57 19

· Juslène Tyresias, Tel :32 91 89 05

· Viljen Louis, Tel :33 93 31 31

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES